Bawon samdi

 Bawon Samadi

Chèf fanmi Bawon an

Chèf eskòt Gede a

Chèf Simityè a 


Yon gran jistisye

Moun ki gen Bawon ki mache ak ou, yon senp bouji nwa w limen nan yon latrin sou non yon moun ki fè w mal, gwo malè ka rive moun sa

Bawon Samadi la pou l resevwa e jije tout nanm ki vin nan simityè a aprè Gede Nibo fin foure tou yo, epi remèt nanm sa yo bay Kaptèn Senbo Lakwa pou rès travès la, oubyen bay Bawon Kriminèl... tou depan de sa moun sa te fè nan vivan l, fòk li peye travès la 


Moun ki asosye Lwa ak konpòtman humain, di Brijit se madanm li

Men mwen m prefere di Brijit se enèji ki vibre sou prensip feminen an ki konplete Bawon ki se prensip maskilen an ki pèmèt ekilib nan mond sila ki travèse yo, 


Fanmi Bawon yo anpil, Kèk nan sa nou konnen yo se : Bawon Lakwa, Bawon Samadi/Samdi, Bawon Loran, Bawon Kriminèl, Jan Simon Britis, Bawon simityè... 


Ou ka fè boutèy senfò yèwe pou Bawon, men se konnen ki fè, paske boutèy senfò Bawon an, jwe gwo wòl nan lakou yo (Ou ka santi lakou w frèt, ou pa gen kontwol kèk bagay, ou debouche boutèy ou sou regleman w ou simaye l nan lakou a epi lapè...).... Ou kapab bay bawon wonm tou

Nan lakou m, tout manje yo bay Bawon, se bagay boukannen : Kabrit, Aransèl, bannann, patat, yanm...

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka