Èzili Freda

 Jodi sa se dimanche 


Mètrès èzili freda dawonmen bèl fanm souple wete mizo a nan bouch mw poum sa pale pawòl la.

   ..nou tande frem ak sèm e se yn bon sekrè ke Map livre nou. 


Map pale pou trè kout spesyalman pou moun ki konnen sa vodou reprezante pou yo vodouyizan vodou vi yo Moun ki kon enpòtans bitasyon yo ki gen lwa yo.




Ou menm ki te gen yn espri ki te kon chivokew nan dòmi kou zye klè ou rete konsa ou pa janm wè espri sa parèt sou ou .

Malgré tout liminasyon ou fè pa janm gen répons

    

                           Rete la 

depi ou konsa espri a déjà ekate nou depi espri a kanpe lwen gen yn feblès bagay sa trè fragil e sa reprezante yn gwo dange sou lavi nou 


       Tou konnen byen bagay sa 


Espri nou yo kèk fwa gen fason nou aji nan lavi fas ak yn lòt an ka de mal depi ou kite lwa kont nou ebyen nou poukont nou nan konba lavi a. 


Lwa paka fin pale ak ou poul diw yn koze apre pou bliyel li pa bon pou ou.

Souke kò nou atè pyeje tande chaje trou ak pikan sou rout la

      


Liminasyon jou jedi sou dimansyon èzili

                   Freda dawonmen. 


                


Sou koze liminasyon an fas a èzili freda dawomen an 


        Jou jedi sa kapab edew jwen bon jan koneksyon ak lwa ginen nou yo ke nou eritye sou 3 bitasyon yo 


       Bò manman bò papa e bitasyon nesans yo. 


             Li bon nan jou sa pou se asyèt ou bòl blan oubyen  kwi  pou nou itilize pou nou fè liminasyon 7 mèch nou .


mwa avril la ki se mwa enègi lwa èzili freda dawonmen an 


Èzili freda dawonmen bèl fanm bèl enègi fanm  Ki atire prosperite kom lajan answit li garanti lanmou. 


Wi mw konnen depi gen mwayen lajan kèk kote nou ye nou pap soufri pou lanmou. 


Ebyen 2 mwa sa yo se 2 mwa pou nou konsantre nou pou nou règle zafè nou mistikman ki pral ba nou yn rezilta sou vi ekonomik nou.

  

Lwa èzili a

Sou rit dimansyon freda rada dawonmen an bèl fanm nan  fanm santi bon an fanm ki sansib pou tout moun ki rekonesan avèk li an. 


                    Konnen sa byen 


Mètrès èzili freda sa se yn gran fanm ki posede tout sal bezwen se pou tèt sa li posede yn palè yn bèl wayòm an (or) 

Sou kesyon richès ak lanmou prospérité bèlte fanm sa  sèl ki posede tout bèl bagay yo. 


Mw vlew kopye mannyè sa pou liminen ak li songe lwa nou yo pa  janm chomé men lèw kapte li nan jou sa ki se jedi a ki gen pou wè ak planèt jipitè a ebyen ekonomikman palan répons demand sa deja positif nan jou sa. 


             Mw vle tout moun konnen sa 


Lèw mache sou presip ak bon jan regleman fas ak èzili freda dawomen an 

Ou sipoze bèl fizikman e ekonomikman

E tout bagay dwe pran  yn direksyon nan chemen ki gen limyè .

Depi rout wap mache a gen limyè ki klere sou li ebyen menmsi ta gen roch ak pikan ki nan rout sa limyè a ap pèmèt ou wè kote wap mete pye ou. 


Liminen san rete fas ak Dye lwa nou yo nwit e jou ak sa   plant nou va ba nou bon rekòt menm nan sezon chesrès . 


Liminasyon jou jedi sou dimansyon èzili

                   Freda dawonmen. 


Sou koze liminasyon an fas a èzili freda dawomen an 


        Jou jedi sa kapab edew jwen bon jan koneksyon ak lwa ginen nou yo ke nou eritye sou 3 bitasyon yo 


       Bò manman bò papa e bitasyon nesans yo. 


             Li bon nan jou sa pou se asyèt ou bòl blan oubyen  kwi  pou nou itilize pou nou fè liminasyon 7 mèch nou . 


                    Jou jedi

Sonje koze planèt jipitè a ki sa li pote 

Abondans riches épi lanmou proteksyon

Anpil nan nou souvan ap chache bagay konsa. 


               Sonje nou pral aji fas a eskot rada yo eskot sa yo dou yn blan yo san tach .

