Dimansyon kèk Gad
Dimansyon kèk Gad ak esplikasyon yo.
Nan Vodou Antik la zansèt yo te konn itilize fòs Gad yo anpil paske pifò ladan yo te konn fèt ak tout Gad yo, yo te konn sèlman bezwen yon gid pou ede yo aktive fòs la sou yo lè yo vin sou tè a .Nan pwosesis pou yo aktive oubyen mete yon Gad sou yon tchovi, toujou genyen gwo seremoni ki fèt espesyalman pou sa, manje Gad la, dans Gad la, rit Gad la tout se bagay ki fèt espesyal. Yon Gad se yon fòs envizib ki la pou Proteje yon moun, yon fanmiy, yon lakou, yon demanbre, yon jaden, yon peristil, yon bitasyon, yon zannimo elatriye ... Yon Gad gen dwa transmèt de fanmiy an fanmiy sa pral depan de zansèt ki te genyen fòs sa a. Pa Egzanp : Gen de bitasyon ki ante, gen lakou ki ante kote moun pa janm ka rete ebyen se toujou yon fòs Gad ki te plante nan èspas la epi moun ki te plante l la pa t bay okenn moun aksè, konsa tou li konn se Pwen yo plante epi moun nan vin travèse pwen sa vin sou dimansyon Baka, nan espas sa pèson moun pap ka vin rete la san ou paka retire fòs sa a oubyen metrize l; genyen moun tou ki konn fèt ak Gad la tou aktive men ki paka metrize li, sa pral depan de dimansyon zansèt ki te travèse a kite fòs la, konnya moun sa a pral bezwen yon konosò nan antouraj li pou l pa fè dega souvan. Konsa tou gen anpil moun Gad la konn tèlman fò sou yo li fè yo fè sa yo pat dwe fè li domine mantal ak fizik moun nan de tout fason . Lontan lè yon timoun vòlè oubyen anmègdan nan yon kominote granmoun li chèche konnen kisak fè sa èske se yon lanp timoun sa genyen nan bounda li oubyen se yon fòs Gad ki sou li ke li paka metrize, men konnya pa gen sa tout moun fè sa yo vle e tout otan moun ap mouri nan lari, tout otan yap sakrifye moun pou dan griyen Gad ki nan Peyi Dayiti ap vin gen plis fòs esak pi rèd la nou pa gen moun ase ki pou ede nou metrize yo, nap vin gen plis Bandi plis dezatè plis vyolans paske fòs sa yo nan lari yo fè sa yo vle . Pami non kèk Gad ki Anrejistre nou gen Gad Anminan, Gad Kandelo , San Sekou , Kriminèl , Twa île , Toro Dichèn , Adogan , Rose anfè , Sanyile, Nou gen Dagwe Amesiyòl ki sou dimansyon Gad e alafwa Loas , Djab andèy ki sou dimansyon Pwen alafwa , Gran Bwa Medji, Mèt Gran Bwa ile ki sou dimansyon Loas alafwa , Grann Madoudou Kedji , Jak tibwa Kento ki sou dimansyon pwen tou , Dam lave ,Grann Zingga , Manbo Layide , nou gen kèk Gad kafou tankou 21 Pwen kafou , Laye Bwa , Simetyè Houndile , Kafou 4 chemen , Simetyè Boumba , Kafou 3 ,Kafou Gidi gidi , Mèt Kafou Kengendeng , Kafou toro bann yo tout sou dimansyon Pwen e Gad alafwa , apre sa nou gen kèk Loas tankou Loas Simbi yo ki sou regleman Gad tankou Simbi Anpaka paka, Símbi Anpaka Malo , Simbi Anpaka ,Simbi Loaka ,Simbi Makaya ,Simbi Andezo , Simbi Afriken , Simbi Maza , Simbi Kita , Simbi Dlo , Simbi 3 ile, Simbi Anpola , Simbi fèy , Simbi Kita , nou gen kèk Gad toujou tankou Lenglensou Gè , Lenglensou Basen san , 3 Racine , 3 Letan , Ti pilon elatriye , non Gad yo anpil e pa bliye lèw vin re aktive yon Gad sou ou , ou bal pote non ki fèw plezi , se tankou ou monte Pwen ou epiw andoye li ak yon non se li lap konnen . Gad yo trouve yo sou plizyè dimansyon, yo sou dimansyon Pwen , Nanm pafwa e Loas . Nan Vodou antik la Zansèt yo te konn metrize fòs sa yo pi byen ke konnya !Asawooo 🔥 !!!
Comentarios
Publicar un comentario