3 pawòl

 Twa (3) Pawòl II Bwa Nègès II Ti Kafe 

Non Syantifik: Allophylus racemosus Sw.

                        / Allophylus occidentalis Radlk

Lòt Non: Kafé jòn, Ti kafé, Bwa négrès (Kreyòl Gwada, nan Antiy fransè)

Panyòl: Palo de caja 


Twa Pawòl se yon gwo plant, moun ki konnen bay plant sa anpil respè ni pou pwopriyete medisinal ni pou fòs mistik li. Men pa gen anyen pou nou pè la, se yon plant li ye. Li byen fèt rele 3 pawòl, si nou byen swiv n ap wè fèy yo regwoup an 3 folyòl, yo mache an marasa 3. 


Pinga nou konfonn li ak Twa Zòm Fò (N ap pale sou sa li menm nan yon lòt pòs). Pa gen anpil pèp ki konn sekrè plant sa sou latè. Ayisyen se youn nan ra pèp ki dekouvri nannan fèy sa. Nou p ap janm ka di tout koze yo la, men pami sa nou ka trete ak li Ayiti, sitou ak fèy la, sou fòm enfizyon (toufe nan dlo cho), nou ka jere tèt fè mal ki maledve, vant fè mal / kranp, sezisman, enfeksyon ak yon dal vye maladi nan depatman anba nou; epi li anfòm sitou jere gason mòlòlò ki manke bann pou danse rara nan tèt menaj/madanm yo. 


Pou dosye gason vanyan an menm, si fèy la ni kòs la ou bouyi ansanm ou ka ajoute de twa klou jiwòf, yon ti jenjanm, grenn joumou, ti grenadja ak asosi w. Chaje lòt ti bagay pou w manje ou ajoute. Men ou kenbe l senp pou w kòmanse rale, kenbe pye tab pou kanpe, fè ti mache w. W ap degaje w. Nou ka toujou mande m monte boutèy Kolonèl la pou nou tou. Kolonèl: Se li ki gen kontwòl bann nan. 


Pou dosye poud 3 pawòl la, n ap kite l pou pale ak grandèt yo yon jou. Lakou a gen timoun ladan l tou, koze yo pou yon lòt lè. Apa Asyiyen se kèk pèp otoktòn nan Sid Amerik la ki konn kèk ti koze sou plant sa byen, ak Afriken sitou senegalè yo ki itilize yon varyete konsa prèske menm jan ak Ayisyen. Kiba sitou yo itilize yon espès preske menm jan an Palo de Caja (Allophylus Cominia) ki efikas anpil nan trètman maladi sik / dyabèt. Medsin Fèy Ayisyen an pa nan rans ak moun, li granmoun menm jan ak tout medsin tradisyonèl/atènatif. Se konnen ki konnen.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka