Bitasyon nan vodou

 Pou envité bitasyon lakay you san'w pa deplasé. 

-Wap fè yon sèk,

-Yon etwal 6 branch

-Wap ekri nan tèt etwal BARON,

-Nan pwent anba wap ekri FAO,

-Nan lòt pwent yo wap ekri GANN,KAFOU,BÒ MANMAN AK BÒ PAPA,

-Wap itilizé 6 balèn blan nan chak pwent etwal la,

-Wap mete pen,kafé,kleren,bonbon siwo,

Nan mitan wap mete demand ou ekri ak yon ti pistach griyé ak mayi griyé,

-Wap bezwen yon boutèy Rhum ak yon recho difé,

-Lè'w fin limen sèk la

-Wap fè wonn li 7 fwa ak pwoblèm ou yo

-Wap antre nan sèk la ak pye goch pa fè plis ke 1 minit nan sèk la 

Pa fè plis ké 3 demand  

Wap soti ak pyé dwat

-wap ranmasé tout manjé ak demand ,

Wap mete yo nan recho difé a epi vidé Rhum  nan,

Toutan wap vidé di demande ou yo

"Pa bliyé sa'm di nou pa mandé pliské 3 baga'y"

Pafwa lè paran nou yo pa vle nou ale nan kèk bitasyon nou souvan panse se paske gen malfektè nan lakou a ki ka fè nou mal ou gate sa nou pral fè a, anpil fwa wi se pousa men konsa tou li konn se paske Lakou sa a gen Dyab ki pa anchene ladan l ak lòt espri gran paran w yo te al achte e  pafwa yo mouri sa yo pa bay pyès pitit regleman djab ak espri sa yo pou kontwole yo espri sa yo vin san kontwòl e se menm espri sa yo ki konn ap fè moun mal nan fanmi an… tankou fè yo paka fè pitit, dejwe yo, fè fi yo ap mache pran gason, fè mesye yo lage nan vakabon e pafwa menm touye moun nan fanmi an. Se sa k fè li enpòtan pou w chache konnen kijan bitasyon w ye chache konn tèt ou chache konn ki espri ki mache avè w pou lè youn nan vye espri sa yo vin pale avè w nan domi pou w ka pa tonbe nan pyèj yo. Paske Djab ak espri achte sa yo se pa lwa yo ye fòk nou pridan ak yo. Anpil fwa nou panse se lwa k ap ba nou pwoblèm poutan se Djab nan bitasyon nou ki lage san kontròl. 

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel