Bale pit

 Ki enpòtans yon balé pit genyen nan vodou ? 


Sa Nou Dwe Konnen ! 


Nan vodou , balé pit nou konnen an pa senpleman yon zouti pou netwayaj . Li gen yon siyifikasyon mistik ki trè  pwofon epi li se yon senbòl de pirifikasyon ak pwoteksyon. 


Balé pit la itilize pou balaye move enèji ak pou netwaye espas sakre yo anvan rituèl yo kòmanse. nan vodou nou  sèvi avek li kòm yon baryè kont lespri malveyan,  lè li plase atravè yon pòt oswa yon fenèt. 


nan seremoni vodou yo, balé a itilize pou trase sèk sakre  oswa pou trase kek vevè , ki se desen senbolik ki reprezante divinite yo oswa lwa yo. Chak mouvman nan balé a pandan nap trase vevè yo gen yon  entansyon espesifik epi li fèt ak respè ak presizyon. 


Balé pit la se yon senbòl de otorite mistik . Nan kèk tradisyon, Houngan oswa Mambo , ki se prèt oswa prètès vodou a, yo  itilize balé a pou dirije enèji yo pandan yon seremoni vodou,  epi pou gide lespri yo nan direksyon ke yo  vle a.

sou kek dimansyon ak rit , genyen plizyè espri ki sevi avek balé pit pou yo fe gerizon , tankou , Marinèt , dantò , tijan , kafou , kriminèl , ect . 


genyen kek antite sou dimansyon gad ki sevi bale a kom senbol mistik .

nan kek pratik mistik , yo sevi ak balé pit la pou pwoteksyon kont maji , pou dezanvoutman , pou giyon , pou de anté kay , pou pwoteje lakou , bitasyon , demanbre , jaden , yo itilizel pou al chache nanm nan simityè , pou anprizone demon , yo itilize l pou mare pwen ak anpil lot bagay mpa bezwen site sou rezo a . 


balé a se yon eleman esansyèl nan pratik mistik , tout lakou mistik , bitasyon ta sipoze gen yon balé pit monté nan lakou a . 

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka