Lanp de gras

 *Lanp de gras*.


Ou ka monte l nan yon asyèt blan, zoranj si, kwi, melon oswa chadèk. 


W'ap bezwen:


▪︎Koton. 

▪︎Lwil nou fè manje a, ▪︎Lwil doliv. 

▪︎Ou ka mete 7 bon poud ladan l', si ou vle. 

▪︎Flè nan bra, bèl flè. 

▪︎Poud jenjanm. 

▪︎Poud kanèl. 

▪︎Poud miskad. 

▪︎21 grenn pwav (nan non 21 nanchon ginen an).

▪︎Poud piman (si ou pa gen poud piman ou ka mete swa 7 piman bouk mi, oubyen 21 piman ti zwazo).

▪︎7 fèy tibonm. 

▪︎7 fèy simen kontra.

▪︎Fèy zoranj si. 

▪︎Fèy zoranj dous. 

▪︎Fèy bazilik. 

▪︎3 grenn sèl gwo grenn. 


Ou pa oblije jwenn tout, men si ou jwenn tout l'ap bon. 


Si se nan yon asyèt oubyen nan kwiy W'ap fè l li bon ou chofe resipyan an avan. Ou vide yon ti kleren oubyen yon ti Florida avan ou ba l dife. 


Si se nan asyèt W'ap monte l oubyen si kwiy la laj ou ka fè 3 mèch ladan l. 


W'ap ekri non w 3 fwa nan 3 ti moso papye, W'ap depoze yo avan. 


W'ap mete yon fèy bazilik sou chak ti moso papye yo, W'ap mete 3 mèch yo sou 3 fèy bazilik yo ki gen non w anba yo a. 


Si se nan fwi se yon sèl mèch W'ap ka fè l W'ap mete yon sèl ti papye, yon fèy bazilik, yon mèch. 


Apresa W'ap depoze kafe dous, kafe anmè.


W'ap bezwen 3 chandèl, 2 nwa pou mò bitasyon manman/papa, 1 blan pou nesans ou. 


W'ap fè yon laye Marasa, pistach griye, mayi griye, kola wouj, kola blan, si ou pa jwenn kola yo ou ka akonpanye l ak yon gode dlo kokoye ole. 


W'ap trase yon vèvè ginen W'ap mete laye a o milye, W'ap depoze lanp lan nan tèt vèvè a, direksyon solèy levan, devan lanp lan W'ap limen balèn yo an triyang, gode dlo a ap nan tèt, akote balèn blan an, kafe anmè a ap agoch, kafe dous adwat, selon bitasyon an, nan vèvè ginen an W'ap plase kleren tou pou mò yo.


Ou pral ekri yon lèt nan yon fèy papye tenbre, W'ap depoze sa anba veso ki gen lanp lan. 


Pirifye espas ou avan, Pirifye tèt ou.


Lanp sa ka fè 3 jou, 7 jou, 9 jou, elatriye se ou ki pral konnen. 


Benyen ak ma yo. Pa bliye fè yon pwomès, pa pwomèt sa ou pa ka konpli. 


Mande yo pou yo fè w gras, pou tout bagay jan yo te avan an.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka