Pou envité bitasyon lakay you san'w pa deplasé. -Wap fè yon sèk, -Yon etwal 6 branch -Wap ekri nan tèt etwal BARON, -Nan pwent anba wap ekri FAO, -Nan lòt pwent yo wap ekri GANN,KAFOU,BÒ MANMAN AK BÒ PAPA, -Wap itilizé 6 balèn blan nan chak pwent etwal la, -Wap mete pen,kafé,kleren,bonbon siwo, Nan mitan wap mete demand ou ekri ak yon ti pistach griyé ak mayi griyé, -Wap bezwen yon boutèy Rhum ak yon recho difé, -Lè'w fin limen sèk la -Wap fè wonn li 7 fwa ak pwoblèm ou yo -Wap antre nan sèk la ak pye goch pa fè plis ke 1 minit nan sèk la Pa fè plis ké 3 demand Wap soti ak pyé dwat -wap ranmasé tout manjé ak demand , Wap mete yo nan recho difé a epi vidé Rhum nan, Toutan wap vidé di demande ou yo "Pa bliyé sa'm di nou pa mandé pliské 3 baga'y" Pafwa lè paran nou yo pa vle nou ale nan kèk bitasyon nou souvan panse se paske gen malfektè nan lakou a ki ka fè nou mal ou gate sa nou pral fè a, anpil fwa wi se pousa men konsa tou li konn se paske Lakou sa a...