Espri
Lew gade etymoloji mo Espirityalite a ou wè " *espri"* ki se pati *envizib*
ki anime kò nou an.
Pou rive diferansye pi byen espirityalite ak relijyon ou dwe fokalizew sou karakteristik espri a dabò kisa espri a ye:
Espri a se pati envizib ki anime tout sa ki gen vi
Li se souf lavi infini an
Li san limit...
Espri a se senbol libète ak entèlijans
Lespri a baze sou eksperyans (pratik)
Yon Espri se yon enèji li pa gen sèks
Li jis pran fòm anvlop li retwouvel la...
E imedyatman li ta santil enkonfòtab yon kote lap jis ekatel...
Ann pati pou relijyon an li menm.
Etymoloji mo relijyon an se *relye* ki vle di atache, asanble...
Se pou rezon sa système relijye a sèvi ak evanjelizasyon konvèsyon epi batèm.
Kidonk relijyon an se yon ansanm doktrin ou egregò
Ki baze sou kwayans ak imajinasyon kidonk
*"obeyi san konprann"*
Karakteristik relijyon an rezime an 3 mo:
Reziyasyon
Limitasyon
Théorisation.
"Yon relijye se yon kretyen"
"Yon kretyen se yon Zombi"
"Yon zombi se yon esklav"=
"Yon esklav se yon prizonye"
Comentarios
Publicar un comentario