Resèt pou bisniz

 Pou Attire mounn nan biznis ou:1 diven, 1 moso pen sèch, 1 fisèl blan, fèy simen kontra, siwo kann wap pran boutèy diven an ou mare moso pen sèch la ak fisèl blan an 


ladan l' ak simen kontra a sou pawòl ou, vide siwo kann sou tout kò boutèy la ni nan pen an sou pawòl ou, wap di : tout otan foumi ap bwè siwo sa kap swiv 


boutèy la, se konsa pou moun kanpe sou ran devan biznis mwen. pa bliye limen yon bouji avan epi salye 4 fasad.


Vinn konn konman pouw moutew boutéy regleman  ou biznis ou

Rale chans

Rale moun vinn ht  pa pil pa pakét

Malfékté pap ka kraze biznis nou

Ebyen men sa wap bezwen pouw moute boutéy sa

Wap bezwen yon wonm blan, yon kokoye kit li ole kit li rék

Yon anana yon pake bazilik

Yon bouji jaune

Poud atirans, poud chans, poud rale mennen vini, poud leman , poud bouyi san dife, poud banm komande 

Poud presipite wouj

Yon imaj  ogou

Wap limen bouji jónn nan sou pawol ou wap kale anana wap rachel pitit wap mete nan wonm blan wap retire enpe poul ka pran tout bagay yo wap rache bazilik la ou mete  metet tout poud yo anndan wonm blan lew finn mete tout nan boutéy la wap mete boutéy la chita sou imaj ogou a

Wap repete mo sa yo

Pa pouvwa mét ougo feray, ougou batala ogou batagwe  nég lagé nég tayifé nég nago mwen relew nan regleman sa nan biznis sa se ou ki mét li sele chwal ou al chache kliyan kotel ye mennen ban mw sele chwal ou alés selel a lwés selel nan sid selel nan nó kote kliyan ye ralel mennen vini

Léw fini kite boutéy la sou imaj la kotel ye a pou 7 jou apre 7 jou a wap level sou menm Pawól yo level ak tout imaj la mete yo menm kote,  atansyon li pa gratis léw ap level peye

Wap mete boutéy sa yon kote poul pa janm kraze pa kite pesonn moun al ladanl chak jou wouze biznis lan  lé dlo a komanse desann ajoute rés wonm nan depil desann ou ka tj mete wonm dlo kokoye

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel