Ogou Shango
OGOU CHANGO se fòs dife, loray, ak onè.
Li se Lwa lagè, jistis, kouraj, ak disiplin, men li se tou entèlijans ki konnen kilè pou frape, kilè pou kenbe tèt frèt.
Li disipline, li gen kòmandman, epi li se yon vanyan sòlda. Li se senbòl rezistans ak liberasyon.
Zouti li se manchè oubyen rach ki gen 2 bò.
Eleman l se zèklè loray ak dife pou nou di sa yo sèlman.
Kounya se kou pa ou, nan kòmantè a di nou sa ou konn de OGOU CHANGO nou vle aprann de ou.
Nou menm vodouvi nap kontinye onore epi rekòmande OGOU CHANGO kontinye vibre pou sila yo ki renmen kilti yo ak peyi yo nan non DESALIN, JAK PREMYE ki gen tout pouvwa.
Comentarios
Publicar un comentario