Ki sa yon egrego ye?
ki sa yon egrego ye?
Yon egrego se an komansman se yon panse ki pran fom kelkeswa sije a. Fom panse kolektif sa a pral rantre nan yon panse kolektif ki sanble ak li tankou ou te kole "10,100,1000" epi li vin yon antite enejik.
Yon egrego pwodwi pa yon pwisan kouran panse kolektif. Le plizye moun konsantre ansanm sou menm bagay la, ou obje a, ak menm entansite a, yo devlope yon eneji komen.
Nou tout konnen efe eksitan sa a, eksperyans yonn pataje ak lot pwoje enteresan oswa yon reko, si li se bon nouvel, oswa dezas.
Donk ki egrego nou vle kreye? Tout sa nou panse, lanmou ou bien rayisman pral kreye yon egrego, eneji nou kreye nan anviwonman nou an se de li nou ap viv. Denye moman yo n'ap viv sou plizye fom de eneji negatif tankou fistrasyon, rankin, rayisman. nou k'a kreye kreye yon egrego pou nou soti nan sa nou ye a, voye plis vibrasyon eneji pozitif nan anviwonman n'ap viv la.
wi, tout bagay ap kraze, mond lan vin pi vyolan, wi li pa senp ni fasil, sepandan nou pa dwe rete nan yon eta panse negatif, si nou vle nou kapab. plis eneji limye ap pwopaje nan pouvwa lanmou, se pi vit fe nwa a prale, pi vit n'ap viv an pe ak trankilite.

Comentarios
Publicar un comentario