Èzili Freda ak Danbala

Bon FREDA

💌💌💌💌💌

Dambalah ak erzuli freda se 2 divinite ki asosye enègi yo pou sèvi nou nan lavi nou.

Ki donk yo marye ansanm . 


Dambalah se yn espri ki la pou edew sou kesyon sante ou nan tout mond la li se protektè e pasyan tout malad. 


Li bay abondans sou kesyon riches se pou nou souvan  pale ak li nan balèn blan ou vèt trase vèvè li kole ak vèvè freda sitou jou jedi . 


Generalman koulè li se koulè blan ak vèt li renmen lew depoze ze ak siwo loja ak farine frans pou li.

Li bon pou pale ak li sou kesyon ekonomi ou epi sante nou. 


Metres erzulie freda se yn espri ki jalouz fok evite ampil bagay pou mache ak li .

Freda pa mal pou fache e baw do men konsa tou li pa mal pou padone . 


Freda pote ampil lanmou nan koup yo li apran nou viv byen sa vle di toujou pale avel  chak fwa ou estime fwaye a tèt amba lap edew jere sa.

Freda kon doulè tout malere ak malerez ki donk siw ap travèse move moman pa neglije pale ak li.

Koulè li se blan ak rose men plis ke li renmen pouvwa li se fanm ampil lot gran geni poul moutre janl pwisan li sèvi ak koulè roug tou . 


Li renmen lew relel kote ki prop ak santi bon li renmen tou lew brile lwil pou li nan fri tankou anana pòm konsa li gen asyèt oubyen bòl emaye blan li pou nou boule lwil pou li. 


Lè nap fè mech pou li fè 3 oubyen 7 sonje mete kek ti bagay pou atirel tankou ti poud chans nou ti lwil de rose nou. 


Nou sipoze pirifye kò nou avan nou fè sa epi prepare ti beny chans nou avan nou mete men nan afel.


 Èzili freda Dawonmen e danbala wedo. 


Lwa sa yo lye yo gen bon alyans antre yo nou menm ki ap sèvi yo gen yn jan pou nou sèvi ak yo. 


               2 lwa sa yo 


Nan fonksyon yo o profi nou menm ke yo chwazi tout bon vre.

Nou ka trouve anpil benefis lè nap sèvi  ak lwa sa  yo

          men tout sa ki bon nan yo pou nou. 


                        Èzili freda 


Nan sèvi ak li wap jwen lanmou e lap ede nou trouve richès pou tèt nou e ak moun ki nan antouraj nou. 


Depi nou sèvi ak mètrès sa tout bon vre selon kondisyon ki reyèl li ap difisil pou moun wè nou nan povrete spirityelman e ekonomikman. 


            Lwa dambala 


Nou tout konnen lwa sa se lwa ki gen anpil pouvwa tande byen enègi freda telman bèl ebyen entèlijan pi gwo enterè freda gen nan dambala se pouvwa richès. 


                           Vwala fanm janm sòt vre 


Dambala ede konnen anpil pou tèt nou e lòt moun nan koze konesans li se yn gid reyèl lwa sa  gen anpil pouvwa pou geri .

tankou richès lap ba nou se san mezire. 


    Lèw gen enègi sa ki pre nou sa ki bon pou nou fè se jis kapte yo. 


Fè sa ki nan volonté yo pou yo ka fè sa ki nan volonté pa nou.

Premye kote pou ouvri bay esprit sa yo abite se nan kè nou men fok kè pròp . 


Règleman lwa sa yo sou yn ti tab kouvri an blan. 


    Nap bezwen vèvè yo kap akonpanye yn tablo ki 

Ki gen yn pye kalbas e yn basen dlo imaj yn pè pijon blan ak bèl tablo sa li ap ede nou atire espri sa yo anpil.

                         Sou tab sa

         Pou freda e dambala.

Yn krich yn asyèt blan e yn kivèt blan plis yn miwa siwo doja amizèt kom bwason

          Mouchwa pou lwa sa yo

Koulè roz blan vèt 


        Pafen pou yo 


Florida rèvdò byenèt koulè roz ak vèt

Yo renmen koulè diaman ak lò nap koze bag. 


Pou dambala nan yn asyèt blan  toujou farine frans ze blan siwo kann ou dòja. 


   Antouka nou sispann plenyen pou règleman lwa yo patage pòs sa nan tout group yo épi nap tou prè pou nou ede nou konnen regleman lòt espri ki ap nwi ou yo

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka