4 eleman yo
(4eleman)
Dife (chalè)di li se youn nan eleman ki pi enpòtan nan Evolisyon ak sivilizasyon lòm sou latè.🔥
Dlo di Dife mw konprann enpòtans ou nan lavi lòm ,men san mw lòm patap gen lavi, e pi mw gen poufwa poum touye dife. 💦
Van an di mw se souf ki fè lòm respire san mw lòm patap gen lavi , e mw gen pouvwa poum seche dlo ak etèn dife 🌪️
Latè di malgre tout sa nou fè pou lòm men se mw ki bay lòm manje , san mw lòm patap gen enèji , mw gen pouvwa sou dife se mw ki bay dlo kote poul rete , si van pa leve pousyèm yo pap wèl.⛰️
Pandan tout pèsonaj yo fin pale yo rive ak yon konklizyon ke se ansanm yo fè plizyè bagay malgre diferans yo ,e se avèk inyon yo ak fòs kreatris vibrasyonèl la, yo te mete ansanm' yo bay lòm nesans.
Men Lòm vin evolye lòm pran yon metal nan tèa li itilize dife ak dlo pou bay metal la fòm , aprè li mete metal la Yon kote pou van fèl frèt li fè yon kouròn mete sou tèt li , lòm di malgre tout fòs nou genyen men mw evolye pase nou poum ka itilize nou an favèm jan mw vle.
Malerezman tan an pase lòm vin mouri fizikman , souf li tounen jwenn van , san li tounen nan dlo , zo li tounen pousyè , chalè dife ki tap chofe ògan li yo etèn.
Tan an di yo : tout sa ki existe vini avèk tan an , yo prale avèk tan an , se yon sèl bagay ki infini li rele tan , menm jan chak matyè yo gen enèji pa yo , lòm ki se yon konpilasyon de 4eleman yo li kreye pwòp enèji pal li kreye memwa ki ka viv atravè tan an e atravè tout sa li kite kòm eritaj e nan memwa sila yo ki vivan. <<Lòm gen aksè pou vini e ale ,lòm ka aksede memwa yo atravè tan an selon prensip inivèa ak nivo konsyans evolitif li, enèji lòm ka reinkane (tounen nan chèa) >>
Lavi se yon lekòl chak grenn nan nou gen pou aprann , sa ki pa janm konsyan de existans yo e poukisa yo nan klass la pap janm evolye , genyen ki ap rete nan menm klas la akoz de kwayans yo oubyen parès yo , lavi pa yon gè kont satan ni lòm kont lòm .
4 ELEMAN YO NAN VODOU🕯️
1-LÈS ki se LÈ oubyen VAN wap jwenn enèji GEDE NIBO ou PAPA LOKO
2-LWÈS ki se DLO wap jwenn enèji MÈT AGWE
3-NÒ ki se TÈ wap jwenn enèji GRANN ÈZULI
4-SID ki se DIFE wap jwenn enèji OGOU
Comentarios
Publicar un comentario