Beny renesans

 BENY RENESANS: Bon Pou Tout Moun 


Gen beny pou tout kalite maladi, medikal ou mistik. Tout moun ka e dwe pran yon beny omwen pou kwape move enèji epi atire bon eneji. Konsa y ap netwaye Ora yo. 


Beny sa bon pou tout moun pou ede w vin pi lejè, debarase vye enèji, libere ekla pa w: 


Engredyan:

▪︎Bazilik + 

▪︎1 ponyen sèl + 

▪︎3 tèt sitwon.

▪︎3 tèt zoranj si.

▪︎21 grenn jiwòf.

▪︎3 Dan lay.

▪︎7 fèy vèvenn vyolèt.

▪︎3 ti branch semèn Kontra.

▪︎2 bout bwa medsiyen.

▪︎3 fèy lougawou.

▪︎1 ponyen pèsi.

▪︎3 gout nan 3 kalite pafen diferan.

▪︎3 gout alkòl 91% plizoumwens.

▪︎3 bouchon kleren blan (li ka vodka, Gin, rhum, tequira, nazon, tèt chòfoi 22/22).

▪︎1 moso Savon lave ki poko itilize (san lave). 


PREPARASYON:

Melanje tout ansanm nan yon ti dlo lanmè (15%) ak dlo frèch (85%). Itilize moso Savon an ki deja tranpe nan beny lan pou w benyen Depi tèt desann nan pye. Savonnen Byen Savonnen ak tout melanj yo epi rense ak men dlo a. 


Lè w fin beny ou ka wete ma beny lan sou ou, mete nouvo rad epi w pare pou kouche ou repoze w. Ou ka pran beny sa nenpòt jou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka