Bosou

 regleman bosou yo? 


Kisa yo ye? 


M pale anpil de lwa bosou yo, m bay orijin yo, men m potko bay regleman yo, m twouve se vrèman enpòtan pou m bay yo. 


Bosou se yon estòk lwa petwo anndan Vodou a li sou regleman Gad ak pwen sèlman. 

Sa vle di si yon ougan oubyen yon manbo vle travay ak yon lwa bosou fòk li jouke l sou regleman pa l avan. 


Regleman se yon ansanm prensip li ye, sa vle di ou di espri a lap ba w sa, ou menm li dwe ba w sa, se yon ansanm règ. 


Si w se yon senp sèvitè, se ti dlo ou, ti kafe w ou konn jete m pa voye w ale jouke lwa bosou sou regleman, men si w se yon ougan, yon manbo ki vle travay ak lwa bosou ou dwe jouke l avan. 


Pami kèk bosou ke nou konnne, si w konn lòt wa ajoute l nan yon kòmantè. 


-Towo bosou 

- Gran Bosou Klanbannan

- Bosou dlo

- Bosou kèlenndja

- Djobolo Bosou 

- Bosou 3 kòn

- Bosou 7 kòn

- Kadyabosou

- Djòdjò

-Belekou

- Belekou yènen 


Tankou Belekou se yon pwen ki sou regleman bosou yo.

Sa vle di ou pa ka jouke Belekou pou l travay avè w sou dimansyon okenn lòt lwa ke bosou yo. 


Gran Bosou Klanbannan se sou regleman pwen sèlman wap jwenn li, li pa sou regleman gad, ni li pa sou regleman gad pwen.

Sa vle di ou pa ka jouke l sou regleman gad, ni sou regleman Gad pwen.

Se sou regleman bosou sèlman ou ka jouke l. 


Djòdjò pou travay ak lwa sa se sèlman sou regleman pwen pou mete l, li pa sou regleman gad, ni sou regleman gad pwen.

Se sou regleman bosou pou jouke l. 


Belekou Yènen se toujou menm bagay la. 


Pou m klè avèk nou se pa tout bitasyon ki genyen bosou, men sa pa vle di l pa ka reklame w, ou gen dwa ap pase nan yon lòt bitasyon, nan yon lòt lakou epi l reklame w, e se li menm kap vin pote mesaj ba w lap vin di w men kiyès li ye, lè sa si w chwazi travay avè l ou dwe jouke l sou regleman pa w avan. 


Tout espri ki sou regleman pwen yo prèske pa manifeste nan tèt moun, egzanp Belekou. 

Belekou prèske pa manifeste nan tèt moun, men lè l resi fè yon ti parèt li fasil pou konnen, Belekou se yon pwen ki egziste anndan estòk lwa bosou yo, si genyon dans kap fèt si genyon bèf pou touye nan seremoni an se pa bosou kap touye l, se Belekou kap vin touye l, Belekou pa ka fè plis ke 5 minit nan tèt ou, depi l pase li fin touye bèt la san fin vèse li ale, ou pap gen fòs pou kenbe l twòp sou ou paske l sou dimansyon pwen. 


Depi bosou fè yon travay pou ou pa gen pa mache paske se yon lwa ki cho, li travay cho anpil anpil. 


Bosou renmen diven, rhum, li manje diri wouj ak pwa wouj, pati li bezwen nan yon bèf se tèt la ak 4 pye yo. 


LWA BOSOU 


1- BOSOU DLO 

2- BOSOU KENLENDYA

3- GRAN BOSOU KLANBANNAN( BOSOU SA W AP JWENN LI SOU REGLEMAN PWEN SÈLMAN)

4- BOSOU 3 KÒN

5- DJOBOLO BOSOU

6- KADJA BOSOU 

BELEKOU( KI SE YON PWEN KI SOU REGLEMAN BOSOU)

7- DJÒDJÒ(  YON PWEN KI SOU REGLEMAN BOSOU )

8- BELEKOU YÈNEN.( YON PWEN KI SOU REGLEMAN BOSOU)


Lwa bosou ou dosou. 


Tout moun konnen lwa sa senbòl li se yn bèf a kòn bèf a kon sa reprezante proteksyon sa bon lew trouve yn gad kap protege nou tankou lwa sa. 


Lwa sa senbolize yn kantite bagay nan lavi nou tankou fòs moun lwa sa reklame Moun sa konn trop menm pou tèt li alewè lot Moun. 


Pwisans lwa sa genyen  pa piti songe nan kek fanmi ke lwa  sa konnen gen marasa ebyen sa ki te vini avan ou aprè marasa yo souvan yo kwafe li an reyite dosou ki se lwa sa. 


Se yn lwa ki frajil anpil paske ou trouve li sou rit Cho tou konnen yo se yn eskòt degré an degré li ye. 


         Nan dòmi reve yo konsa nou toujou wèl parèt devan nou. 


Pafwa gran lajounen kou lanwit ou konn wè yn bèf ki lage kap kouri dèyè nou.

         Rèv sa égal 


Pa pè se lwa sa ki vle nou lap chache nou.

Konsa tou fòk nou pridan sa ka rive li se yn lwa ki violan nan prop bitasyon ou yo ka espedye li dèyè nou pou yo fè nou  sa ki mal.

  

                              Konsa tou 


Ou konn wè yn bèf ki mare yn kote nan milye li mare a pa gen ni manje ni dlo pou li bwè ou wè wap lage bèf sa pou nou bal dlo oubyen change li plas.

     

                   Laaa pa gen manti. 


Gran paranw yo te jouke lwa sa yn kote men yo pa janm bal manje ni bwè fè sa ki nesesè rejouke lwa sa. 


                  Ou konn wè tou. 


Bèf sa lage nan yn savann wap yn kòd  nanmenw kek Moun ap edew bare bèf sa pou mete kòd nan tèt bèf sa. 


Laaaaaaaa

Li bon pou chache yn konnen edew jouke lwa sa byen jouke.

           Atansyon frèm ak sèm yo 


Yn bèf ki méchan toujou évite mare li pre gran chemen   e tou évite mare bèf sa nan mitan lakou a. 


Sa vle di bosou se lwa ki fragil pridan ak pozisyon wap jouke li a pou pa pote chay . 


Nou la pou nou di nou e fè nou konnen bagay yo jan yo ye a.

    


Antouka se toujou menm mw menm nan frantz spirityalite fran ginen nou an avoka defansè gadyen tradisyon nou an.


Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka