Chapo tèt anba

 CHAPO TÈT ANBA


Ansyen yo nan vodou konn mete chapo tèt anba swa pou revokasyon, pou mande gerizon pou yon moun epi pou bay madichon.

Si w pa gen fanm ou byen si w pa gen gason sou ou pa mete chapo tèt anba nan tèt ou, se yon gran sakrifis li ye epi efè li bridsoukou (imedya).

Se yon pratik sosyete balouba yo, chapo granmoun ou nkaka ki vle di "gran paran" nan lang kikongo. Balouba yo te konn mete wanga nan chapo granmoun yo, nan koloni an Makandal ki te orijinè kongo, nanchon balouba yo te gwo kònòsò nan mete chapo tèt anba.

Nan sosyete makanda a gran inisye yo te konn pote l pou distenge yo ak moun ki poko gen granmoun sou yo. Franswa Makandal te konn fòs pakè mare li yo anndan chapo tèt anba a, li mete yon chapo tèt anba nan tèt fidèl li yo aprè yon ti tan chapo a kòmanse bouje, nan reyinyon gran inisye yo  menm Makandal te konn fè gadkò yo bouje tou ak pawòl nan bouch li.

Makandal konn di: " granmoun mete chapo w sou tèt ou'' aprè, li leve dousman pakè ki mare a ou byen gad kò a epi l mete chapo a tèt anba touswit aprè jès la tout moun kòmanse simaye madichon nan bouda blan yo ak tout trèt pami yo, popilasyon esklav la kòmanse voye sò adwat, agoch chak kou sò yo vin pi vyolan pandan y ap danse otou pakè ou makanda a. Tout pratik sa yo se zam vodou ba nou pou n defann tèt nou.

Granmoun vle di: *"moun solid, ki chaje eksperyans ak konesans, granmoun konnen sa pou yo fè lè sa pa bon lakay yo, nan kominote yo ak nan peyi a".*

Kote granmoun nan peyi isit?
Kote pase mòd moun sa yo?
Kote gason kanson ki pa t manyen anyen frèt yo? Adyeee!!!

Ti ponyen granmoun ki rete yo ta dwe chavire chapo yo tèt anba sou tèt yo pou yo liminen pou 3 ou 7 jou pou retire peyi a nan tchouboum sa.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka