Fèy asosi

 Enpòtans asosi 


Asosi se yon plant ki depi lontan yo  itilize l nan fabrikasyon medikaman tradisyonèl pou trete yon varyete de maladi, ki gen ladan pwoblèm cheve, pwoblèm po, enfeksyon.  


Malgre ke pa gen ase rechèch syantifik ki konfime benefis ki genyen nan fèy sa, fèy asosi toujou rete kòm youn nan medikaman ki trè koni atravè mond lan,  men kèk nan benefis potansyèl fèy asosi genyen  pou rezoud pwoblèm cheve k ap kase kap nan cheve, po tèt irite, po tèt sèk, bouton ak maleng nan tèt. 


1.  kwasans cheve: asosi gen vitamin esansyèl ak mineral ki ka ede nouri folikilè cheve w, kidonk ankouraje kwasans cheve yo pou pouse byen pi rapid. 


2. Ranfòse cheve: Pwopriyete nourisan asosi genyen ka ede ranfòse cheve w, sa ki ka fè genyen mwens tandans fè ripti, genyen cheve ki konn fann nan pwent tretman asosi an kapab ranfose epi solidifye pwent cheve w. 


3. Diminye pelikil: pwopriyete antifonjik ak anti-bakteri ki nan asosi an ka ede diminye pelikil nan cheve a,  genyen moun ki souvan ap grate tèt yo, depi yo swe, oubyen lè yo mache nan solèy cho twòp, fèy asosi a bay solisyon ak maladi po tèt grate a . 


4. ralanti pèt cheve: fèy asosi gen antioksidan ak eleman nitritif ki ka ede pwoteje rasin cheve w fè yo fòtifyan, li genyen kapasite ki ka ralanti pèt cheve. 


Sepandan, li enpòtan pou nou sonje ke rezilta yo ka varye de moun a moun epi li toujou pi bon pou konsilte yon pwofesyonèl, se pou tèt sa Mellow Dee's Super Growth oils la pou ba w bonjan tretman ak asistans pou w kapab genyen bèl cheve pwòp epi an sante!

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka