Agasou
Lwa Agasou".
Agasou se yon Lwa ki gade ansyen tradisyon Wayòm Dahomey nan Vodou Wès Afrik la e se yon Lwa Rada nan Vodou Ayisyen an.
Gen Agassou Yemen, Agassou Dam sele, Agassou Mahoundé, Agassou Wèlo...Yo salye yo touswit aprè Sogbo ak Gbadè e aprè w fin salye yo ou tonbe nan Lwa Silibo Vavoun epi pase pran Agwe. Tandiske Atyassou Ouangòdò/Yongòdò yo salye li aprè yo fin salye Grann yo/ Grann Ste Anne, Grann Batala, Grann Aloumandja, Odoudoua... E tou swit aprè ou salye kafou yo/kafou tengendeng, kafou gidigidi, 21 pwen kafou, kafou 4 chimen, etc...
Agassou se patron tout Leyopa(Léopard), majisyen(wangatè). Yo di li se yon lwa lajan tou.
Lè wap prepare pou loa sa mete "Lances, bloucliers, miroir, cigarettes..." ou ka mete yn senbòl Krab tou paske li konn pran fòm sa lè li manifeste.
Nan mitoloji vodou a yo di Agasou se pitit yon imen ak yon espri: manman an se te yon prennsès e papa l se te yon leyopa🐆(espri) Se sa k fè lwa sa se dirijan e wa yon sèkt ou sosyete an Afrik ki rele Leopard Society Lance ak Bouclier se kado papa l te fè l.
Nan priyè djò yo konn rele l Hougan Ati-Agassou de Bo Miwa, pou fè lonè ak travay li antanke Wa e majisyen. Pa bliye mo Ati a menm vle di Ghuru ou Maha Ghuru ki vle di Grand Maître
Ou jwenn li nan rit petro a tou, yo rele l Hougan Agassou.
Yo fè nou konnen ke Agasou se yon anvwaye an Ayiti pa Mètrès Ayida Wèdo pou pòte ba zansèt nou yo pratik maji pou soulaje doulè ak soufrans esklavaj. Lè sa li te pran fòm Krab, se sak fè yo souvan itilize senbòl Krab pou li.
Jou li se jedi, koulè li se mawon e ò, gen kote yo ajoute blan tou.
Comentarios
Publicar un comentario