Beny giyon pou ti moun

 Men Kijan w kapab retire djòk ak giyon sou yon timoun san ke w pa bezwen ale peye yon ougan oubyen yon manbo pou l fè sa pou ou. 


Men kisa wap bezwen:

Wap bezwen 7 moso lalwa nan 7 pye diferan, si w pa gen pye lalwa ou ka ale achte l nan men 7 machann diferan. 


Wap bezwen 7 pake tabak an poud. 


Wap bezwen yon dan lay vyèlèt. 


Wap bezwen luil maskreti 


Wap bezwen nansan 


Wap bezwen yon kivèt blan 


Wap bezwen dlo lanmè ou dlo dous. 


Wap bezwen 7 grenn sèl 


Men kijan wap prepare ben-y lan:

Wap rache 7 moso lalwa yo.

Wap pile dan lay vyolèt la.

Wap mete yo nan kivèt blan ansanm ak luil maskreti a, ak 7 grenn sèl la, ak tabak 7 pake tabak yo, ak dlo lanmè a oubyen dlo dous la. 


Avan w mete timoun nan kanpe nan kivèt la, wap pran l wap prezante l bay 4 fasad yo, aprè wap mete l atè wal di pawòl ou sou li, wap di jodi a m pral retire giyon sou ou, se pou tout sa wap gen pou antreprann nan lavi w reyisi, se pou w briye tout kote w pase, se pou tout sa w fè vin yon reyisit pou ou, se pou w toujou premye nan tout sa wap fè ki bon. 


Aprè sa wap leve kivèt blan anlè wap prezante l nan 4 fasad, aprè sa wap mete l atè wap di se pou w retire tout giyon ki sou timoun sa m pral mete benyen nan ou a. 


Epi wap pran timoun nan wap mete l kanpe nan kivèt la, wap pran dlo nan kivèt la wap vide sou li ak men w, vide sou tèt li, tout pandan wap vide dlo a sou li pou w toujou ap di pawòl ou sou li, lè w fin vide dlo sou li, wap rense kò l ak dlo ki sot nan bouch ou paske se ak bouch sa ou te mande benediksyon pou li a.

L ap pi bon si se Manman timoun nan ki fè l paske bouch Manman ka beni timoun nan epi l la modi l tou. 


Lè w fini retire timoun nan lan kivèt la, ou ka jete dlo sa nan yon rivyè kap koule ki pral nan lanmè ak yon pyès lajan pou peye mèt dlo. 


Aprè wap pran nansan wap mete l nan yon recho oubyen nan yon bout mamit wap pèse l wap mete yon ti tabak anpoud ladan l, wap pafimen kò timoun nan avè l, epi pandan wap pafimen l lan wap di ti milyonè. 


Si w genyon rad nèf ou mete sou timoun sa pou jou a lap pi bon. 


sonje sa tout sa w ap fè toujou kite yon balèn blan limen kote wap fè l la. 


Mèsi

blokaj /Giyon kapab fè w pa ka jwenn travay, fè w pèdi travay, fè rezidans ou paka tonbe, fè dosye w anbasad pa ka Mache men tout Moun pa gen menm sous blokaj e menm solisyon , Chak Moun gen Kout manchèt pa yo selon sous la.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka