Grann Ibolele

 GRANN IBO LELE Ou ODOUDOUA

li pa bezwen Legba ba l pasaj pou l desann.

Li se gadyèn tout tradisyon, gadyèn tout koutim, gadyèn tout kilti, manman tout moun 4 Lwa ki responsab pou ouvri pòt nan 4 eleman yo

- Eleman lè nan lès se Gede Nibo

- Eleman dlo nan lwès se Mètrès Èzili 

- Eleman tè nan nò se Grann Zili

- Eleman dife nan sid se Ogou Balendjo 

Administrasyon Lwayik

Gouvènman lwayik k ap dirije pa Danmballa Wèdo ak Ayida Wèdo

Premye pitit Danmballa Wèdo ak Ayida Wèdo

Se Ounsa – Wa Wongòl, la sagesse universelle, nuit de l’existence, Chèf politik,

se li ki bay Rwa pouvwa ;

- Dezyèm nan se Agowou Tonè ou Jupiter, li prezide loraj, tanpèt,

ouragan, 100 tèt, ale kote l vle, pran fò li vle ; lajounen li se Agawou Tonè

aswè li se Mètrès Agawou ;

- Twazyèm nan se Ogou Batallah ou Obatallah papa ak gran papa tout

Ogou yo kote maskilen Obatallah, kote feminen Mètrès Obatallah ;

- Katriyèm nan se Oudoudoua ki se Grann IBO LELE manman tout moun,

gadyèn tout tradisyon ;

- Senkyèm nan se Oumgan Ayizan Velekete la grande purificatrice, Erzuli

Venus, Madan Legba;

- Sizyèm nan se Atibon Legba ou Oumgan Ikan Legba;

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka