Lenglensou
Lwa Lenglensou yo konn sou tou 2 regleman yo alafwa.
Li konn sou regleman Gad pwen, avan w sèvi avè l fòk ou jouke l, sa vle di ke li pwoteje e travay.
Lè w fin jouke espri sa sou regleman pa w se ou menm kap kòmande l, tout sa w di l fè lap fè l, e ou ka chwazi ba lòt non ou vle.
Rapèl: Gen espri ki sou regleman pwen sèlman, genyen ki sou regleman gad, e genyen ki sou regleman Gad pwen.
Sa m ap di la anpil ougan pa konnen l.
Egzanp Lenglensou sou dimansyon Gadpwen sa vle di si w genyen l nan lakou w pou travay ou kapab akonpaye l ak feray nan gad la (Fè nou konn wè nan lakou a) moun Latibonit rele l Lisifè.
Lenglensou manje kochon kribich, gen kote yo rele l kochon raba, se yon kochon jòn, li konn gen ti takte blan, nwa tou.
Koulè Lenglensou yo se wouj, men gen bitasyon lè l mache sou estòk lwa bosou yo yo konn ba l pote Koulè wouj e nwa.
Lè w jouke Lenglensou a ou ka akonpanye l ak yon lòt espri se lè sa w ka ba l pote yon lòt koulè nwa.
Rezon ki fè w ka ba l pote yon lòt koulè tou lè w fin jouke l pou l pa twò cho.
Si w gen yon regleman ak Lenglensou ou bliye regleman se ou menm k ap peye tèt kase a, li p ap ede w peye l.
Lenglensou pa jwe, li touye e li maspinen ak ponya l.
Lenglensou manifeste sou 2 rit nan vodou a.
Lenglensou manifeste sou rit petwo lè l sou dimansyon Gad pwen.
Li manifeste sou rit nago lè l sou dimansyon Gad sèlman. Bon bèt sa yo isit la w ap jwenn yo depi w pa gen konesans pa fè gwoup.
Si w ap jouke yon Lenglensou sou dimansyon Gad pwen se sou rit petwo a pou jouke l.
Si w ap jouke l sou Gad sèlman se sou rit Nago a pou jouke l.
Lè Lenglensou sou rit Petwo a li vin mechan anpil, lè sa ou ka akonpanye l avèk lòt espri tankou Belekou yèmen, oubyen Bosou.
Lè l sou rit Nago a, ou ka akonpanye l ak youn nan ogou yo, tankou ogou Badelo, Ogou feray, paske lwa sa yo renmen dife, lè w ale kay ougan fè ou wè ki nan lakou a sa yo toujou ba l dife a se la w ap jwenn Lenglensou a sou rit nago a, gen kote yo rele l feray, Latibonit yo rele l Lisifè.
Se pa tout bitasyon ou jwenn Lenglensou, men depi w tande Bosou, Ogou feray, Belekou Yémen yon kote ou mèt konnen Lenglensou pa lwen kote sa.
Lenglensou chich anpil, paske l konnen si l ba w l ap difisil pou l jwenn nan men w, konsa tou si l resi ba w konnen l ap kontinye ba w ale nèt men depi w fè l fache ou pap janm jwenn afè l ankò paske l vrèman sevè.
Lenglensou manje diri wouj, li bwè diven wouj, ou ka ba li l anmè ou dous sa depan de regleman bitasyon w.
Lè l sou rit petwo se diven wouj pou ba l.
Lè l sou rit Nago se rhum, bon jan kleren blanch pou ba l, paske w pap ka ale devan feray la ak diven, si w ale ak diven devan feray la se san ou vin mande l.
Tout moun konnen nan mistik diven wouj se san.
Comentarios
Publicar un comentario