Enpòtan
[27/2, 6:43 p.m.] +509 36 22 4587: ▪︎PALMIS : Senbòl fyète, lajwa, ekilib, libète ak byennèt...repozwa Ayizan Velekete.
▪︎MONBEN BATA : Senbòl elegans, afektye e an menm tan nayif. Repozwa gwo lwa, yo souvan mare fanm ak gason ladan l. Kilòt ou kalson yo toujou jouke ladan l...e se menm Monben ki ka bay solisyon an ankò.
▪︎SIWÈL : Bèlte, pirifikasyon, tandrès. Se repozwa MÈTRÈS ÈZILI FREDA...kase makaya l pou beny sou non FREDA.
▪︎KAYIMIT : Senbòl etwal, imòtalite, rezistans. Gwo van pa fè grenn kayimit pè. Nou dwe rete djougan menm jan ak grenn kayimit devan move moman.
[27/2, 7:30 p.m.] +509 36 22 4587: ▪︎kOKOYE : Senbòl klèvwayans, pirifikasyon, lapè enteryè, bonte, detant. Fri kokoye se meyè fri pou fè lavaj tèt.
▪︎MANG : Senbòl lanmou, sajès ak fòtin...li toujou bon pou w plante l nan mitan lakou w, si w ap mache nan lannwit epi move zè bare ta bare w, si w jwenn yon pye mango rantre anba l, ou tou jwenn lapè.
▪︎ZABOKA : Senbòl sante, bote, pwisans seksyèl, repozwa PAPA DANMBALA.
▪︎ZORANJ : Senbòl kominikasyon, pwisans, vitalite, pwoteksyon. Li rekòmande pou toujou ansanse andedan kay ou ak li.
[27/2, 7:30 p.m.] +509 36 22 4587: ▪︎KOTON : Senbòl lapè, sajès, byennèt, senbòl maskilen ak feminen sakre. Chak ou koupe yon pye koton se tankou w te tchwe yon moun.
▪︎BANANN : Senbòl fanmi, eritaj familyal, rasanbleman. Manje sou fèy bannann se bagay sakre nan tradisyon nou.
[27/2, 7:30 p.m.] +509 36 22 4587: ▪︎KANPÈCH : Solidite, rezistans, Koryasite.
▪︎BWATCHENN : Senbòl tonnè, grandè, otorite. Repozwa AGAWOU
▪︎KAJOU : Senbòl reparasyon, bote, souplès, fanm.
▪︎BENZOLIV : Senbòl vitalite, fòs, tenasite, pirifikasyon...li difisil pou anpeche benzoliv releve. Nou ka fè referans ak benzoliv lè TOUSEN LOUVÈTI te di : "rasin nou anpil, e yo nan fon latè y ap fini pa repouse menm si w ta koupe bwa a".
[28/2, 7:53 a.m.] +509 32 20 8913: Priyè pou Èzili Je Wouj ❤️🕯 (jou Samdi)
Fèl ak on balèn rouj
Manman Je Wouj,
Fanm dife, fanm jistis,
Mwen rele w nan moman sa a.
Lè enjistis ap monte ,
Lè mechan ap fè konplo pou yo pranm
Pou yo atekem,
Kanpe devan mwen pou protejem
Atake tout moun kp pesekite m yo manman
Itilize ponya ou an
Wouj nan je w se pa rayi,
Se verite,
Se kòlè ki leve pou defann pitit.
Si gen men ki lonje pou frape mwen,
Koupe men sa sou mwen.
Si gen bouch ki leve pou sal non mwen,
Fè lang sa lou tankou chenn.
Manman je rouj,
Banm m fòs pou m kanpe pi fò lè mechan yo dè touye mwen ,
Banm mwen kouraj pou m pa bese tèt devan moun kp pale mal yo,
Banm mwen dife w la pou m chase fènwa ki sou rout mwen.
Nan lajounen, veye sou mwen kont tou atak .
Nan lannwit, mache ak mwen
Lè mechan yo barem rann mwen envisib devan je yo.
batay kont tout sa vizib ak envizib kap atekem
Fè m soti viktorye nan tout sa mechan ap fè dè dom
Paske mwen se pitit ou èlzilie je rouj,
M konnen wp toujou la avèm e ou pap kite pitit ou pa mache pou kont li. ❤️🕯🔥
#: VODOUYIZAN AN AKSYONÈzili Je Wouj
👑 Kiyès li ye?
Se yon aspè ki cho, konbativ, pwotektris nan fanmi Ezili a.
Yo rele li “Je Wouj” paske li senbolize kòlè jistis vyolans ak vijilans manman k ap defann pitit li.
📍 Kote li renmen rete?
Nan rit Petro, kote gen enèji fò, dife, ak sèvis pwoteksyon.
Yo souvan asosye l ak fòs nasyon Kongo nan Vodou.
dieuma lakou djab andèy[3/3, 8:38 a.m.] +509 32 20 8913: pa fe lanp avek dekourajmam paske lwil pa boule pou gran mèsi. rezilta ap tonbe kanmenm
se byen monte lanp ou
Bon Èzili Dantò
[3/3, 8:39 a.m.] +509 32 20 8913: enpotans kout papye nan Vodou
li enpotan nan tout aktivite Vodou wap fe ou dwe fe Yon kout papye pou adrese ak lwa Bitasyon yo sa ap pemèt ou an kontak direk.
gen plizye rezon Yon moun ka fe
ou ka Fel le ou ap fe Yon tretman
ou ka Fel le ou ap mare Yon moun swa mennaj ou
ou ka Fel pou rale bitasyon ou
gen lot rezon
ou vle konn fe kout papye ebyen swiv nou
MÈT dieuma lakou djab andèyNan sistèm Vodou ayisyen an, lè yo pale de 121 nasyon ak 401 lwa, se pa yon lis ki ekri youn pa youn tankou yon liv non. Se yon fason senbolik pou montre kantite fòs espirityèl ki egziste ak jan yo òganize yo.
M ap detaye l pou ou klè
121 Nasyon nan Vodou
"Nasyon" vle di fanmi oswa gwoup lwa ki soti nan menm rasin espirityèl oswa menm zòn nan Lafrik.
1. Nanchon Rada
Soti sitou nan Dahomey (Benin)
Lwa yo dous, fre, pote lapè
Egzanp
Dambala, Ayizan, Erzulie Freda
Yo mache ak enèji dlo, lalin, lasajès.
2. Nanchon Petwo
Fòme Ayiti apre esklavaj
Lwa cho, rapid, defansè
Egzanp
Ezili Dantò, Ogou Feray (fòm Petwo)
Yo mache ak dife, revolisyon, pwoteksyon.
3. Nanchon Kongo
Soti nan zòn Kongo (Afrik Santral)
Lye ak lanati, lespri dlo, maji rasin
Egzanp: Simbi, Gran Bwa
4. Nanchon Nago
Soti nan tradisyon Yoruba
Lye ak fòs, batay, disiplin
Egzanp:
Ogou Nago
Gen lòt nanchon ankò tankou:
Ibo
Ginen
Wangol
Sen Jan
elatriye…
121 nasyon vle di gen anpil branch ak sou-branch espirityèl.
401 Lwa – Kisa sa vle di
Nan Vodou, yo di gen 401 lwa.
Sa pa vle di egzakteman 401 non ekri.
Siyifikasyon mistik li:
400 = kantite san limit (nan tradisyon Afriken)
+1 = Gran Met la, fòs siprèm lan
Kidonk 401 vle di: 👉🏾 Lwa yo pa gen limit. 👉🏾 Fòs espirityèl yo pa konte.
🔢 Ki kote chif sa yo soti?
Chif yo soti nan:
Tradisyon Fon & Yoruba
Senbòl mistik Lafrik
Kwayans ke linivè gen plizyè nivo espirityèl
Nan kilti Yoruba yo, yo konn itilize 200, 400 kòm siy kantite enfini.
Estrikti Espirityèl la
1 Bondye siprèm (Bondye Granmèt)
Lwa yo se entèmedyè
Yo divize an nasyon
Chak lwa gen:
Veve pa li
Koulè pa li
Manje pa li
Jou pa li
Ritm tanbou pa li
Si ou vle, mwen ka:
Ba ou lis gwo lwa prensipal yo
Oswa eksplike diferans 21 nanchon ak 121 nanchon[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Si tout fwa Nou gen yon moun Nou ki Tere nan bitasyonl Nou Vin arive gen yon moun ki malad pa Ale avèl Kay ni bòkò ni manbo al sou tonb SA nan bitasyon pwan yon ponyen fèy Monben bata al sou tou tonb rele non mò 7 fwa epi benyen maladi a latèt o pye epi bal maladi a depoze Limyè sou tonb epi moun sa trete Pou lavi ....
[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Fèy lorye.
Pou w fè biznis ou mache, mete fèy lorye nan tiwa biwo bifèt oubyen kontwa ou. Simen fè w yo tout alantou biznis lan.
Mache ak fèy lorye nan pòch ou, mete 3 fèy nan bous ou. Sa elwanye negativite sou ou, epi l atire lajan anpil. Lè w gen fèy sa sou ou malfektè ki vin sonde w ap panse w gen gwo pwen wi podyab 😆😆.
Si w swete yon bagay reyalize nan vi w pi vit posib, ekri l sou yon fèy lorye epi boule l.
[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Resèt enpòtan.
▪︎Fanm ki pa ka ansent= manje 7 a 21 grenn siwèl pa jou pandan 21 jou, apre sa pran kòs siwèl mare ak sitwonèl bouyi bwè. siw bezwen 2 timoun pran 2 kòs, si se youn yon sèl kos, pa met anpil.
▪︎Moun ki an pèdisyon= mete 21 Tikal lalwa nan yon diven ak 7 ti moso bwapen bwèl pandan 7 jou maten swè.
▪︎Moun ki gonfle= bouyi fèy degonfle bwe 2 tas.
[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Resèt pou moun men lave.
Ou remake lajan pa ka rete nan men w e ni li pa antre fasil.
Malfektè moute lajan oubyen rale lajanw.
E konsa tou siw te resevwa yon move kòb oubyen move lamen moute ebyen nenpòt jan sa ye menw anvoute ak move enèji.
Ebyen si men w lave ou pa gen mwayen pou al kay yon konnnen ki pou edew ak sa.
Men sa w dwe fè.
Yon lit dlo, bouyi li ansanm ak fèy pèsi a.
Mete li tyèd avanw sèvi ak li.
W'ap pran menw lave li fwote sèlman fèy pèsi a, pa kite dlo a tonbe atè, pran yon veso pou konsève dlo a.
Lè w fini ak li, ou pral jetel swa nan yon lanmè oubyen kalfou, konsa tou nan yn basen dlo.
Apre w'ap pran sèl ak sitron byen frote men ou.
Pire ji sitron an byen pire masaye men nou ak sèl la .
kitel seche ladann.
Apre pran yon ti florida pase nan menw .
Prezante 2 menw ak lanati dil ou prè pou resevwa tout sa ki bon an tèm de lajan.
[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Siw bezwn jwnn jistis ou avk yon moun kp palew mal toutan wp pran 3 fèy joumou wp ekri nom moun nan sou tou le 3 aprè wp boulel wp simen jijiri sou li pandan lap boule ya aprè pran rès ma yo ale lage yo nan rivière oubyn dlo kouran
[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Kont maldyok pou timoun Friksyonel ak konpozisyon sa.
7moso lalwa
7 grenn sel lanmè
1 tèt lay violè
Melanje yo ak luil maskreti
Epi lapè
[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Resèt mistik.
Pou demare tèt: si ou marye, w ap pipi sou bag maryaj ou yon jou vandredi maten avan solèy leve epi wap limen yon balèn blan wap fè 4 fasad wap pale ak bitasyon w pou yo vin ede w.
Ou ka pran premye kotèks ou lè ou gen peryòd, pase l nan tout figi w, nan tout kò w pou si se ak kotèks ou yo mare w.
Ou ka pran yon kilòt ou ki byen sal, brile l, pran sann nan mete bouyi, bwè 3 gòje benyen ak rès la. Pou si se ak kilòt ou yo mare w.
Gen 2 fwa tou ou k'a limen boukan bwapen pou bossou, oubyen fè yon boukan pou kafou mande l pou l ba w pase, janbe boukan an 3 fwa mande pou dife a rechofe w, pou pa fwèt ankò. Gen de fwa se yon kote yo mete w ap glase mofi pou pa wè pou pa tande.
[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Resèt pou fwaye.
Si w bezwen gen lapè nan fwaye w.
• W ap leve yon jou vandredi oubyen yon jou jedi (lune montante) oubyen (pleine lune), w ap pran fèy kowosòl epi w ap fwote l nan yon kivèt blan, w ap vide siwo kann ladan l, w ap wouze kay la 2 fwa rantre, 1 fwa soti, w ap wouze kay la pandan w ap mande lapè.
[9/3, 7:15 p.m.] +509 36 22 4587: Pou pote chans ak pwoteksyon anndan lakay ou:
W ap bezwen 21 grenn alimèt tèt wouj.
21 grenn wowoli
7 grenn sèl.
Mete tout nan yon bwat alimèt mare l nan fetay kay la.Bitasyon
Definisyon : Bitasyon se gwo tè oswa gwo domèn kote yon fanmi, sitou nan epòk kolonyal la ak apre endepandans, te konn viv ansanm. Souvan se te tè eritaj fanmi an ki rasanble tout pitit ak pitit pitit yo.
Karakteristik :
Sou bitasyon an, gen plizyè kay, tout fanmi an reyini.
Se yon espas kolektivite ki sèvi kòm sant fanmi ak tradisyon.
Nan anpil ka, se sou bitasyon an yo konn fè sèvis Vodou, fèt fanmi, ak rityèl.
Wòl Bitasyon an :
Kenbe fanmi an ini.
Sèvi kòm baz ekonomik (kiltivasyon, bèt).
Sèvi kòm espas transmisyon konesans, tradisyon, ak memwa kolektif.
Demanbre
Definisyon : Demanbre se lè tè ki te konn fè yon sèl gwo domèn (bitasyon) divize, chak branch fanmi pran yon pati pou kont li. Se yon jan tè a dispatche.
Karakteristik :
Chak manm fanmi vin gen yon moso tè apa.
Lyen kolektif fanmi an souvan vin pi fèb.
Gen mwens espas pou rasanbleman ak gwo seremoni kolektif.
Wòl Demanbre a :
Bay endividi plis libète sou tè pa yo.
Men sou lòt bò, li ka kraze inite fanmi an ak tradisyon ki te mare sou bitasyon an.
Sou plan sosyal, li ka fè "rasin kolektif" yo pèdi fòs.
Rezime💁♂️ :
Bitasyon = inite fanmi kolektif, tè ak lavi ansanm.
Demanbre = tè yo divize, chak moun pran pou kont li, sa fè inite fanmi an vin pi fèb.
*CEMA*Sa nou dwe konnen de Pye atè nan vodou.
Pye atè nan mond mistik la vle di koneksyon ak manman enèji sa, vle di koneksyon ak sous nou.
Nan pye atè ou konekte ak enèji bitasyonw ak enèji ki antourew.
A note, ou konekte ak ni bon ni move enèji tou lè sa. Men se ou ki pral konn ki enèji ou vle kapte.
Nan tout sèk spirityèl, pye atè gen yon pakèt enpòtans, tè deja se matris mond la tout bagay soti a pati de la tè. Tank ou pi prè li fizikman ou kapab kapte plis enèji ak fòs.
Pye atè senbolize libète, fòs, pisans, rébelyon, E sak fè lè yon moun antre an kolè li toujou gen tandans frape pye atè e gran moun yo konn di tou pa kite yo frape pye yo atè pou ou.Ogou Badagri
Li se papa Ogou Feray.
Papa Ogou Badagri se Obatala.
Badagri se non yon vil kotyè ke nou jwenn Nijerya.
Ogou Badagri se yon lwa Nago.
Li se chèf tout Ogou yo.
Badagri siyifi asasen an Yoruba.
Li gen alyans ak Èzili Freda.
Diferans ki genyen ant Ogou Balendjo ak Ogou Badagri
Badagri se chèf tout Ogou ki soti nan dlo, li se vibre sou eleman dlo.
Feray se chèf tout Ogou ki eleman fè yo.
Badagri se yon lwa woule m' de bò. Sa vle di lè lwa sa ap manifèste lè ou wè li ri se fache li fache, lè w wè li move se kontan li kontan.
Li se yon espri ki trèt.
Li mache ak Ogou Balendjo, Ogou Batala, Ogou Balenmi, Ogou Badjoman Oba.
Gen anpil fwa yon moun konn gen Badagri lwa a konn chanje nan tèt moun nan an Feray.
Konsa tou li konn vini an Feray epi li chanje an Badagri, oubyen an lòt Ogou.
Se chante yo ki pral fè w konnen ki Ogou ki la.
Paske Ogou Badagri mache ak 7 frè, Oba, Obi, Olisha, Doutou, Pyewo, ak Omiba.
Senkretis konnen l' sou non sen Jak Majè.
Li sèvi ak mouchwa wouj ou blan.
Li bwè wonm.
Rad li kòm yon jeneral, se yon kostim kaki ak zepòlèt.
Li pote bag lò ak pyè wouj.
Li manje kòk wouj, diri ak pwa wouj.
Li jalou anpil, anpil, gen kwayans ki fè konprann si yon fiy gen alyans ak Badagri ou pa rèspèkte jou l', mari w ap bouke pran so kabann. Paske l' pa jwe.
Nan anpil Bitasyon w'ap jwenn 2 cheval, yon blan pou Badagri, lòt la koulè wouj pou reprezante Feray.
Li sèvi ak koulin, sab.
Li sèvi ak rèv dò, Florida.
Li se yon konbatan, li ede w konbat pwoblèm, imilyasyon.
Li reponn fanm pi fasil ke gason.
Li se yon politisyen.
Li se yon òm politik.
Pou remèsye l' se yon kòk Wouj.
Pou Envokasyon l' wap bezwen balèn wouj, oubyen ou ka fè lanp pou li ak lwil Akasia.
Gen kote yo venere l' jou Mèkrèdi, gen lòt kote tou se kou jedi.
Mo sakre l' se Awochenago.Nan Vodou Ayisyen, Ogou se yon lwa ki reprezante fòs, kouraj, ak gè, li se yon lwa ki souvan asosye ak batay, defans, ak pwoteksyon kominote. Lè w fè rityèl oswa sèvis pou Ogou, kèk eleman tankou manchet, rhum, ak kok gen yon siyifikasyon espesyal. Men yon ti eksplikasyon:
1. Manchet pou Ogou
Manchet se yon ti pen oswa yon ofrann manje ki reprezante respè ak devosyon pou lwa a.
Lè ou remnen tire manchet pandan sèvis, sa senbolize:
Ofri manje pou ranfòse Ogou
Koneksyon avèk enèji li: manje sa a se yon mwayen pou lwa a resevwa fòs ou ak devosyon ou
Patisipasyon nan rityèl: li montre disiplin, respè, ak rekonesans
2. Rhum pou Ogou
Bwè rhum oswa ofri li Ogou se yon fason pou:
Fè li kontan, paske rhum se youn nan bwason sakre li renmen
Ranfòse enèji lwa a pandan sèvis
Senbolize fòs ak kouraj, paske Ogou se lwa gè ak aksyon
3. Kòk la pou Ogou
Kòk se yon senbòl fòs, bravou, ak atansyon. Pou Ou ak Ogou, li reprezante:
Vigilans: tankou kòk ki reveye chak maten, Ogou toujou ap veyew ak pwotejew
Fòs ak brav ou: kòk la montre pouvwa ak determinasyon, menm jan Ogou nan batay
Pwoteksyon: kòk la ka sèvi kòm yon senbòl espirityèl pou chajew ak lwa a pou enèji pwoteksyon
4. Konbinezon nan rityèl la
Lè ou mete ansanm manchet, rhum, ak kòk, sa kreye yon rit fò, kote:
Manchet : Fòs Ame
Rhum = plezi ak ranfòsman enèji
Kòk = fòs, vigilans, ak pwoteksyon
Sa fè Ogou santi li respekte, kontan, epi li plis dispoze pote favè oswa pwoteksyon pou moun ki fè sèvis la avèk kè sensè.Liminasyon Se pi bon bagay ki ka ba nou klète sou rout nou ak lwa bitasyon n yo
Lè nou konnen lwa nan bitasyon nou chwazi pa fè tèt Cho .Tann mèt nou gide nou pa prese pase yo.
Sonje depi lèw tap grandi nan lakou a ki tip liminasyon yo grandèt yo te kon aprann nou ki fason yo te konn montre nou retire grèn koton an kijan yo kon montre nou roule mèch nou oubyen limen mèch nou
AyiboboAvadra Gran Chimen
Se dimansyon Legba ki nan rout oubyen chemen ki se 3em dimansyon Legba aprè Legba Lakou, Legba Lento, ak Legba nan Baryè. Li pote non Avadra ki vle di san abri, san kay paske se nan Gran chemen li rete. Li jwe yon ròl enpòtan paske san limenm ou paka antre an connection ak Kalfou lè wap fè wanga paske se kafou ki pou baw passage pouw fè nenpòt Wanga dèyè yon moun. Couleur li se rouj e nwa, li bwè anpil rum, gen lakou ki ba li gri e nwa. Li manje tout sa Legba nan baryè manje. Yo renmen ranje kola, sirèt, maïs griye, pistach griye bò rout la pou li. Siw konn fè zòn provens yo wap wè sa anpil. jou li se Mercredi[10/3, 10:31 a.m.] null: 🔥 Nanchon Petwo: Dife, Rezistans ak Fòs Libète 🔥
Si nanchon Rada a se dousè, Nanchon Petwo a se dife k ap limen chemen an. Li pa soti sèlman an Afrik, li pran fòs li nan kè mòn peyi Ayiti, nan mitan batay pou n te kase chenn esklavaj la.
⚡ Yon Enèji ki "Cho"
Petwo se nanchon lwa k ap mache "cho". Se pa lwa ki nan pale anpil; yo se lwa aksyon, lwa rapid, ak lwa revandikasyon. Yo reprezante fòs ak volonte yon pèp ki te deside mouri olye li rete nan esklavaj.
🥁 Ritm ak Trans
Tanbou Petwo a gen yon sèl kòd (kous kout), li frape ak anpil kouray. Dans la sakadé, li chaje ak tansyon ak yon kòlè sakre. Lè yon lwa Petwo "monte", atmosfè a chanje: li santi lafimen, li santi poud, li santi liberasyon!
✨ Kèk gwo fòs nan nanchon sa a:
🚪 Kalfou: Mèt kafou yo nan lannwit, se li ki ouvri pòt pou enèji ki pi rapid yo.
🗡️ Ezulie Dantò: Manman vanyan, fanm ki batay pou pitit li, senbòl pwoteksyon ak fòs fanm ayisyen.
🌳 Gran Bwa: Mèt fèy ak sekrè forè a, fòs k ap geri ak k ap kache moun nan mòn.
🛡️ Poto Mitan Revolisyon an
Se nan nanchon Petwo a, espesyalman nan seremoni Bwa Kayiman, dife revolisyon an te limen. Se enèji sa a ki te bay zansèt nou yo kouraj pou yo te defye pi gwo lame nan mond lan pou yo ban nou libète nan ane 1804.
🕯️ Sa li mande:
Nanchon Petwo pa mande neglijans, li mande:
Yon moun ki gen karaktè solid.
Konsyans ak disiplin nan travay mistik.
Yon respè total pou fòs lanati yo.
✨ Petwo se nanchon ki fè nou chonje nou se pitit moun ki pa t janm aksepte mete ajenou! ✨
#Vodou #Petwo #Ayiti #Revolisyon #Dantò #Kalfou #Istwa #Kilti
*Sous; nannan nago*
[10/3, 8:00 p.m.] null: NB : se sou rit sa nap jwenn pifò gad yo paske gad yo se enèji cho yo ye
Koulè tradisyonèl lwa Petwo yo se wouj, e nou jwenn anpil nan lwa ki souRit petwo a se sou zile a li pran nesans.
Banm site kèk non ladan yo
1.AZANGON LOKO
2.BAKOULOU BAKA
3.BOSOU TWA KÒN
4.BRIZ MONTANY
5 - BRIZE
6 DAM LAVE
7.DAMBALA WEDO DJENKE
8.DISPONYA LODE
9. EZILI BOHAN
10.GOUGOUN DANYON
11. GRAN BWA MEDJI
12.GRANN BOT
13.GRANN EZILI
14.JAN PETRO
15.JATIBWA KENTO
16.JENERAL BRIZE
17.KABWATYE
18.KAFOU GDI GHIDI
19.KAFOU TWA
20 LAYE BWA
21 LEGBA BWA
22.LENGLENSOU BASEN SAN
23 LENGLENSOU DANMAN 24.LENGLENSOU GWE
25.LENGLENSOU PYE
26. MAHILWEIZ BOUMBA ( manze)
27. MAMBO ADELAYID GWO TETE
28. MAMBO DAYILA
29. MANMAN YANGAN
30. MARASA BWA
31. MARASA LAFRIK GINEN
32. GRAN BWA ILE ( MET )
33.LOVANA ( METRES )
34. MERANSYEL ( METRES )
35.PYE ( MOUCHE )
36.OGOL JE WOUJ
37. PYE BRIZ
38. PYE DANTO
39. PYÉ DANYON
40. PYE MARAJOU
41.SIMBI AFRIKEN
42.SIMBI AMPOLA
43.SIMBI DHLO
44. TIJAN DANTO
45.TI JAN PETRO
46. ZAKA KWESI MANYAN
47. ZAZI MAZWA
48.ZILE MPEMBA
49. ZINGA BWA
50. JANBE MALE
51. MARINÈT PYE SÈCH
52. EZILI JE WOUJ
53. MANZÈ GABRIEL
Apv Ann_pale_vodou_
POUM SITE SA YO SELMAN NAN VODOU WA SAMEDI SE JOU LWA CHO
SE JOU KOTE ENÈJI PETWO YO VIBRE
[13/3, 2:27 a.m.] null: 🏗️ Estrikti ak Karakteristik Rit Petwo a
Rit Petwo a se yon rit ki pran nesans sou tè Ayiti (li se "kreyòl"). Kontrèman ak rit Rada ki soti dirèkteman nan Dahomey (Benen) epi ki gen yon enèji ki pi "dous", Petwo a karakterize pa:
Enèji: Cho, rapid, sevè, epi konbatif. Se enèji rezistans ak liberasyon.
Koulè: Wouj se koulè prensipal la. Nan kèk ka (tankou pou Ezili Dantò), yo sèvi ak Ble fonse tou.
Jou sèvis: Souvan se Madi ak Vandredi ki konsidere kòm jou "cho". Sepandan, nan anpil lakou, Samdi rezève pou Gede yo (ki se yon lòt fanmi men ki gen enèji cho tou), sa ki esplike poukisa anpil moun sèvi lwa cho yo jou sa a.
📜 Lis Lwa Petwo yo (Vèsyon Korije)
Mwen klase yo pou rann li pi fasil pou li, paske nan lis ou a gen anpil varyasyon sou menm non an (pa egzanp, plizyè branch Lenglensou oswa Simbi):
Lwa Gwo Chèf ak Poto Mitan
Jan Petwo: Fondatè rit la.
Kafou (Kafou Twa, Kafou Gidi Gidi): Mèt baryè nwit la, se li ki ouvri chemen pou lwa cho yo.
Bosou Twa Kòn: Senbòl fòs ak fekondite.
Gran Bwa (Gran Bwa Medji, Gran Bwa Ile): Mèt fèy, mèt rak bwa.
Fanmi Ezili (Fanm vanyan)
Ezili Dantò (ak Ti Jan Dantò): Manman vanyan ki pwoteje timoun.
Ezili Je Wouj: Ezili nan eta kòlè li.
Mambo Adelayid.
Fanmi Simbi ak Lenglensou (Dlo ak San)
Simbi Dlo, Simbi Ampola, Simbi Afriken: Lwa ki gen rapò ak kominikasyon ak dlo.
Lenglensou (Basen San, Danman, Gwe): Lwa sevè ki regle koze san ak sakrifis.
Lwa ki gen rapò ak Lanperè ak Lagè
Ogou Je Wouj: Branch Ogou ki pi cho a.
Marinèt Pyé Sèch: Youn nan lwa ki pi fò nan pwen cho a (li te la nan Bwa Kayiman).
Briz Montany / Jeneral Brize: Lwa ki gen rapò ak van ak fòs lanati.
Janbe Male: Yon lwa k ap veye fwontyè lavi ak lanmò.
Lòt Lwa Enpòtan
Zaka Kwesi Manyan: Branch cho Kouzen Zaka.
Bakoulou Baka: Yon lwa ki gen anpil mistè epi ki travay nan fènwa.
Marasa Bwa: Jimo yo nan vèsyon cho yo.
*Sous; nannan nago*🏗️ Estrikti ak Karakteristik Rit Petwo a
Rit Petwo a se yon rit ki pran nesans sou tè Ayiti (li se "kreyòl"). Kontrèman ak rit Rada ki soti dirèkteman nan Dahomey (Benen) epi ki gen yon enèji ki pi "dous", Petwo a karakterize pa:
Enèji: Cho, rapid, sevè, epi konbatif. Se enèji rezistans ak liberasyon.
Koulè: Wouj se koulè prensipal la. Nan kèk ka (tankou pou Ezili Dantò), yo sèvi ak Ble fonse tou.
Jou sèvis: Souvan se Madi ak Vandredi ki konsidere kòm jou "cho". Sepandan, nan anpil lakou, Samdi rezève pou Gede yo (ki se yon lòt fanmi men ki gen enèji cho tou), sa ki esplike poukisa anpil moun sèvi lwa cho yo jou sa a.
📜 Lis Lwa Petwo yo (Vèsyon Korije)
Mwen klase yo pou rann li pi fasil pou li, paske nan lis ou a gen anpil varyasyon sou menm non an (pa egzanp, plizyè branch Lenglensou oswa Simbi):
Lwa Gwo Chèf ak Poto Mitan
Jan Petwo: Fondatè rit la.
Kafou (Kafou Twa, Kafou Gidi Gidi): Mèt baryè nwit la, se li ki ouvri chemen pou lwa cho yo.
Bosou Twa Kòn: Senbòl fòs ak fekondite.
Gran Bwa (Gran Bwa Medji, Gran Bwa Ile): Mèt fèy, mèt rak bwa.
Fanmi Ezili (Fanm vanyan)
Ezili Dantò (ak Ti Jan Dantò): Manman vanyan ki pwoteje timoun.
Ezili Je Wouj: Ezili nan eta kòlè li.
Mambo Adelayid.
Fanmi Simbi ak Lenglensou (Dlo ak San)
Simbi Dlo, Simbi Ampola, Simbi Afriken: Lwa ki gen rapò ak kominikasyon ak dlo.
Lenglensou (Basen San, Danman, Gwe): Lwa sevè ki regle koze san ak sakrifis.
Lwa ki gen rapò ak Lanperè ak Lagè
Ogou Je Wouj: Branch Ogou ki pi cho a.
Marinèt Pyé Sèch: Youn nan lwa ki pi fò nan pwen cho a (li te la nan Bwa Kayiman).
Briz Montany / Jeneral Brize: Lwa ki gen rapò ak van ak fòs lanati.
Janbe Male: Yon lwa k ap veye fwontyè lavi ak lanmò.
Lòt Lwa Enpòtan
Zaka Kwesi Manyan: Branch cho Kouzen Zaka.
Bakoulou Baka: Yon lwa ki gen anpil mistè epi ki travay nan fènwa.
Marasa Bwa: Jimo yo nan vèsyon cho yo.
*Sous; nannan nago*4 FÒM VODOU YO PRATIKE AN AYITI*
*Èske'w te konnen gen 4 fòm vodou ki pratike an ayiti?*
Ann al gade:
1-VODOU LAKOU
Kote chak lakou gen fòm espirityalite pa'l, prensip pa'l.
2-VODOU MAKOUSEN
Se vodou ki pratike kay moun ki pa deside ou byen ki poko inisye nan vodou ki gen fason yo fè vodou yo e yo gen fòm espirityalite pa yo prensip pa yo.
3-VODOU INISYATIK
Se vodou ki pratike kay moun ki chwazi ou resevwa apèl pou kanzo e resevwa ason ki se konesans ak pouvwa an menm tan yo gen fòm espirityalite pa yo, prensip pa yo.
4-VODOU SOSYETE SEKRÈ
Yo rele yo tou sèk wouj ki se koze tankou sosyete Kòporèl, Chanpwèl, Bizango, Zobop, (Makaya) etc… yo gen fòm espirityalite pa yo, prensip pa yo.3 BAGAY MWEN VIN DI NOU SOU MÒ NOU YO. -
1- Mò nou yo nan limyè kote yo ye a, se nou ki nan fènwa. Toujou limen yon balèn ou byen yon lanp lè w vle adrese w ak yo pou yo ka pi byen wè w. Genyen ki konn mande sa. Limen dife gen anpil sekrè nan koneksyon vizib ak envizib.
2 - Mès ke nap fè pou mò nou yo pa itil yo anyen. Se kòb nap gaspiye. Si nou fè yon priyè ak pwòp pawòl nou, ak lanmou ke nou gen pou yo, devan balèn nou, sa ap plis itil yo. Sa w fè ak pwòp vibrasyon w nan gen plis pwisans ke pa monpè a.
3 - Lè manman w ou byen papa w mouri, yo montrel kòman tout rès lavi w pral dewoule. Li pa ka chanje granchoz, men li ka mande gras pou ou. Li ka chwazi vin anonse w kèk bagay ki pral pase tou, bon ou movè, nan rèv. Li ka vin bawou fòs nan etap ki vrèman difisil yo.Diferans ant Dimansyon ak regleman.
Dimansyon yon lwa se diferan fasèt li, diferan fason menm espri a manifèste.
Tankou lè w pran Èzili jan ou di a, lè ou pran freda, balyann, Mapyann, je wouj, la flanbo, kanwoulo, elatriye se menm Èzili a, men sou regleman diferan, lè sa manifestasyon l', rit li chanje konplètman.
Se nan afè Dimansyon sa ki fè w'ap jwenn
1) Ezili Gweto nou jwenn li nan : Nago
2) Èzili DANTÒ (petwo e rada) Èzili Pyè nou jwenn li nan : Rada.
3) Èzili Balyang nou jwenn li nan: Zandò.
4) Èzili Boran nou jwenn li nan : Petwo.
5) Èzili Towo nou jwenn li nan : Kongo Savann.
6) Èzili Mapyang nou jwenn li nan : Makaya. Epi Erzulie Freda nou jwenn nan rit rada
Regleman ak dimansyon pa menm, Regleman lwa a se prensip lwa a, koulè mouchwa l, sa l manje, sa l bwè, jou l bwè, elatriye.
Se sa k fè yo konn di w Agaou pote ble maren men l ka wouj tou, sa depann de Regleman lakou a.
Dimansyon se diferan fason espri a manifèste, regleman se prensip espri yo.Enpòtans digo ledyab.
Gen digo nòmal nou lave a, gen digo ledyab, W'ap jwenn li nan botanika.
▪︎Pou moun ki pran nan fanm/nèg ranje.
Si ou pran nan yon fanm ranje/nèg ranje.
W'ap pran digo ledyab, W'ap fè yon kwa nan chak pla men moun nan, nan chak pla pye l' ak nan do moun nan.
Apre W'ap chache ji fèy bwa kaka, ak yon kakòn goch yon towo bèf, W'ap kite yo tranpe, mete digo ledyab la ladan lave chouchoun oubyen pijon nèg la.
▪︎ si yon moun gen nanm W'ap bouyi djondjon ak digo ledyab pou benyen moun nan.
E gen lòt wanga toujou ou ka fè avè l.
Comentarios
Publicar un comentario