Èzili Balyann
ÈZILI BALYANG .
VIN APRANN KONNEN ÈZILI BALYANG 🙏🏿🇭🇹
Konesans pa vann nan mache .
Avan w kontinye abòne ak paj la .
Èzili BALYANG
Èzili BALYANG se yon lwa ki nan fanmi Èzili yo, men nou pa souvan tande pale de li nou plis pale de Èzili Dantò Dantò e Èzili Freda.
Èzili BALYANG abite nan Forè, ki fè pati lwa petwo yo e lwa ki asosye l se Marinèt pye sèch.
Se yon lwa ki gen anpil pouvwa e ki enpòtan tou nan kilti vodou a, li reprezante tout machann fèy yo e fanm saj yo.
Se pye Mapou ki repozwa lwa sa ki se Èzili BALYANG lan.
Menm jan Èzili boran reprezante pa yon gwo koulèv nwa ebyen Èzili BALYANG li menm li reprezante sou fòm yon gwo koulèv vèt, e li renmen lyann anpil sitou lyann panye.
Jou li manifeste se madi ak samdi tou.
Li se yon lwa ki gen anpil sekrè.
Koulè li se wouj e vè.
Lè l manifeste sou yon moun li pale tankou yon moun ki gen baboukèt nan bouch li e fòk ou jwenn anpil lyann pou mare moun sa pou mete sou moun sa e l ap manje lalwa.
Ezili BALYANG ak Marinèt te jwe yon gwo wòl tou nan endepandans peyi a.
Lè pou esklav yo t ale òganize seremoni bwa kayiman se li menm ki te di se nan rache a pou yo fè l koz blan yo te konsidere nou kòm bèt ki donk bèt se nan raje sa rete se la pou n fè l e jou swa sa anpil lapli t ap tonbe tout alantou forè a kote seremoni an t ap fèt la, sou lòd ogou Chango anpil kout loraj e zèklè t ap fèt, Rivyè yo te ankri e sa te vin fè blan yp panike e yo pa t ka mete tèt yo deyò pou te vin kontwole sa k ap pase a.
Comentarios
Publicar un comentario