Fèy Dèyè do

 Se pa yon raje. Sa se yon plant mirak. Anpil nan nou te deja jwenn non li nan kòmantè nou te poste yo. Gwo tonton plant sa rele "Dèyè do", non syantifik li "Phyllanthus niruri L." Ti grenn yo pouse dèyè do l, se la l jwenn non an.Sa ap ede w distenge l ak moringa (doliv) ou flanbwayan ki fè gwo pyebwa.

  

Se yon gwo zouti nan konba remèd fèy antikowona a. Gen twòp bagay pou di.


An n vwayaje sou plant lan: Lè w manje sa, li bese nivo move kolestewòl ak lipid san nou, kont pyè nan ren plant sa ka fè mèvèy. Nou ka fè manje ak li tankou jan nou konn itilize lyann panye ak doliv (monringa) nan manje, nan diri, mayi kole, soup, elatriye, kont maladi sik oubyen kont pyè nan ren. Li pwoteje fwa a ak vant lan; plant mèvèy sa, san afekte bakteri ki itil sistèm dijestif la, li reyisi li bloke kwasans elikobaktè pilori (bakteri ki jouke nan vant nou pafwa epi ki lakoz ilsè) / antikansè - antifonjik - antiviral - antibakteryen, elatriye. Fransè yo itilize l pou fasilite eliminasyon likid atravè ren yo. Yo klase l pami espesyalite famasetik Pilosuryl. 


Men sou ki non n ka jwenn li: 


Si w USA chache l sou non sa yo:

Gale of the wind, stonebreaker or seed-under-leaf 


Peyi panyòl:

Chanca piedra 


Brezil:

Quebra-pedra 


Bouyi fèy la fè beny, pran anpe pou bwè kòm te pou kwape lafyèv ak malarya. Ou ka pile 3 ponyen mete l nan mitan tèt ou, mare l ak yon konprès. Epi gòl. Plant sa gen twòp mirak li ka fè.

Men kèk lòt bagay nou ka itilize plant sa: 


Plant ak fèy la fè 1 tas te, 3 fwa pa semèn X 2 semèn. 

Detoksike kò a, branch lan ak tout fèy bouyi pou konbat opresyon ak dyabèt. Pile rasin nan mete nan lèt bay fanm nouris ki pa bay ase lèt. Li fè mirak nan trete lafèv ale vini - larat - fè w pipi - vant fè mal, pwoblèm gaz - balonnen (bouyi tou plant lan nèt pou sa). Li sere ak manyetize tisi yo djougan djougan. Ou ka pile plant lan epi pran ji a kòm tonik pou manbre fonksyon ògan yo. Pile dèyè do a epi pran ji plant lan tanponnen arebò kont anflamasyon nan je; rasin nan konbat jonis ak elimine tout parazit ki nan sou/nan po w.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka