Ganga Wouke

 Ganga Wouke 


Ganga Wouke yon pawòl nou jwenn nan youn nan chante Tradisyonèl Ganga. 


Nan Lakou Soukri ki se yon Gran Lakou Vodou kote Tradisyon Kongo Wayal Bazou Mennen ak Wongòl ap kenbe. 


An nou tounen sou mo Wouke an, nan anpil lang yo pale an Afrik tankou Fon ak Ewe nan Benin, Yoruba nan Nigerya ak Kikongo nan Wayòm Kongo avan kretyen kolon yo te balkanize Lafrik, mo yo gen plizyè sans, yo ka itize yo pou dezinye ou idantifye Non moun oubyen yon bagay nan Nati, oubyen yon choz. 


Byen ke pa konn orijin mo Wouke an, men Ayiti mo Wouke an gen de sans yo itilize pou dezinye yon moun ki travay anpil " depi maten w ap Wouke nan jaden " oubyen yon moun ki pale avèk ògèy ( rigè ) souvan jan yo di sa nan Lang Kreyòl la. 


Youn nan fason yo dezinye lwa kongo, yo di yo se Lwa travayè, Ganga dezinye ou reprezante fòs ak Pwisans Divizyon Kongo an, esa k fè youn nan Non Vanyan yo ba li, yo rele li (Gwonèg lan ).

Nan chante " Ganga Wouke an "

Mo Wouke an vle di ke Ganga se yon Nèg menm kote l ap di sa l ap di an, lap aji, yon Lwa pawòl li mache ak Aksyon li, menm kote li di pawòl lan li materyalize li. 


Bayawonn 🌳 Ganga an ap toujou vèt🌿,Manman weee !!!

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka