Giyon
✅Sa tout Moun dwe konnen sou Zafè "Giyon":
Pa fè sèks avèk tout moun paske espirityèlman & mistikman sa gen gwo konsekans sou lavi'w .Fè bagay dous se vre men li chaje danje ladan'l .
Fè lanmou se souvan yon bagay ki chaje avèk pasyon & plen santiman.
Fè bagay se you'n nan pòt de transmisyon kote'w pataje anpil bagay avèk Moun wap fè sèks la esperityèlman.
Pandan sèks la nou fè echanj flwid , sekresyon epi echanj semans.
Chak Moun nan transmèt a lòt semans yo , yon pati nan enèji kòporèl yo sou fòm likid oubyen espirityèl. Pa bliye "être humain" an jeneral konpoze de 3 pati :
-Le corps
-L'âme
-L'esprit
L'âme est dans le sang , lyen familyal yo , lyen Héréditaires yo , alliance yo lye tou avèk san'w nan moman'w ap fè sèks la ou transfere tout bagay sa yo you'n ak lòt, pa bliye gen bon ak movèz espri lè nou you'n anndan lòt nou fòme yon sèl chè.
Nap raple'w :
La vie ,
La mort ,
La santé ,
La maladie,
Le succès,
L'échec ,
La bénédiction,
Le bonheur,
La malédiction
Tout bagay sa yo lye avèk san'w , tank benediksyon'w kontajye se menm jan pou malediksyon an, donk ou vin pa konn kote movèz espri yo ap sòti. Men tout sa'w kapab pèdi nan fè sèks avèk yon Moun, Moun nan kapab pran nan ou tout sak bon yo epi'l ba'w tout sak pa bon yo par egzanp li ka vòlè:
-Ta couronne
-Voler ton trône
-Prendre ta grâce
-Prendre tout ce que tu possèdes comme onde positive
-Changer ton étoile
-Voler tes projets
-Sucer ta grâce
E li ka menm arive tuye'w fasilman paske nou kouche ansanm deja .
Plizyè Moun echwe e giyonnen aprè yon rapò seksyèl ki dire 2 a 3 minit , gache avni yo paske yo pèdi tout ond pozitiv yo te genyen , chak moun gon'w anj-Gadyen ki la kap pwoteje'w kèlkeswa relijyon'w e gen Moun ki pran plezi nan pran anj-Gadyen Moun , li vire tèt ou . Menm revelasyon ou fè se pa tout Moun ou eksplikasyon rèv ou yo kapab vire tèt ou , fè'w pa janm sonje on grenn rèv ou fè , gen Moun depi'l dòmi li di'w pa sòti se koute'l paske'l gentan wè malè pral rive'w se akoz de anj-Gadyen li ki avèti'l sak pral Pase.
Pafwa gen Moun wap wè'w fin kouche avè'l ou tonbe nan fè move rèv ou pa janm alèz nan rèv yo ou toujou an difikilte ebyen se giyonnen'w giyonnen, tout pwojè'w bloke , anyen'w paka mache, tout nèg toujou sou gaspiye'w , ba'w bèl Pawòl anyen pa janm mache , tout vire do yo ale se pa chans ou pa gen nan lanmou se giyonnen'w giyonnen nan bon kreyòl la Moun nan lage pichon sou ou .
Nèg la kòmanse ba'w bèl espwa depi'l fin kouche'w tout bagay fini, pafwa se pa fòt nèg se Giyon an ki sou'ou ki chase'l, wap mache di'w devèn.
Ou ka giyonnen'w pa konnen si'w giyonnen , chans ou vin ba . Moun nan ka transmèt Giyon an de yon Moun a yon lòt sispann kouche avèk tout moun ki vin sou wout ou.
Giyon se movèz enèji ke w pran nan frekantasyon , movèz enèji ke lòt Moun pataje avè w sitou nan fè sèks , gen Moun ki fin fè sèks avè w se gade w gade w wè se bak wap fè anyen pa janm mache pou ou , Moun jis pran enèji pozitiv ki sou ou a li ba w enèji negativ yo , fluid ke nou pataje , swè nou , menm zòrye w ou pa sipoze bay Moun kouche sou li . Moun ki konn reve yap fè sèks nan dòmi , Moun ki konn reve yap fè bagay avèk Moun ki mouri deja , Moun ki fè avòtman ki pa chante mès pou nanm yo detwi a , yon Moun ki mouri nan fanmiy ou ka lage Giyon sou ou se lè sa yo pale w de Giyon mò a , yon Moun lwa chwazi ki pa deside sèvi lwa a lwa ka lage Giyon sou ou , jenn fanm kap kouche avèk mouche marye, jenn gason kap kouche avèk madanm Marye , Jenn fanm kap kouche avèk fanm parèy yo , gason kap kouche ak gason parèy yo, dimansyon espirityèl yo pa piti, Moun kap mete rad avèk Moun...etc
PS: Avan w chwazi pran yon beny Giyon/Beny chans li enpòtan pou w konnen sous blokaj ou , nap vini avèk kèk detay sou Zafè beny Giyon , beny chans ...
Pa Okipe pyès Moun kap di w lap retire giyon sou ou kap di w fòk ou koupe avèl, pa Okipe pyès Moun ki di'w lap ba'w beny chans fòk li fè bagay avè w sa pa egziste , pa gen anyen ki fèt nan Mistik par konyen ... Fake .
Comentarios
Publicar un comentario