Enfeksyon vajinal
✅Enfeksyon vajinal :
Nou pral pale de yon enfeksyon vajinal ki rele Kandidoz:
Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt moun.
Kandidoz jenital osinon mikoz jenital se yon enfeksyon ke'w jwenn pi souvan kay fanm, enfeksyon sa se yon chanpiyon ki lakoz li ki rele "Candida albicans" nan lang fransèz.
Bouboun fi a gen pwòp jèm li yo ki regwoupe ki pèmèt li kenbe ekilib li nan eta nòmal ki rele "bacille ou Flore de Doderlein" ki gen ladan'l anpil lòt jèm kote wap jwenn laktobasil yo, lè youn nan jèm sa yo vin twòp nan flò a, li vin dezekilibre li vin bay vajinoz oubyen kandidoz la lè chanpiyon sa antre nan koze a tou:
1- Fanm ki gen kandidoz yo gen yon pèt ki pwès yap bay nan bouboun yo ki tankou yon lèt kaye ouyen yon fwomaj di.
2- Li blanch epi'l pa gen sant.
3- Demanjezon ak woujè nan rejyon bouboun li.
4- Li santi zòn sa yo ap boule'l.
5- Fi a ap santi doulè pafwa lè lap fè bagay.
6- Tout sentòm sa yo parèt plis apre fi a fin gen règ.
➡️Fanm ki predispoze ak kandidoz:
1-Fanm ansent, Fanm ki sou planin.
Kay gason tèt peni an ka tout rouj a fos li grate ( inflammation du gland) an gro li ka koze balanite ( ki se yon lot maladi) Kay gason yo
Kay tibebe yo se le yap tete let manman an yo souvan pranl
Ki faktè ki koz ou atrapé ki fasil?
Pami yo gen
.Lè fi an ansent
.Moun ki fè sik ( diabète)
.Moun renmen mete rad ki sere yo
. Moun ki AP fè neglijan AK swen kò yo
. Lè Moun nan te konn pran anpil médicament ki ka deranje flò vajinal la
. Lot enfesyon ki pa trete
. Moun ki manje twop sik , two sel gres ki ka deranje système kol ka vin rann li pi vilnerab
Poun site sa selman.
Koman enfesyon sa manifeste?
Janm te ekri avan an lè jèm sa ki se kandida albikans sa ki nan tib dijestif la e menm pafwa anba po n miltipliye li vin li lage yon likid ke yo rele toxines nan kò a .sa ki pral koz diferant siy AK sentom sa yo paret Lakay ou
- ki siy AK sentom li prezante ?
pou bouch la
Moun lan AP remake li gen yon pil tach blan ki Kaye sou Lang li San ke se pa let li sot bwè, li pap ka manje , ni vale ( dysphagie), yon pil ti bouton ki ka menm tounen maleng bò kwen bouch li ( perlèche), bouch la AP fèl mal ( agueusie) ki pral koz Moun sa pa ka manje .
pou Po a
Li AP gen de seri de maleng nan sou pol tou rouj si se yon grimel ( lésion érythémateux).
Li AP menm gen ti malad kom si se te chofi nan mitan dwèt li yo ki ka menm bay aspè ke dwet la ta VLE koupe
nan vajin oswa grenn lan
Li ka gen gratel ( démangeaison)
Lè wap pipi li fèw mal ( brûlures mictionnels)
Wap wè de seri ti dlo blan nan kilòt fi yo oswa nan kalson gason oswa nan tèt grenn gason an.
Ki trètman?
Premye bagay la siw ta remake siy AK sentom sa yo , se Al Kay yon medsen pou l fè analiz pou ou poul ta ka wè si se kandidoz la ou Genyen vre paske gen lot maladi ki ka gen preske menm siy AK li
Doktè a AP voye fè analiz kom fwoti vajinal, test pipi, kilti, AK lot selon sentom Al siy ou devlope yo poul te ka si ke ou pa gen lot maladi kap devlope
Si se li ou Genyen yap ba ou anti fonjik kom: fluconazole, metronidazole
Jan pou nou pranl lan depann de ki kalte nou Genyen e Konbyen fwa ou te genyenl
Avèk solisyon vajinal pou ede Konbat enfesyon sa.
Kisa pouw fè pouw pa atrapel ?
Se fè tout sa ou dwe fè jan ou dwe fèl la kom pa mete rad ki two Piti e serew
Fanm ki ansent yo toujou fè swivi lopital pou yo te ka prevni sa davans pou w te ka gentan trete.
Jere sante w nan sa wap manje AK nan dlo wap sévi
Sijè a se :"kandidoz"
Plan an
*Kisa ki yon enfesyon
* Kisa ki kandidoz la
* konbyen tip kandidoz ki genyen
* Koman enfesyon sa manifeste
* ki siy AK sentom li prezante
*Ki faktè ki koz ou atrape ki fasil?
* Kisa pou fè pouw pa atrapel
* ki analiz AK ki tretman wap ka fè siw ta genyen
* Kesyon
Kisa ki rele enfesyon ?
Lè ou di ou gen enfesyon se lè ou Genyen yon bagay ki pat nan ko a ki antre ( agent infectieuse) ou yon jèm ki nan kò a deja ki miltipliye ki vin bay yon seri de siy ki pral rann ou pa anfom. Gen plizyè bagay ki kap bay li se swa *yon virus , ex korona ou byen * yon bakteri, ex gonore oswa yon paraît, ex amibiaz oswa chanpiyon , ex Kandidoz poum site sa selman.
Kisa ki kandidoz la?
Kandidoz la , ke yo rele tou Moniliaz ou kandidiaz se yon enfesyon ke ou ka genyen a nenpot ki laj ou Genyen depiw vivan kit ou se fi ki ou se gason li koze pa yon jèm ke yo rele kandida albikans ki se yon chanpiyon. Ou pa ka wè li AK je w se nan mikroskop ( yon aparey médical ki itilize pou wè jèm ki Piti Piti yo). Jèm sa déjà nan kò nou deja li benefik pou nou men lè li Yon kantite twop li koze enfesyon sa ke nou rele kandidoz la .
Konbyen tip ki genyen ?
Genyen 3 tip kandidoz kew jwenn plis ou petet gen 3 kote nan kò nou kandidoz la ka ye
1) kandidoz nan bouch ( candidose buccal ou muguet)
2) kandidoz sou po
3) kandidoz nan aparey jenital ( vajin pou fi , peni pou gason).
Comentarios
Publicar un comentario