Andometriyoz
Andometriyoz
Sijè jodyan trè enpòtan , non sèlman li pètibe medam yo fizikman menl pètibe yo sikolojikman tou e li konn gen gwo efè nan mitan koup yo, yo fè mach pou li an ayiti paske gen anpil ayisyèn ki viktim
pataje tèks sa poul atenn plis fi paske jiska jodya gen anpil ayisyèn ki panse doulè règ son bagay nòmal
M pral pale nou de andometriyoz ,banm ba nou yon ti ide :
-nou konn souvan tande fi ap plenyen de vant fè mal nan moman règ pa vre? Andometriyoz se youn nan pi gwo koz ...
-anpil fi ki paka mennen yon gwosès a tèm oubyen tonbe ansent andemetriyoz se youn nan koz yo ,poum site sa yo sèlman nou gentan konprann se pa yon jwèt
Ann fon ti rapèl, fi gen règ se paske matris li tap prepare pou yon bebe , si sa pa arive fèt, matris la evakye tout preparasyon sa e sa ki bay san nou jwenn nan moman règ la ,e gen yon kouch nan matris la ki rele andomèt se li ki ranpli fonksyon sa...
Kisa andometriyoz la ye o jis?
Se lè eleman ki ta sipoze anndan matris la trouvel an deyò de matris la
Nou wè l paret senp pa vre?
Epoutan map fè nou konnen mesye dam tout kote ki gen eleman sa yo kreye yon fwaye e lè moman règ ou rive ,yo senyen tou kelke swa kote yo ye a e se la tèt chaje an kòmanse...
Kisa k kozel?
Jiska jounen jodya koz ekszat la ret yon mistè nan mond medikal la men anpil etid eseye avanse plizyè ipotèz
Sa enplike plizyè faktè
Men ipotèz yo plis bay privilèj👉🏾 lè moman règ san pase de matris a vajen pi sòti deyò , men sak konn rive a andometriyoz vin gen sa yo rele " menstruation retrograde" yon pati nan san pa swiv direksyon sa li konn monte al nan troup gaye nan vant etc... e li pote avèl tout selil(pi piti eleman ki vivan nan kòw) ki te nan matris lan nan rejyon sa yo e selil sa yo vin devlope an deyò matris la yo konn al sou twoup, sou ovè yo, defwa nan trip nou etc... yo konn menm rive jis nan poumon nou, e kèk è sifi pou yo kòmanse miltipliye...
Men kot bagay la vin grav lè moman règ sou enfliyans òmonn yo(sibstans ki libere nan san ki pral aji a distans) , eben fwaye sa yo m tap pale nou yo senyen tou nan moman règ la kelke swa kote yo ye an, men kot bagay la konplike an se ke tout san règ al deyò men san sa akimile e sa ka irite òga'n ki konsenè yo e koze yo anfle e fè òga'n nan sibi anpil sikatris
-Anpil etid ta vle fe konnen jenetik enplike ladann ,avèk sisbtans nan anviwonnman tankou "dioxine" favorize aparisyonl
- gen lòt ki panse kitaj jwe yon wòl nan sa paske li pote avèl eleman ki nan matris lan an deyò de matris la lè yap fèl la
- anpil panse sezaryèn favorizel tou
Ki kategori fi ki a risk?
- fi ki te gen règ bonè (avan 12 an)
- fi ki nan moman règ pèdi anpil san e ki gen règ ki dire plis ke 7 a 8 jou
-fi ki obèz
-fi ki pako fè pitit
-fi ki gen paranl ki soufri andometriyoz
- fi ki gen anomali nan òga'n jenital yo
-fi ki renmen vyann wouj
Kisa yon fi ki viktim de andometriyoz ka santi?
Anpil fi konn pa prezante okenn sentom men lè yo prezante yo konn santi doulè
- yo ka santi doulè pandan règ e moman ovilasyon
-yo ka santi doulè pandan e aprè yon rapò seksyèl
-yo ka santi kanal brile lèw ap pipi
-yo ka santi doulè nan do
-yo ka santi doulè lè yap twalèt nan moman règ
-lè yap met tanpon yo ka santi doulè lèl ap metel
Lè kote selil yo ye an kòmanse sikatrize moun nan ka menm santi doulè an deyò de moman règ
-si l atenn trip moun nan li ka ap senyen nan dèyè nan moman règ
O komansman fi an ka tolere sentom yo , men o fil tan yap vin pi entans , e fi an ka paka sipòte ankò
Anplis de doulè an anpil fi konn prezante lòt siy a sentom tankou:
-Fatig ki la lontan
-tankou yon bagay anndan vant li kap ralel desann
-Li malalèz
-twoub nan imè
Ki konsekans maladi sa gen sou fètilite medam yo?
Fwaye yo ka devlope nan tronp, nan ovè e anfle kote sa yo
Si se nan ovè yo devlope sa ka provoke kis ki koulè chokola se sak fè yo rele kis sa yo "kyste chocolat" fi an ap gen pou pwoblèm pou ovile
-si se nan twonp lan yo devlope , tronp yo ka paka kapte ovosit la lè fi an ovile menm sil ta kaptel akoz de reyaksyon enflamasyon an sa ka anpeche ovosit la enplante nan matris fi an
Eske gen solisyon avèl?
-wi gen solisyon
Se sak fèl enpòtan poun fè ti check-up nou , malgre jann wè siy a sentòm yo anpil la konsa tou li konn pa prezante okenn siy a sentòm
Comentarios
Publicar un comentario