Figye nan vodou
FIGYE
Nan tradisyon dantan, chak pyebwa jwe yon wòl patikilye, mande Orisha yo padon pou w ta koupe yon pyebwa sakre.
Verite pa dwe kache, labib fè nou konnen genyen yon "pyebwa lavi".
Si w mande nenpòt kretyen kisa tèm sa vle di ? L ap bèkèkè.
Pwiske se lakay nou yo plajye l... Krisyanis pa gen nosyon KOSMOMOGONI.
Nan vodou lakay figye sakre. E pa pou san rezon. Pyebwa lavi ou tande a se pye figye, Loksidan yo rele l sikomò (sycomore), figye farawon.
Nou konnen nan lang MEDOU NETER se "NEHET".
Figye se senbòl : abondans, fekondite, byenveyans, rezistans, pèseverans...
Gen sekrè nou kenbe...
Comentarios
Publicar un comentario