Ougan/manbo
Kisa yon Ougan/Manbo ye ?
Avan tou m ap di nou, danse Lwa pa fè yon moun Ougan oubyen Manbo, se KONESANS.
Yon Ougan/Manbo se yon moun ki chwazi sou regleman bitasyon li, pou ede, oryante moun, bay lavi e tiye pou pwoteje ak defann.
Yon Ougan/Manbo se yon moun ki gen regleman ou kondisyon nan men li, ki pèmèt li konsilte mond espri yon: lwa/zansèt a travè kondisyon oubyen regleman li gen nan men li.
Gen plizyè metòd konsiltasyon: yon ougan/manbo ka itilize pou konsilte espri yo tankou: kat, chandèl, tas kafe, pip elatriye.. tou depan de regleman moun lan.
Ou pa vin Ougan/Manbo ou fèt konsa, men gen cheminman espirityèl e mistik ou fè ki pèmèt ou vin yon ougan/manbo an ekzèsis.
Gen plizyè tip de ougan/Manbo gen ougan/manbo asongwe, gen ougan/manbo deka, gen ougan makousen.
Nan etimoloji mo yo nan lang Fon Ewe ke yo pale nan Peyi Benen, ansyen Wayòm Dayomen, yon ougan (hounò) se yon moun ki ap jere yon lakou ou yon kominote.
Yon bòkò ( bòkònò) se yon moun ki pito gen yon badji pèsonèl li l ap jere sèlman.
Men Ayiti gen kote, konsèp Ougan ak Bòkò vle di menm bagay.
Depann de zòn lan tankou jeremi Ougan/Manbo yo, yo rele yo Ganga.
Gen diferans tip de Ougan/Manbo ki depan de zòn moun lan sòti ak rit mistik ou inisyatik ki pi enfliyan nan zòn moun lan tankou:
Ougan Deka an ki se yon moun ki ougan e ki inisye nan Lakou tankou Soukri/Souvenans.
Ougan asongwe li menm rezevwa inisyasyon kanzo ki gen 3 nivo ladan l.
Ougan/Manbo Makousen se yon moun ki kouche sou regleman Danti bitasyon lakay li. Tout ougan ranpli menm fonksyon.
) Kisa ki yon Hougan/Mambo?
Ougan, manbo, sèvitè lakou, sèvitèz:
Tout se moun Lwa yo chwazi bay konesans pou ede moun.
Ougan ak manbo se sèvitè ki òganize tèt yo pou
pwoteje sekrè mistik pou malfektè pa sèvi ak
yo. Wap jwenn Hougan/Mambo Makout ak Hougan/Mambo Asogwe.
_Hougan/Mambo Asogwe:
Pou rive ougan oubyen manbo sila ou dwe sibi yon inisyasyon ki mennenw jwenn Asson. Lè sa yo rele ou « Asogwe ».
_Hougan/Mambo makout se moun Lwa yo chwazi e ki kenbe tradisyon an jan grandèt yo kite yo sèvi bitasyon yo.
Yo gen yon travay enpòtan yo fè paske yo mache nan tout bwa ap bay popilasyon an sévis.
Gen plizyè rit inisyasyon, chak rit rele sèvitè yo jan pa yo. tout ap fè menm travay la.
Sonje se pa inisyasyon ki fèw Mambo/Hougan, se Lwa ki chwaziw pou sa✍🏿
Nou gen bòkò tou, ki se yon lòt bagay. Gen ougan ak manbo ki bòkò tou.
Bòkò fò nan maji ki se yon syans, yo konn anpil
sekrè yo resevwa nan men granmoun yo.
Yo konn kijan pou yo sèvi ak fòs ki nan linivè pou
yo fè tout kalite mirak.
• Yo konnen kijan pou yo mare pwen :
_Pwen se yon bagay bòkò fè ki
bay moun pouvwa tout moun pa
genyen. Gen tout kalite pwen, se
selon sa ou bezwen regle.
_Syans bòkò pran anpil tan pou
aprann epi li danjere.
Bòkò gen gwo responsabilite devan lanati, se pou
sa lè yo fè dezòd ak konesans yo, Lwa yo pini yo trè di.
*Si yo ta mandew ki diferans ki genyen ant Bòkò ak Hougan/mambo?*
_Mo a se Bokònò, nan lang *kikongo*, li vle di *sila ki kenbe konesans sakre a.*
_Tandiske nan lang *Fon*, Hougan/Mambo vle di *Sèvitè espri yo.*
E.V.ASA NOU DWE KONNEN.
Pep ewé nan togo ak benen nan afrik lwès , pou yo Mawu se nom divinite kreyatè vodou .
Mawu ki vle di nan lang Ewe "sa ki pa ka depase".
Krisyanis itilize menm konsep langaj Ewe itilize menm mo a nan yon lot sens pou yo deziyen Bondye kretyen an.
Ki reprezante pa eneji soley la ak lalin nan ! Dye soley ak deyès lalin nan ! Mawu ak Lisa reprezante dualité cosmique l’an !
Istwa Yoruba yo nan Iemanja ( aloumandja nan lang kreyol) ak Aganju ( agawou ) paran Orishas yo.
Comentarios
Publicar un comentario