Anikòn
Annikòn: Anti-Pwazon & Yon plant nou dwe konnen Non syantifik: Acacia scandens Lòt non: kakòn, lyann kakòn, silikòn (nan lang lespri) Anglè: Mackay bean, Nicker bean, Saint John's bread, Sea bean Fransè: Acacie à grandes gousses, Cacorne, Liane cacorne (Ayiti), Liane oua-oua, Liane-boeuf Si w gen boutèy kòs serye w lakay ou, ou dwe graje yon ti tyenng nan plant mirak sa mete ladan l. Kèk Benefis Annikòn Genyen Ladan l: - Annikòn se youn nan pi gwo plant antipwazon sou latè, anti-vant fè mal san kanpe, menm si vant fè mal la depi lontan, li fin rabi. - Doulè règ, enfizyon nan dlo pandan yon tan epi bwè - Yo itilize ekstrè nan li pou trete ilsè gastrik. - Plant sa ra anpil, menm moun ki konn fwi a pa konn pyebwa a pi rèd toujou. Se pa bagay ou jwenn tout kote menm. - Gous li long anpil anpil, e se anndan gous sa yo n ap jwenn grenn yo, anpil fwa li gen fòm yon kè. Se pou sa yo konn ba l ti non: heart-seed (grenn kè). Li p ap gate si w pa mete l nan twòp imidite ou kote ki mouye. Ou ka lese l nan nenpòt kwen lakay ou, l ap ba w plizyè ane, chak ou bezwen ou graje ti kal. Se yon plant frajil, dozak la enpòtan; pinga malè itilize twòp. Malfektè itilize l pou konpoze pyès tou. Tout plant yo gen de mannyè. Se nou moun tout bon ki pou itilize yo byen pou fè byen. Ou pa dwe pa genyen l nan kwen kay ou. Gen moun ki itilize l pou jan l fò e kwape vye enèji e rale chans, yo rele l Luck bean/seed (pwa/grenn chans). Gen moun ki toujou gen 1 a 3 grenn nan pòch yo, konsa tou moun konn fè bijou ak li pou mete lakay yo ou pote sou yo. Annikòn se youn nan Mèt Plant ki genyen sou latè. Ayisyen souvan pran plant yo pou sekrè pèsonèl yo tandiske plant lan deja gaye nan mond lan depi plizyè milenè e anpil pèp itilize fason diferan deja. Limen sèvèl nou mezanmi epi pataje richès nou yo pami nou menm pou pwoteje lavi. Se youn nan pi gwo plant Antidòt | Anti-pwazon ki genyen.
graje ti kal mete nan boutèy nou, oswa mete l nan yon ti poban oswa sachè pote nan valiz nou ou bous nou, nan ka nou bezwen pou sove lavi pa n oswa pa yon lòt moun. Se pa tout pwazon li trete men li trete anpil, e sa l pa ta ka trete l ap ede l ralanti rapidite pwazon sa atake kò nou, plis chans pou rive jwenn swen sante lopital ou nan men pwofesyonèl sante ki ka ede w.
Annikòn se youn nan pi gwo plant antipwazon sou latè, anti-vant fè mal san kanpe, menm si vant fè mal la depi lontan, li fin rabi.
- Doulè règ, enfizyon nan dlo pandan yon tan epi bwè
- Yo itilize ekstrè nan li pou trete ilsè gastrik.
- Plant sa ra anpil, menm moun ki konn fwi a pa konn pyebwa a pi rèd toujou. Se pa bagay ou jwenn tout kote menm.
Youn nan pi gwo plant sou latè. Endyen yo konsidere l kòm yon Pyebwa sakre. Se youn nan plant ki trete plis maladi, koumanse nan opresyon ale nan lèp ak prèske tout maladi po, elatriye.
Se youn nan plant pou n ajoute nan lis Plant Kle nou yo. Ayiti menm, se zwazo Madan Sara ak yon dal lòt k ap manje grenn yo epi pyebwa a jis rete la, yo konn koupe branch lese gaspiye atè.
Konsèy Pinga lese pèsonn graje tèt mò ba n bwè. Ma a toujou ret anndan w paske kò w pa ka dijere l. Li gen efè segondè. Plant pi efikas pa egzanp annikom l'an ou ka grajel chofel nan Yon ti kleren bay malad la bwè six gen Yon ti bb vant li anfle si se gaz ki fel sa ou ka graje on ti annikom toupiti ou Pije let manman an ou metel nan let la ou bal bwè ou ka graje je bourik tou sispann ak pratik tet mò an li pa bo'Yon ti priz poud jiwòf, si w pa gen poud la jis pile jiwòf la, epi ajoute yon ti priz nan yon vè dlo cho, lese l byen melanje (enfizyon) apre sa bwè vè dlo sa yon moman anvan randevou a, ayayay se chapo ba. W ap danse anpil bann rara nan defile sa. Sa bon pou nèg mòlòlò yo. men si w sibi maladi kè, pa ale la poze w.
Comentarios
Publicar un comentario