Fèy

 ATANSYON FANMI LA YO: SE PA TOUT FÈY🌿 NAN BWA OU KA MELANJE AK KLEREN (TAFYA) . PASKE NAN KOZE FÈY🌿: GEN FÈY🌿KI TOKSIK. GEN FÈY🌿KI AWOMATIK. GEN FÈY KI AKWATIK, GEN FÈY🌿KI KOWOSIV E GEN FÈY KI NAKOTIK. CHAK FÈY 🌿SA YO GEN YON REGLEMAN (DOZAJ)  KI PWÒP AK YO .

GEN FÈY🌿SE AK DIVEN WOUJ OU DIVEN BLAN OU MELANJE YO. 

GEN FÈY🌿SE RAFRECHI NOU FÈ AK YO

GEN FÈY🌿SE TIZANN YO KA FÈ SÈLMAN

GEN FÈY🌿 SE SOU FÒM TE☕OU PRAN LI PANDAN YON DIRE (PERYOD) 

GEN FÈY🌿SE BENYEN OU BENYEN AVÈK LI.. 

GEN FÈY🌿SE ANSAN OU FÈ AK LI POU ANSANSE. 

GEN FÈY🌿SE TOU KRI POU MANJE'L

GEN FÈY🌿SE ENFIZYON OU FÈ AK LI

GEN PLANT🌱NAN BWA🌳SE KÒS LA OU PRAN OUBYEN LYANN NAN.

GEN FÈY🌿SE JI🍹POU FÈ AK LI

GEN FÈY🍀SE FIMEN POU FIMEN'L

GEN FÈY🌿SE SOU OU POU POTEL, OUBYEN METE'L ANNDAN KAY OU. 

GEN FÈY🌿SE BOUYI POU BOUYI'L EPI OU JIS PRAN SANT👃LI (ASMÈJE) 

GEN FÈY🌿SE LAKAY OU, KE OU LAVE AVÈK LI SÈLMAN. 

GEN FÈY 🌿SE POUD OU FÈ AK LI. SWA POU BYEN AK MAL. 


☘️☘️☘️☘️☘️☘️☘️☘️☘️

GEN FÈY🌿SE AK DLO💦LAPLI OU DLO SOUS POU BWE LI. 

GEN FÈY🌿NAN SOUP OUBYEN NAN. LEGIM🥗POU PRAN'L

GEN FÈY🌿SE AK SIWO🍯MYÈL OU SIWO KANN OU PRAN L

FÈY🌿NAN BWA KA SOVE LAVI, KONSA LI KA DETWI LAVI TOU, ATANSYON AK FÈY🌿YO.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka