Beny deblokaj
Men yon lis lòt plant ak tout dozaj yo, ki bon pou beny devenn si jwenn nan yo ou ka ajoute nan beny dyòk la: 3 fèy kafe + 3 fèy lougawou + 3 fèy tabak + 3 pye oswa 1 pake siv + 3 fèy kalbas + 3-7 fèy konkonm zonbi.
Nenpòt fèy ou manke ou ka ranplase l ak fèy Ave (yo konn rele l Anamu oubyen Mal Pouri);
ou ka itilize fèy Manyòk Anmè tou. Asowosi (yèsken) oswa fèy Bwa Chèn, fèy Monben Bata ou fèy Kapab, fèy 3 pawòl, fèy Sousi oubyen fèy Gate sa fèy vèvenn bon tou.
Nou pa oblije jwenn tout fèy yo pou fè beny sa. Depi n gen 7 ou 9 plant omwen nou ka fè beny lan Ayiti ou lòt bò dlo.
mezanmi léw anvoute wap tj gen tandans pé dlo
Benyen ak sél ak sitwon Fé sa tanzantan pou nou pa kite giyon mañ chans donen ansyen sou nou, genw nivo ou dyoke yon nivo ou gen devénn li vinn rasi wap pran anpil tan wap depanse lajan télman lap mal pou yo soti.
Na bouke pale ougan manbo mal di yo pa bon poutan manti giyon an rasi li gen twóp tan li fé rasinn sou ou lé sa ou bay manbo a anpil travay lé sa tou li mande plis kób.
Féy ti beny ou tanzantan souple m priye nou an gras, ht st michel la nan kote ki vann parfum original oubyen nan makét avék kék botanika nou konnen ki pap vann nou fo.
Ann fè yon ti koze sou beny devenn.
.
kilew pran nan Giyon
Ou pran nan giyon plizyè fason.
-Nan bay moun akolad
-Nan bay lanmen
-Nan met rad ak moun
-Nan fe sèks ak moun
Ak dives lòt fason sila nou site la yo pi frekan
kisa Giyon ye?
Giyon se yon "fluide negatif" yon sòt de enèji negatif malkontrent ki anpeche evolisyonw sou yon plan ke sou yon lot.
Li pa obligatwa pou se yon moun ki baw li.
Ou kapab giyonnen pwop tèt ou, yon paran kapab giyonnen pwop pitit li nan atire vye bagay sou li.
Tankou: siw leve chak jou wap di lavi a pa ofriw anyen.
Yon manman ki gen yon pitit kap di timoun sa li pap janm anyen nan lavi li, gen pi gwo devenn nan sa, lè sa , se sèl manmanw oubyen papaw ki ka fè yon bagay pou ou.
Anpil fwa nou mache kay Yon konnen pou fè beny pou nou epi konnen an mandew kot paranw?
se yon fason poul diw chache wout kay ou, se la blokaj ou soti
Epi siw pa debrouya nan lavi wap santiw giyonnen.
kijanw ka retire Giyon ?
-Nan Bonjan Beny fèy ke lanati ofri kont "fluide negatif" sila yo
-Ak nan fe sèks tou.
Men mpa konseye nou pwen sila, paske saw pa vle pou ou , ou pa ka al lagel sou yon lòt
kisa Giyon ka fèw ?
-Li ka enpeche yon progresyon lakay ou sou plan materyèl
-Konsa tou li ka provoke kèk maladi lakay ou
-Li ka Rann ou fèb espirityèlman
Poukisa yo Giyonnen moun?
-Anpil moun fèl pa mechanste
-Konsa tou gen moun kifèl inosamman koz li pran ladan li transmèt li san ke li pa konnen.
Ou giyonnen paskew manke aktif nan Vi kourant, byen ke "fluide negatif" la tout kote epi nan tout bagay rete a ou menm ki pou kanalizew epi monte baryè pwoteksyon mistik ou pou sa pa rive sou ou, oubyen pi lwen
Se sak fè laplipa moun ki nan mistik chak yon peryod nan ane a yo fè yo ben pou wete giyon nan lavi yo.
Pa bliye li enpòtan nan Mistik fòk nou toujou benyen ak tout sa Bondye lavi a te mete la pou nou, paske Benyen ak fèy epi lòt se netwaye kò fizik ak kò espirityèl ou.
Pou 2 dimansyon sa yo ka an amoni fok kò fizik la ki se Tanp BONDYE Lavi a pwopte , konsa wap santiw pi lejè pouw resevwa limyè ak enèji kosmik lan.
Li toujou bon pouw pa pwononse vye koze paske linivè a se yon miwa fidèl, pa pouvwa lapawòl, li sezi tout saw mande li, epi li egzose.
Linivè a pa modifye li jis baw saw mande a, donk bouch ou se pi gwo pòt kote fluid negatif ka pwopaje.
Men kèk ti konsèy map ba nou:
1- Pa bat laponyèt, fanm kou gason
2-pa patisipe nan vye aktivite deboch(krèy, ect...)
3-pa konyen ak nenpòt moun
4-pa pwononse mal ni sou tèt ou, ni sou pwochenw
5-toujou aktif nan lavi a, depiw se yon mayon fèb wap giyonnen
6-ou pa dwe endisipline nan mistik, depiw pa gen disiplin wap giyonnen.
7-pratike enpostè, lew pran pòz ou konnen nan pratike saw pa metrize.
Mwen Michel Saby map konseye nou toujou chèche rete an amoni, evite salte lakay ou, sou kòw ak nan lespriw.
toujou ansanse lakay ou, netwaye lakay ou tou ak ti dlo sèl, siw toujou gen dlo lanmè li pi bon.
Toujou gen fèy yo lakay ou, fèy sa yo rele move fèy, 7 move dlo tou, ak lòt fèy kila pou sa.
-Benyen nan lanmè
-Benyen nan lapli sou do kay li wo pou dlo a tonbe direkteman sou ou, lè sa van ak dlo a fè yon sèl
-Benyen nan dlo ki soti anba tè, lèw pran dlo sa ou mete sèl ladanl ak fèy yo, ou benyen ak dlo sa epi vide yon ti kleren ladanl epi bal dife.
Se ti konsèy sa mte pote pou nou.
BENY POU TOUT TIP DE BLOKAJ DEBLOKE AK PWOTEKSYON ESPIRITUEL👇👇👇👇👇👇👇👇
🔥🔥
Bondye pa t voye pèsonn sou latè pou fè eksperyans echèk, mizè, se poutèt sa li te fè plant ak bèl kalite enkwayab yo disponib pou nou. Siw Wé ke tout bagay ap vin difisil, ke anyen pa mache jan li te konn ye a, pa di se sò. Leve chache koz pwoblem ou yo epi fini ak li, Bondye pap desann sou latè pou ede nou men Lanati plen bèl bagay pou byennèt nou👸
- Ou pa ka jwenn yon bon travay 🥺
-tout moun baw do malgre difikilte wap pase yo 😑
- Biznis ou pa mache ankò
- Degoutans lan rive nan biznis ou, kliyan ou yo prèske mouri 😳
- Ou chache lajan tout kote men ou pa jwenn 😢
- Ou paka rete nan yon relasyon🤦
- Ou wé li difisil pou w rankontre gason oswa fanm ki pral renmen w jan w ta vle a
- Mari w pa konsidere w tankou anvan, li jwenn yon lòt madanm li neglije w, lakay ou an danje 😳
- Ou gen pwoblèm pou vin ansent 👁
- Toujou malad, chak fwa malad men doktè yo pa vreman dyagnostike kòz la vre 😭
Sa wap ben bezwen👇
- 7 moso chabon cho
- yon sitwon
- Yon gwo kiyè siwo myèl
bonè nan matenSan pale au pesonn, pran bokit dlo ou, mete 7 chabon limen yon sitwon koupe an mwatye, yon kiyè siwo myèl.
Kite melanj la repoze tout jounen an nan yon kote ki trankil epi nan aswè pran beny ou ak dlo sa, anvan bwè yon ti gout epi fè ve ou ak ve ou vle anvan ou pran benyen ou san savon ni twal benyen. Kite dlo a sèch sou kò ou!
Fé Benye nan 3 jou pou gason ak 4 jou pou fanm ak nouvo engredyan chak fwa 🙏
Ou pral wè gwo chanjman nan tout domèn nan lavi ou.
Trè trè efikas 🔥🔥🔥RITUAL DEBLOKE AK LOUVRI PÒT ❗
✨
- Ou santi w bloke, pa gen okenn opinyon finansye, pa gen bon relasyon 😤
- Pwoblèm ou yo ap ogmante sèlman 🥺
- Ou pa gen lajwa viv ankò 😰
- Jou ferye yo ap pwoche men ou preske kole ak dèt sou tou de bò 🥲
- Pa gen anyen ki mache pou ou ankò 😭
#ENGREDIYAN
2 kokoye sèk
# PWOSEDI
Achte 2 kokoye sèk san yo pa diskite sou pri a, yon fwa lakay ou kolekte dlo a nan yon vè oswa yon boul!
Lave tèt ou ak sa a epi pandan w ap lave tèt ou ou pral di mo sa yo nan lang natif natal ou oswa nan lang lokal ou a.
"Pa gen moun ki konnen ki kote dlo a te antre nan kokoye a.
Se menm jan an ke pèsonn p'ap konnen ki jan pwoblèm mwen yo te disparèt."
Comentarios
Publicar un comentario