Fèy romaren

 FÈY🌿ROMAREN OUBYEN ROSMARI* 


Ansanm Kalite Benefis Ki Gen nan *FÈY 🌿ROMAREN.*

Li Bon Pou Memwa ak konsantrasyon, Li Ede Ranfòse

Sipò sistèm iminitè a.

Li Bon Pou Dijesyon.

Li Bon Pou Gripe

Li Bon Pou Tèt Fè Mal

Adousi iritasyon Po yo

LI Bon Pou Gròj Fè Mal. 


*FÈY🌿ROMAREN:* Bon pou moun Ki Gen Men Lave, Ou Ka Lave Men w avèk Li, Oubyen Mete l nan zòrèy wap Dòmi An, Li Ka Fè w Fè Bon Rèv Bòlèt 


*FÈY🌿ROSMARI:* Ou Ka Fè Beny Avèk Li Tou Pou Beny Chans. Ou ka Boule kòm Ansan Nan Kay. Li Gen Bon Sant, Li Atire Vibrasyon Pozitf. 


BONIS🌿: Ou Ka Sèvi Avèk Li Nan Manje Kòm Epis, Li Se Yon Bon AWOMAT Ki Bay Vyann Bon Gou. Ou Ka Mete l Nan Sòs Pwa Oubyen Sòs Vyann Tou. Li Vrèman Bon Nan Manje. Al Eseye l Aprè W a Ban m Nouvèl.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka