Rad karabela

 Wòb karabela 


Nan Vodou an Ayiti e nan anpil Peyi nan Karayib lan ak kote gen dyaspora Ayisyen ki prezan..., Rad ( Wòb, Chemiz) Karabela fè Pati de Rad Tradisyonèl e rad rityèl pou moun ki nan Spirityalite ak mistik. 


Yo plis pote ansanm avèk Rad Syanm, epi Twal Koton blan nan Regleman Vodou. 


Jeneralman se 3 Rad anpil Lakou ou Bitasyon mande pou fè, lè yon moun ap entwodwi tèt yo nan Vodou. 


Rad Karabela adopte pa anpil Lwa nan Vodou an Ayiti, pi popilè an se eskòt lwa Zaka yo.

Gen lòt lwa ki adopte Rad Karabela pou rad regleman yo tou, tankou Ogou, Dantò, Manbo Inan ...pou site sa yo sèlman. 


Karabela se yon twal koton, ki fèt ak Twal Ble klè, e yo tise ak fil ki gen koulè ble digo e fil blan, ki pa lòt bagay ke yon twal chenmbrey ki gen orijin li nan Peyi Blan meriken. 


Gen lòt sous ki di Non chenmbrey lan jwenn gen orijin li nan yon zòn nan Nò Peyi Lafrans yo rele " Cambrai " kote yo te pwodwi twal sa nan 16 Syèk pou rantre nan kòmansman 17e Syèk lan.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka