Lamp chans
*Lanp Chans*
Lanp chans monte sou enèji Freda, paske li fèt nan yon anana.
Wap ajoute nan anana:
▪︎Poud kanel.
▪︎Poud miskad.
▪︎Lwil doliv.
▪︎Lwil maskreti.
▪︎Lwil dewoz.
Avan ou fè lanp sa:
Ou dwe pirifye kò ou.
Pou kase lanp sa, w'ap kase l' nan yon asyèt blan, sa vle di lè ou fin brase l', w'ap chavire l' bouch ba nan yon asyèt blan.
Apre lè li frèt, w'ap mete l' nan yon kivèt dlo, mete pafen, bazilik, ak Florida.
Prezante l' 4 fasad, epi benyen avèk li.
Lanp sa ka dire 3-7 jou.
Ou ka monte l', jedi, samdi ou dimanch, plèn lin.
Comentarios
Publicar un comentario