Betrav

 Bètrav: Yon kle pou lasante.


👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt moun

Bètrav se youn nan alikaman ki pi puisan sou latè, pou kantite byenfè li genyen nou p ap ka rive site tout. Si w renmen sante w ou ta dwe bwè ji bètrav ou manje bètrav la.

➡️. Benefis BÈTRAV pou Sante nou:

- Bon pou pwoblèm kis ak fibwòm
- Ede pirifye san ak fwa
- Pran swen fwa w (si w malad nan fwa fè l bon zanmi w)
- Prevansyon kont kansè
- Kenbe kè w an sante
- Bon pou fanm ansent (folik asid natirèl)
- Diminye risk pou tibebe fèt defòme
- Detoksike kò a
- Prevansyon kont pwoblèm respiratwa
- Pran swen je w
- Ogmante sistèm iminitè kò a
- Prevansyon kont demans
- Ede amelyore memwa
- Prevansyon kont kansè
- Bay bann | ogmante stamina | andirans
- Amelyore dijesyon
- Prevansyon kont balonnman | konstipasyon
- Diminye move kolestewòl
- Desann tansyon wo

👉Eskew te konnen ke lew fin manje bètrav,koulè  poupouw vin rouj,pipi a konn kolore tou ? 

💁‍♀️Se paske pigman ki rele "Bétalaïne" nan ki nan bètrav la ,entesten an absòbel. 

💁‍♀️Lèw fin manje bètrav epiw fè  remak sa,pa enkyetew, se pa yon danje🙅‍♀️. 

👉Si apre 2 jou,ou kontinye wè sa pesiste se paske tranzi enstestinal la (pakou manje yo nan vwa digestif la nan ) lan. Ret kalm pouw swiv toujou ,pa bay tèt ou pwoblèm! 

💁‍♀️Siw swiv toujou apre yon semen sa pesiste, pa fe tèt di,li ka yon lòt kòz,al wè yon medsen!

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka