Ayizan vèlèkètè
VÈVÈ AYIZAN VELEKETE
Ayizan se yon lwa nan panthéon vodou a.
Nan mitoloji a, yo prezante li kòm madanm Papa Loko. Se yo 2 a ki remèt ougan ak manbo ason nan seremoni kanzo.
Ayizan se yon enèji bon jan.
Ayizan se yon enèji bon akèy.
Ayizan se yon enèji lanmou.
Ayizan se lespri ki favorize bòn antant.
Nou bezwen enèji sa lè nap vann nan mache.
Nou bezwen li nan tout biznis nou.
Nou bezwen li lakay nou.
Nou bezwen li nan rapò nou ak fanmi, ak zanmi, ak kliyan.
Nou bezwen li nan lakou yo.
Se enèji sa kap fè komès la mache.
Se enèji kap atire lanmou ak respè.
Moun ki konn Ayizan pa pouse moun.
Moun ki konn Ayizan konn chouchoute moun.
Moun ki konn Ayizan pa mare figi yo.
Moun ki konn Ayizan pa blese moun.
Moun ki konn Ayizan konn resevwa moun.
Ann nou liminen pou Ayizan.
An nou antre enèji sa lakay nou pi plis.
Ayizan Velekete
AyizanSoti Nan Ayi..Tè Zan..Zanmi
Ayizan Vle Di Zanmi latè
Ayizan Vle di Palmis tou
Mambo Ayizan Velekete C Manman Tt Houngan Ak Mambo
Mambo Ayizan Se Yn Moso nan Vodou
Rad Mambo Ayizan C Wob Blan Muchwa Blan
Manje Ayizan Diferan
De tt lwa paskel Manje Mayi ak Siwo Kann
Depiw pa Inisye ou pa k Goute nan Manje sa
C yn Batèm ak Espri Zanset yo
Mambo Ayizan Bwe Dlo.kola Blan .siwo Dòja ak Siwo Kann
Ayizan Se Sè Ayida Wèdo
Se pa yn lwa lel vini kap rete
Se sak fe Houngan ak Mambo tj kuri antre nan Hounfò avel pu chire Ayizan
C nan Ayizan Nou Jwenn Ayisyen .Ayiti
Sa vle di Klèman Depiw fet sou Tè sa Ou se Pitit Ayizan Velekete
1) Ayizan s on divinite ansyen, ki chita nan baz kreyasyon an, menm jan ak Granm Aloumandja, se kèk grenn medium wi ou jwenn ki gen Lwa sa danse nan tèt yo, s on Lwa ki tèlman saj e pur, se nan tèt pèsonaj li plis manifeste… se trè ra, pou m pa di enposib pou w jwenn jèn moun gen Lwa sa
2) Rezon k fè toupatou sou teritwa a ou jwenn se palmis ki reyelman repozwa l se paske l enkane prensip tè a, li mache kòtakòt ak Zaka, li fè pati premye gwoup Lwa ki te desann sou zile a nan seremoni Bwa kay manbo Inan… Selon petite histoire, li te desann sou yon pye palmis, et par la suite Palmis lan te vin jwe yon pakèt lòt wòl nan mouvman zansèt nou yo t ap mennen…
Comentarios
Publicar un comentario