Ebyen ou menm ou sipoze propte kò ou ak kè ou dabò e mete ou an blan e menm propte tout milye nou pral liminen an.


              Konnen sa rèn rada se mètres èzili freda

Nou dwe kopòte nou an karakteristik rèn nan. 


         Pou metew prop yn senp pirifikasyon fas solèy la se bon 

        Nou sonje pou nou prezante sa nap fè a fas ak nouvo laline ki déjà la. 


                        Sou koze liminasyon yo 


Toujou chache byen metrize 4 fòs ki nan nati yo.

La aaa li enpòtan pou nou sansibilize papa legba 


  Eske nou wè ki gwosè lwa  sa ye svp ?

Wi papa legba se gwo lwa tout bon vre 


Ebyen papa legba se gwo lwa li ka konekte nou sou dimansyon atisou loko a ki ka oriante nou vè papa legba dambala pou nou ka gen konesans pou nou wè ki rout pou nou fè pou nou ale nan bitasyon an .(ok sa se yn bèl edikasyon) 


Si dambala moutre nou wout pou nou pase ebyen ogou batagri déjà akonpanye ou ak rèn freda dekwa pou nou al règle afè nou . 


    Lè nap liminen fas a gran rèn sa 

Se pou nou konnen lwa èzili sa gen gwo pouvwa  ebyen lèw angaje ou dwe fè apèl ak li . 


Nan apèl yo menm jan nou konnen non lwa yo li bon pou nou konnen non bitasyon yo tou sitou lè se a distans nap rezoud problèm yo. 


                Vwala Yon reyalite 


Ou gen yn problèm ou déplase Wale kay yn konnen ki pou ede nou men lèw rive pye konnen an mare menm jan ak pye paw épi konnen diw li paka fè anyen pou ou sou konn bitasyon ou  al fè yn pase ladann. 


                   Riiiiiiiiiiiiiiii 


Wi pi gwo Diab nou ki ka ede rezout tout problèm nou yo apre nèg alè a se lwa nan bitasyon nou e pi gwo ougan nou tout se lwa bitasyon nou. 


      Sonje byen nèg anlè a ak nou chak jou li toujou klere sou nou anba .


                         Bitasyon nou yo 


Depi yo pa vle yn Moun edew anyen pap janm mache pou nou . 


                     Lwa rasin nou yo 


Nou dwe toujou rete konekte ak yo nan  liminasyon 

Jeté dlo limen balèn kafe dous e amè ti kout tafia nou 


                                    Ak sa 


Nap toujou jwen mesaj gid bitasyon yo pap gen difikilte pou pale ak nou 

Mèt tèt nou e mètrès nou ap toujou ede nou rezoud kelkeswa problem mistik ki anvayi nou. 


Moun bitasyon chwazi nou dwe konnen nou pa sipoze iniore sa se yn gwo responsabilité .


Youn nan mèyè fason pou rezoud nenpòt problèm ou genyen ak mètrès èzili freda Dawonmen an. 


Épi tande mw byen souple mw adrese ak Moun ki konnen enpotans lwa .

Nou pale ak Moun ke lwa chwazi e moun ki gen lwa kap mache ak nou. 


Moun lwa mache avèw e chwazi e ou kwè nan li kòm originalite nou ebyen kelkeswa sikonstans nou trouve nou nan lavi sa lwa nou ka vin ba nou yn kout men. 


Mw toujou di nou sa lwa pa janm chome kelkeswa moman ou angaje a lap vin sekoure nou. Men nou dwe batay pou nou mache sou prensip ak règleman. 


       Yn jou kou Jodi a oubyen Madi e jedi nan maten pa Kite solèy la trò Cho e nan aswè pa kite li trò ta èzili freda pa renmen mache sole Cho e ni trò ta. 


         Yn bòl blan oubyen yn anana

Nan tout demand nap fè ak lwa yo toujou kite yn bagay pou  espri yo.

Kite sa yo  renmen dépoze sa nan yn milye ki pròp 


     Mw prepare bòl mwen an oubyen yn anana .

nan anana sa mw mete dabò yn mèch kanpe ladan li sou pawòl mw sam bezwen an mw Mandel nan mèch la. 


Kòm mw se Moun ki pa trò mal mw itilize regleman sa yo nan lanp mw an.


     Pafen ponpeya.

    Florida

    Vi dajan

    Poud prespite blan.

   Lwil de ròz ak lwil maskreti.

Ti poud kanel mw. 


Nan lanp la mw mète tout regleman sa yo épi mw mète diferan pyes lajan chita anba mèch la ki andan

anana. 


        Lanp sa mw te fèl pou mw te jwen lajan pou te règle afè mw e pou mw te soutni kèk moun ki te adrese mw nan feblès ekonomik yo. 


         Pou nou vanse 


Mw pale ak tout fòs mw e tout vrè réyalite ke lwa gen nan li yo.

Se ak gwo sekrè sa ki rann mw réyalize tout sa Map regle pou tèt mw e lòt Moun ki nan antouraj mw. 


Lwa yo konnen tout sa yo dwe nou nan lavi nou men fòk nou pa kite iniorans fè zòrèy nou pi long  ke bouch nou

Zòrèy nou dwe pèmèt nou tande byen sa yo di nou fè

Zye nou dwe fè nou wè ki kote nou prale menm jan  lespri nou ka fè nou konpran ki kote nou sòti ak kote nou ye jodi a ak sa nou ka konnen byen ki kote nou prale.

    

Tèn rada a mètrès èzili freda dawonmen 


Fanm sa si dous si bon nan tout sa nap fè nou pale ak li sou koze fwaye nou yo kote lanmou dwe jayi e menm limen nan mitan nou se tankou yn flanm dife 


Nou rekòmande fas ak rèn rada sa  pou li raproche tout lwa dou yo lwa dlo yo sa ki blan yo jis pou yo atire nou an amou prospérité santé sitou koze santé a. 


Nou rekomande onètman 2 potorik lwa sa yo ki toujou nan antouraj bèl lwa èzili sa ki se ogou e dambala  dekwa pou nou pa jwen blokaj de anyen fas ak rèn nan . 


Nou tout dwe konnen saaaa. Lèw bezwen yn fanm tankou freda ki mâché ak nou tout an général men sonje fòk nou respekte non mari li ki kanpe kote li nan demande nap fè yo souple. 


  Sonje enègi yo an asosiasyon nan tout demand. 


Yn bèl ènègi yn bèl lwa se pou tèt sa enègi freda sa Moun ki atire de li se Moun afè bon Moun santi bon pou ki trè positif. 


                    


Yn fanm ki atire oubyen ki gen enègi lwa mètrès èzili freda dawomen kap mache ak li pa ta sipoze soufri pou sam pral site la.

       

                   Lanmou

                 Lajan 

                 Santé

              

Siw ta remake ou gen lwa sa kap mache ak ou tout bon vre épi pou fanm oubyen gason ap few soufri pou lanmou chache rezoud problèm paske problèm ou grav 


Ou bèl fanm épi tout nèg ou gen nan lavi ou yo pa rete e yo pa janm gen yn projè pou ou ki few viv tankou yn limenna tout bon vre malgré ou sanble ak freda ebyen ou gen dòmi nan zyew souke kò ou. 


Freda mw konnen ki trè kole ak dambala siw genyenl épi wap soufri pou koze santé non 


             Mw konnen anpil nan nou pa gen lajan m'en Map patage regleman sa ak ou dekwa pou fè Moun ou ye a pran responsabilité li nan koze sa yo mw sot site la. 


Fòk li bay kob fòk li bay lanmou e li sipoze respecte fwaye a korekteman . 


     Al acheté 7 egi sou non li

    Yn pòm sou non li 

3 kalite bon poud sou non li

Tanpri souple mete yn ti poud kanèl tou. 


                          Men sa wap fè

Pran yn foto li oubyen ekri non li 3 fwa ou 7 fwa nan yn ti papye blan 


Fann pòm nan 2 bò épi mete papye a foto a nan mitan kè pòm nan ak tout lòt regleman yo tankou ti Tak siwo myèl poud yo 


Épi fèmen pòm nan foure egi yo nan pòm nan an fòm envès dekwa pou egi yo travèse kè pòm nan korekteman .

       

                         Lèw fin fèmen li fouye yn trou nenpot kote Lakay ou  antere sa korekteman épi frape  pye goch ou sou li 7 fwa sou pawol ou .


Énergie freda pa la selment pou lanmour selment . 


Epi ni pou danthor se pa li ki regle tripitay et li pa la selment pou justice selment ,des fwa se moun yo ki bay esprit yo afè pa yo men esprit yo jan moun yo ki nan vodou konprend esprit yo men se pa janm konsa yo ye vre dako sem .


Maitresse Erzulie Freda👑💗👑💗👑💗🌺🥀💐🌸🎂 


🌷FREDA LADA DAHONMEN. FREDA-SI  FREDA-LA🌹 


⭕ÈZILI FREDA SE YON LWA NAN VODOU AYISYÈN AN. ENÈJI SA SENBOLIZE LANMOU AK RICHÈS. LI SE YON LWA KI VIBRE SOU RIT RADA SE SAK FÈ NAN REGLEMAN LI YO SE AYIBOBO YO TOUJOU AP DI POU, LI SE YON LWA KI RENMEN FLÈ 🥀🌹🌷🌺🌸ANPIL. LI RENMEN BAGAY KI SANTI BON E PWÒP KÒM TOUT LWA YO. KARAKTERISTIK LI TRÈ FEMÈL, LI SE YON LWA KI GEN ANPIL POTANSYÈL AK POUVWA POU EDE MOUN KI GEN PWOBLÈM LANMOU NAN FWAYE FANM AK GASON. 


🔵MEN LI TRÈ JALOU TOU SIW PA RESPÈKTE REGLEMAN LI YO E SA KA FEL VANJE KONT OU TRÈ SEVÈ. LI SE YON LWA KI MANDE YON TRÈMAN ESPESYAL MENM JAN AK LÒT LWA YO. GEN MOUN KI FÈ PWÒP CHANM PAL POU LI. YO KONN METE ESPAS SA TOU DE WOZ OUBYEN BLAN AK WOZ, EPI FLÈ 🌷🌹BWASON EPI PAFEN SANTI BON. LI SE YON LWA KI RENMEN BAGAY KI CHÈ E BON KALITE. LI RENMEM BIJOU ANPIL TANKOU: LÒ, DYAMAN AK LÒT OBJÈ KI PRESYE TOU. 


🔴ENÈJI LWA FREDA A RENMEN MANJE: BAGAY KI DOUS TANKOU GATO🍥🥞🍰FWI TANKOU PÒM🍑. LI RENMEN TOUTRÈL BLAN POU FÈ REGLEMAN LI. LI RENMEN LIKÈ, SIWO🍯, AK ANIZÈT. AL LÒT BWASON ANKÒ🥂🍹🍻🍷🍾. 


⚫YON KONN RESEVWA LI SOU YON BÈL TAB KI GENYEN TANKOU MANJE SA YO: DIRI BLAN AK SÒS PWASON WÒZ, DIVEN WOZ, GATO, BONBON SIWO, ANIZÈT AK LÒT BAGAY KI FÈ PATI DE REGLEMAN'L YO. 


⭕NAN MANIFÈSTASYON ENÈJI LWA FREDA SOU YON ERITYE. WAP WÈ YO ABIYE'L AN WOZ SOMON OUBYEN WOZ AK BLAN. BIJOU LÒ NAN KOU'L AK NAN DWÈT MEN'L,  EPI FOULA WOZ LI MARE NAN TÈT LI OUBYEN NAN KOU-L. YAP FÈL SANTI BON ANPIL AK PAFEN. NAN MANIFÈSTASYON'L MACHE ANBRASE TOUT MOUN FI KOU GASON. PALE AVEK YO SI KIJAN POU YO VIV NAN KAY LA. FÈ TRÈMAN POU MOUN KI MALAD YO. KARESE TI MOUN YO. BA YO MANJE. MEN SE YON LWA KI PA JANM FINN SATISFÈ LÈ LAP ALE RETOUNEN KOTEL TE YE A NAN PEYI GELEFRE. SE SAK FÈ NAP WÈ LI TOUJOU ALE AK DLO NAN JE'L MOND LAN TWÒP POU LI. 


🔵YON TI REMAK: NAP WÈL TOUJOU GEN 3 GWO BAG NAN MEN GOCH LI KI FÈT AN LÒ. 

1) PREMYE A KI SENBOLIZE LINYON'L AK OGOU BADAGRI. 


2) DEZYÈM BAG LA SE POU MÈT AGWE KI SENBOLIZE YON LÒT BAGAY ANKÒ. 


3) TWAZYÈN BAG LA DANBALA KI VLE DI YON LÒT BAGAY ANKO. SE REZON SA YO TWA (3) TRIYO BAG SA YO NAN DWÈT LI. 


🔴ESKE NOU TE KONNEN PYE BWA SIWÈL SE PYE🌳PYE BWA PREFERE FREDA LI YE. MWEN PA KONN POUKISA  LOL😂. BÈT LI RENMEN SE PIJYÒN BLAN, TOUTRÈL, SE 2 ZWAZO NAN BWA LI RENMEN. 


⚫FREDA SE YON LWA KI BAY ANPIL REZILTA E LI TRÈ EFIKAS NAN REZOUD ANPIL PWOBLÈM RANKOU: LANMOU. TI MOUN KI MALAD, MOUN KI GEN PWOBLÈM CHANS, LAJAN, AK NAN BIZNIS YO EPI NAN FANMI YO, ELATRIYE. 


YON MOUN KI GEN ENÈJI SA KI MACHE OU VIBRE AVEK LI: LI SI POZE GEN LANMOU NAN KÈL, LI PA DWE IPOKRIT, LI SIPOZE TOUJOU PWÒP E SANTI BON, LI PA DWE NAN FÈ ZEN PALE ANPIL, LI PA DWE FÈ BOUZEN SOU MENNAJ LI FI KOU GASON, LI DWE RESPÈKTE TOUT MOUN TOUT BAGAY KI NAN NATI A. 


⭕GEN MOUN KI DI JOU LI SE JEDI,VANDREDI OUBYEN DIMANCH SELON REGLEMAN KAY LA OUBYEN BITASYON AN KAP SÈVI LI AN. 


🔵MAP RAPLE NOU SA: APRÈ ÈZILI FREDA LADA DAWOUMEN. NAN NÒ PEYI A (OKAP) SELON REGLEMAN KAY LA YO SALYE KLÈMEZIN KLÈMEY, MANZÈ MARI, JAN FAWO LANMÈ, ELATRIYE. GEN KÈK LÒT KOTE TOU KI RANTRE NAN LWA NÒ YO APRÈ OGOU, MEN SE PA TOUT KOTE KI SALYE YO. 


Erzulie Freda Dahomé se lanmou ki vin loa, nan chak tradisyon li gen yon non, nan tradisyon pa nou se Erzili. Li rete anba dlo bò lakay sè li Clermésune Clermeil e chato Freda a sanble ak pa Agouet Aroyo a paske se Agouet Aroyo ki te konstwi l pou li diferans ki genyen, pa Freda a konstwi ak mab woz men pa Agouet Aroyo a ak Koki lanbi. Nan tradisyon pa nou an Freda reprezante tankou yon milatrès bèl cheve, ten klè, rad roz ki koud ak fil koulè lò.Li gen twa bag nan dwèt li, yonn reprezante maryaj li ak Badagri, yonn pou Agouet Aroyo epi yonn pou Damballah. Nan espas kote Freda ye toujou gen yon parfum suav ki se yon melanj de bazilik ak losyon Florida.Ezili Freda se vyèj zodyak la, sizyèm konstelasyon an.Premye Ezili Freda materyalize pou li vini nan dimansyon pa nou an se Badagri ki te resevwa l e ofri l maryaj, menm si Ezili Freda gen zye li tou louvri pou Feray ki se pitit Badagri. Freda estime Feray pi rafine ke papa li

Freda te toujou ap veye okazyon pou li yon kote tou sel ak Feray pou li ka ofri li lanmou. Enben sa te rive fèt  yon fwa Badagri te absan epi Freda te bay Feray lanmou li, Badagri te vin ap chache Freda men kote Freda te ye ak Feray la pat fasil pou dekouvri men pitit fi Baron Samedi a ki se Guede Loray se li menm ki te al montre Badagri kote Freda ye ak Feray, men gras ak Ogou Balendjo Badagri pat kenbe freda an flagrandeli paske Balendjo te gentan voye yon pijon blan vin avèti Freda ke Badagri preske rive

Enben lè Badagri rive li jwenn yo se danse yap danse yon dans ki rele MAYINou tout konnen ke Freda te gen yon pitit fi ki te rele Ursule, li te fè Agouet Aroyo konprann se li ki papa l men se pat vre, yon jou Ursule ap sòti kay Agouet Aroyo nan bato epi yon zwazo fonse sou li jete l nan lanmè, pitit la nwayeLè Mèt Ossangne swiv zwazo a li wè li tounen yon akansyèl se sa ki fè Freda di se Ayida Wedo ki tuye pitit li a paske Freda te ak mari li.  

*Erzuli Freda Dahomé, Négresse Marnou, Lade Freda si Freda La, Fla vodou , Freda négresse, Sosa Fleur vodou, Négresse Tabo Manyan Sibrakaba*

Bon enèji lanmou Freda pou nou tout.  e li egzije ke moun li ap danse nan tèt li a pwòp. Se pou sa koulè li se rose ak blan. Li pa menm jan ak Deyès pwoteksyon an ki bwè ak fimen. Nan peyi kiba ak Sendomeng yo rele yo rele li Vierge Caridad oubyen Lamercie. Lè pou li madanm Athiassou, yo rele li Vierge Caridad Fanm sa a pa bwè 


Bon enèji lanmou Freda pou nou tout. Joyeux Freda à vous tous

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka