Tenis sou fil kouran
Voye Tenis 👟sou fil kouran.
Se yon pratik Ki genyen anndan Pifò Geto Yo. Anpil fwa nou konn ap pase nan kè katye popilè yo, Nou konn voye Je Nou anlè, epi n wè anpil Tenis Pann ap balanse sou Fil Kouran Yo. Pa vre èske Nou konprann Siy sa (Senbòl) ?
Tenis Anlè Sou Fil Kouran.. Pratik sa Vle di Anpil bagay nan Geto yo. Pratik Sa Pran Nesans Anndan Geto yo, Nan baskèt street (baskèt lari) Ki te konn gen nan Lari.. Men Se Ozetazini Li sòti estil Sa, Yo te fè se lè gen bif jwèt la, goumen antre yo, konn arive menm gen nèg ki konn mouri nan batay sa.
Ebyen lè yo konn gen Youn ki mouri, yo konn retire tenis ki nan pye nèg ki mouri an epi yo voye tenis sa Anlè, se yon Siy pou make memwa nèg ki mouri an, Jis pou raple Sa k fèt la.
Pratik sa pral vin pran anplè nan anpil Geto, sitou nan amerik lan. Tankou Etazini, Meksik, Kolombi, Ayiti Elatriye. Ebyen yo pral ITILIZE l kòm lòt bagay.
Gen Geto Nou Konn Wè Yo sa vle Di Yo Vann DWÒG la.
Gen kote li vle di gen baskèt Lari la nan Blòk sa. Konsa li konn vle di gen katèl nan espas sa. Konsa tou gen Vòlè ki konn Vin Vòlò nan Zòn sa yo. Moun Blòk La konn pran yo, touye yo, epi pran tenis Moun ki mouri a, yo voye anlè pou moutre Zòn sa pa nan Jwèt ak Vòlè. Se yon Senbòl pou VÒLÈ yo. Gen Dil Dwòg, Dil lajan, Machin ki konn Vin fèt nan Zòn sa yo. Konn gen Trafikan ki konn mouri nan Di l yo, Patizan nèg blòk yo konn fè Menm bagay la tou. Pou Voye Siyal Bay Lòt Yo. Konsa Tou Yo Konn voye yo Sou Fil Kouran yo pou Bon Plezi nan Geto Yo. Chak Geto gen prensip ak Regleman yo. Pa pote boure sou yo konsa, San Ou pa konnen. W ap Pran nan Zen.
Chak Senbòl nan Geto yo vle Di anpil Bagay, E Chak Se yon mesaj Kache nan Blòk la. Jodi a Mwen te vle pataje ti enfòmansyon sa avèk Nou. Tenis yo pa voye anlè pou gran Mesi konsa Sou Fil yo. Gen Lòt bagay Mwen pap DI Nou Sou Li.
Comentarios
Publicar un comentario