Bwadchèn
Eske ou konnen ak ekos bwadchèn ou ka trete kis kelkeswa kis li ye an li bon nan tretman fibwom tou si se nan fatori wap travay ou toujou fè travay kanpe ou tuju gen doulè nan pye se pran 7 Kos bwatchen metel bouyi épi vide dlo a nan Yon ti kivet mete pye 1 tranpe ladanl pandan 15 minit épi Kos hwadchèn li efikas nan tretman tibekiloz tous kap fe rebel kap re ale vi'ni ou ia melanjel ak ekos ekaliptis fe dekoksyon pandan 7 jou bon si tous la pa kanpe tou kite remed fey six bwile oswa Yon Chen ki gen raj mode ou ou ka lave maleng ka 1k fey bwatchèn ou pète fey la bouyi nan dlo se klè kont maleng kap fe rebel ki pa vle trete li efikas nan tretman kout pyes tou pa egzanp Yon pye ki pran nan Yon kout pyes ki fe gro maleng ki pale vle sèche ou lave pye pye an ak 7 ponyen fey ou mete bouyi nan Yon ti dlo apresa ou ia mete fey la chech ou fèl fe poud ou pilel Avek chabon dife ou konpoze Yon poud Avel ou mete sou maleng la lan li bon pou Moun ki gen ko nan pye tou ou pran kek flè bwatchen ki freche ou Marel sou kò an apresa Moun lan ap ka rache kò an ou ka moute Yon boutèy ai rasi''n l'an pou defans kò a kont virus a plant sa telman gen mevey Yon live PAP sifi poum ka pale deli se gwo bout plant sou latè beni
Bwadchèn!
Bwadchèn seyon plant ki soti nan peyi dayiti,repiblik dominikèn ak jamayik.Apresa li al devlope nan pòtorico ak kèk lòt peyi nan ti antiy yo kote yo plante l plis kòm plant dekoratif.
Bwadchèn se yon plant ki kapab rive jiska 25m wotè.
Itilite bwadchèn!
Seyon bwa ki bay bèl fèy planch ki fasil pou travay e sepa fasil pou vèmin pike yo.Yo sèvi ak yo nan travay chapant ak ebenis,yo sèvi tou nan distilri pou fè barik ki konsève kleren,wonm,diven,eks.
Seyon pyebwa ki tolere yo debranchel san li pa dejenere .Anpil peyizan konn fè lot kilti anba pye bwadchèn tankou yanm.
Kondisyon pou bwadchèn devlope.
Yo jwenn bwadchèn plis nan plenn bò lanmè ak mòn kipa two wo.li pouse byen kote kipa resevwa anpil lapli ,li renmen tè kipa twò asid.li pouse nan tè ki pov anpil,men lipa tolere tè ki kenbe twop dlo.
Remèd yo jwenn nan bwadchèn.
1)moun kigen pye sansib ,kapab vide dlo cho sou yon moso kòs bwadchèn .lè dlo a tyèd moun nan ap tranpe pye ki malad la nan dlo a.Plan pye a ap vin di e moun nan pap gen okenn pwoblèm ankò si li kontinye fè trètman sa.
2) Moun ki soufri tibèkiloz,ap mete 15 gram kòs bwadchèn nan yon lit dlo ki cho anpil,lap pran remèd sa kòm tizann pandan tout jounen.
Moun kigen gwo java(Malenng) ki difisil pou geri.
Lave malenng nan ak dlo cho nou vide sou fèy bwadchèn nan.Apresa pran fèy bwadchèn ki sèk,boule yo pou yo tounen yon poud ki fen anpil .Mete poud sa sou Malenng nan ,menmsi moun nan santi li boule li,pagen pwoblèm malenng nan pap pran tan pou geri.
3)Moun ki gen kò nan pye.
Kraze kek flè bwadchèn fre epi mare yo sou kò a,Apresa moun nan ap kapab rache kò a ak zong
Comentarios
Publicar un comentario