Fè leson
Fè Poukisa yon moun bezwen fè "LESON" ?
1- Pou konnen kèk bagay k ap pase sou tèt ou.
2- Pou konnen sa k ap pase nan demanbre w.
3- Pou konnen Ki lwa Ki mèt tèt ou.
Ou Pa dwe ap viv ak mistè yo sou dout, Mistè yo konn itilize lide w pou pale avè w, se sizyèm sans lan.
Pa fwa Ou konn rete lide w di w fè tèl ou tèl bagay, dèfwa se lwa Ki kominike avè w konsa.
Pou Pa fè betiz, ou chèche konnen, ou fè yon leson.
- Kiyès nan lwa w yo ki avè w
- Ki jan yo mache avè w
Fo w poze kesyon lè wap fè yon leson, fò w mande pou kisa lwa a vle tèl ou tèl bagay.
Pa ekzanp: Ogou, Dantò ou kouzen nenpòt nan lòt lwa yo, renmen w li Mande w bag, Fò w Mande pou kisa ?
Gen anpil moun Ki konnen se sèlman lajan lwa ka ba l.
- Lajan enpòtan vre, men gen anpil lòt bagay lwa ka ba w, li ka di w tou.
- Kèlkeswa li se gran venerab, li se prèt Vodou, li se Anperè, li se Ati, li se Gwètò, li se Hougan, Manbo li bezwen byen materyèl la tou pou l fonksyone.
Gen moun Ki Pa konnen ki mistè pou l adrese lè li bezwen yon bagay.
Sa trè enpotan
Gen anpil mistè ou ka Mande, men mistè ou Mande a se ka Pa li menm Ki nan kay tout mistè k ap mache avèk ou yo, pou l ba w sa w Mande a.
- se sak fè gen anpil moun k ap di yo liminen tèl ou tèl lwa epi yo Paka jwenn anyen yo Mande a.
Men sa tou li enpòtan gen bagay pou nou konnen.
- Chak grenn espri ki bò Kote w, chèche konnen sou ki kad li ye avè w.
Se vre Anpil nan nou di nou sèvi lwa nou bezwen kay, nou bezwen machin.
- jan pou nou Mande a, chemen pou nou pase a, antite ekzat la, sa w ta dwe fè a ou Pa konnen l.
- youn nan kondisyon yo, se jwenn yon bon gid espirityèl, li ka yon Manbo, yon Hougan, li ka yon sèvitè, li ka yon moun Ki gen konesans Kle, ki gen zye, ki kapab li pou w, moun Sa Li mye pou l ede nou.
Se nou ki pral chache ki kote n ap pi alèz, pou ka jwenn rezilta, repons ou yo, nan sans ak kondisyon, prensip sa ou bezwen an.
Se pou sa li enpòtan pou n toujou fè leson, pou n aprann plis.
Fè Leson
Ki wòl li?
Poukisa yon moun ta dwe fè leson?
Ki lòt non li genyen aprè "Leson" an?
Prèske chak kote ba l yon non ki diferan parapò ak yon lòt men tout non sa yo gen yon sèl pwen komen e yo vle di menm bagay.
Genyen ki rele l.
▪︎chandèl
▪︎ti chèz ba
▪︎limyè
▪︎bouske
Comentarios
Publicar un comentario