Rit Kanzo
Rit Kanzo (Asongwe) ak Rit Deka.
Rit Kanzo ak Rit Deka fè pati de 2 rit inisyatik ou jwenn nan Tradisyon Vodou an Ayiti.
Tou 2 rit sa yo itilize kalbas kòm objè senbòl mistik, diferans lan Asongwe an itilize kalbas kouran e Deka an itilize kalbas òdinè avèk prosesis chemineman inisyatik yo ki pa menm, men finalite se pou fè ou fè fas ou amonize avèk lwa jeni ou, e dekouvri mistè divinite sa ki pwòp ak reyalite chak moun e konnen tèt ou.
Konsèp ou mo Asongwe an dezinye kalbas e mo Deka an dezinye kalbas tou nan lang zanzèt nou patikilyèman Zansèt ki gen orijin yo nan Afrik de lwès.
Geografikman rit Kanzo an trè repandi nan zòn lwès ak gran sid Peyi Ayiti jiska ba latibonit, li se rit ki pi popilè an Ayiti, tandiske rit Deka tabli kòl nan Plèn Gonayiv ak sèten rejyon nan nò peyi Ayiti.
Comentarios
Publicar un comentario