Leson enpòtan
Womble Zili.
PA POUVWA
RÈN ÈZILI DANTÒ
ÈZILI MAPYANG
ÈZILI JE WOUJ
ÈZILI BALYANG
ÈZILI 7 KOUT KOUTO
ÈZILI KATAPLOU
ÈZILI LAFLANBO
ki se RÈN LATÈ
Rèn Bizango
Makanda
Blengendeng
Wete po mete po
Chanje po
Fanm ki janbe rivyè pyel pa mouye
Fanm KAPLAWOU ki KATA KATA SEDO SEKA mwen kriye Bilolo pou nou tout ki nan Lakou a.
Nan non 7 pik MAKAYA, Simbi MAKAYA,
MAKAYA bonmba Eskalye bonmba
Simityè bonmba Sanmannan pwen yan.
Bilolo Bilolo Bilolo !!!
Mete limyè nan Chato Lwa yoSiyifikasyon kèk rèv.
Jodi a m pral pale nou de kèk kalite bèt lè w wè nan dòmi ki pral pèmèt ou idantifye ki espri (lwa) li ye.
- Lè w wè yon chat nan dòmi, li reprezante Èzili Freda.
Gen plizyè lòt animal ki reprezante Èzili Freda. Ou Kapab wè yon pijon blan, yon pwason Woz. Tout reprezante Èzili Freda.
Èzili Freda konn vini sou fòm Koulèv tou. Bèl ti koulèv klere, koulè Lò. Se konn Èzili Freda anpil fwa.
- Anpil moun panse depi yo wè koulèv, yo toujou panse se Danmbala. Gen anpil lòt lwa ki mache sou fòm koulèv tou.
Tankou...
Simbi dlo, li vini sou fòm yon koulèv Vèt.
- lwa Marasa yo konn prezante sou fòm Koulèv tou.
Lè w wè 2, 3, 4 ti koulèv ansanm se espri Marasa yo reprezante.
- Lè nou wè koulèv Jòn, li reprezante Ayizan. Li konn reprezante Papa Loko tou.
Koulèv Jòn nan konn reprezante mèt Kafou tou.
Se Jan espri a kominike avè w nan Rèv la, selon vibrasyon li degaje ou pral wè ki espri li ye.
- Lè w wè yon bèl koulèv Akansyèl, li reprezante Ayida wèdo.
- Koulèv Mawon e nwa, li reprezante Èzili Dantò (Boran).
- Ti Jan Dantò mache sou fòm Koulèv tou.
Pou lòt Animal yo.
- Lè w wè kabrit nan dòmi, Souvan Papa Loko konn vizite nou sou fòm yon kabrit.
- Lè w wè chyen, li reprezante Papa legba, souvan nan je klè, nou konn wè chyen, Sitou le swa, k ap swiv nou, li vini akonpaye w nan wout la, paske w ap kwaze ak Danje, ke w pap menm wè. Lè w rive, ou antre Lakay, ou pa wè si chyen an monte, si l desann.
Se Gide li vini gide w, pou nou sòti nan move enpas, move Kafou, Chimen Jennen.
- Lè w wè Cheval: se Papa Ogou.
- nou konn wè Papa Ogou sou fòm yon gwo Kòk wouj tou.
- Gede yo konn prezante sou fòm Krab Arenyen, gwo Papiyon Nwa, Gèp, rat Souvan pakèt mouch konn senbolize Gede yo tou.
Ou Kapab rete ou wè, ou pa wè sa k fè mouch la, epi Kay la anvayi ak mouch. Se gede yo ki vin vizite w pou yon rezon kèlkonk.
- Lè w wè gwo Papiyon Bren, Mawon nou konn di Papiyon sa yo, pote bon mesaj.
Lè nou wè Papiyon sa yo, se espri Lè Mò, youn nan Zansèt nou yo, ki konn pase vizite nou.(Paran nou, ak gran paran yo), Se lè sa n ap wè gwo Papiyon sa.
- Papa Loko konn pran fòm gwo Papiyon sa yo tou.
Koukouy; reprezante espri Lè Mò tou, AK espri Bitasyon.
Bosou, ki sa Towo, li vini nan rèv nou sou fòm Bèf.
NB: pa tiye bèt lè w konnen w sèvi. Bèt yo se pwoteksyon.
Tout moun ta dwe gen bèt lakay yo, nan lakou nou.
Gen Bawon samdi ki konn prezante sou fòm Cheval tou.Mètrès Èzili Mapyang
Mètrès Èzili Mapyang, manman ki bay lavi fanm vanyan ki kanpe devan tout matròn oubyen fanm chay ki la pou ede tout fanm akouche. Tankou gid ou regle problem fwaye ou.
Saw dwe konnen de fanm sa nan jou madi ou souvan jwenn dantò, men samdi a se menm dantò sa ki transfome an mapiang bagay la bèl.
Mapiang, fanm sa cho kou dife li pa nan rans sou degre li ak bon règleman li, saw dil se sa.
Nan joul ou dwe di bilolo ak ayibbo.
Ki donk li frèt li cho li rada li petwo.
Map souvan di nou sa pa jwe ak divinite.Mètrès Èzili Mapyang
Mètrès Èzili Mapyang, manman ki bay lavi fanm vanyan ki kanpe devan tout matròn oubyen fanm chay ki la pou ede tout fanm akouche. Tankou gid ou regle problem fwaye ou.
Saw dwe konnen de fanm sa nan jou madi ou souvan jwenn dantò, men samdi a se menm dantò sa ki transfome an mapiang bagay la bèl.
Mapiang, fanm sa cho kou dife li pa nan rans sou degre li ak bon règleman li, saw dil se sa.
Nan joul ou dwe di bilolo ak ayibbo.
Ki donk li frèt li cho li rada li petwo.
Map souvan di nou sa pa jwe ak divinite.Mètrès Èzili Mapyang
Mètrès Èzili Mapyang, manman ki bay lavi fanm vanyan ki kanpe devan tout matròn oubyen fanm chay ki la pou ede tout fanm akouche. Tankou gid ou regle problem fwaye ou.
Saw dwe konnen de fanm sa nan jou madi ou souvan jwenn dantò, men samdi a se menm dantò sa ki transfome an mapiang bagay la bèl.
Mapiang, fanm sa cho kou dife li pa nan rans sou degre li ak bon règleman li, saw dil se sa.
Nan joul ou dwe di bilolo ak ayibbo.
Ki donk li frèt li cho li rada li petwo.
Map souvan di nou sa pa jwe ak divinite.Sa nou dwe konnen.
Gen yon seri de lwa toujou bat pou n pa annafè ak yo.
☆Tankou Marasa yo.
☆Kouzen zaka pa ale nan djakout li an.
☆Bosou.
☆Èzili Dantò sa li menm lè w annafè avè l depi w dòmi l ap vin fè w wè l k ap ba w do, oubyen k ap tchuipe w li pap vle pale avè w.Èzili Towo.
Gen yon zanmi ki te di m fè yon ti pale de èzili Towo ebyen tèks sa se pou ou.
Èzili Towo se yon Gad. Sa vle di pou sèvi avè l fòk ou jouke l sou kondisyon w.
Ou jwenn li sou rit kongo savann nan. Ou jwenn li nan eskòt lwa Towo yo, tankou Towo Dichèn, Towo Migèl, elatriye...
Èzili Towo se yon gad ki trè vyolan. Li se yon espri ki sovaj anpil, anpil.
Li manje bèf menm jan ak Bosou, menm jan ak Towo Dichèn.
Li manje kochon tou.
Li pwoteje moun li mache avè l anpil, anpil. Li se yon gad pwotektris menm jan ak Boran.
Anpil fwa nou konn tande chan ki di, towo m towo èzili m'ap begle eya san pale. Gen moun ki konn panse se boran, epoutan se èzili Towo.
Ou pa jwenn li nan tout lakou.
Gen kote yo ba l pote rad wouj e nwa. Gen kote tou se wouj ak vè.
Kote ou jwenn Towo Dichèn ap manifèste ou ka jwenn li la tou.
Li begle anpil, anpil, tankou se yon towo bèf. Li Begle tankou Bosou.
Li prèske manifeste menm jan ak Boran. Li met sigarèt nan zòrèy li menm jan ak boran. Li voye kout tèt, li Begle menm jan ak Bosou.
Se yon espri toupwisan. Li fè bon espedisyon, li bay bòlèt, li wè klè, li bay lajan, li bay richès, li fè gwo kontra, li fè gwo trètman maladi.
Men se yon espri anpil moun krent, menm jan yo krent Marinèt pye sèch.
Se pa sèl Marinèt ki vyolan nan lwa fanm yo, gen èzili kanyikan tou ki pa nan rans tou. Ann kite sa la pou aprè.
Èzil Towo, Se yon espri ki pa pran defi, li bay kou li pare kou pou sèvitè l.
Li se yon gad ki bay gwo pwen, tankou pwen pa pran nan bal. Li bay pwen Cho. Gen moun ki pran gwo kondisyon avè l.
Li se yon rèn.
W'ap jwenn li nan rit zandò a, ou jwenn li nan sosyete sekrèt yo tou.
Li se yon espri ki pa jwe. Moun ki sèvi avè l si moun sa konnen kòman pou l monte regleman l l'ap fè gran eksplwa ak espri sa.
Se yon espri ou jwenn anpil nan nò peyi a.
Men atansyon, li konn manje kabrit 2 pye tou wi.
Si ou fè erè nan kondisyon l se ou k'ap wè l.
Li bwè diven, li bwè kleren, li bwè tranpe.
Li bwè nan zòrèy oubyen nan bouch, li pa rete ak moun.
Lè l'ap manifèste se gwo deblozay.
Si yon moun t'a eseye sonde w nan regleman chanpwèl l'ap parèt.
Èzili Towo se yon gwo gwo lwa. Si ou genyen l nan bitasyon w li ka ede w anpil, men se konsa li danje pi mal ke Bosou, pi mal ke Marinèt...Kounye a m pral ba nou diferans koulè pyè yo ak ki espri yo asosye nan vodou a.
☆Lè bag la se pyè wouj li gen sou li, Moun sa fè alyans ak Ogou.
☆Lè bag la se pyè ble fonse a li gen sou li, Moun sa fè alyans ak Èzili Dantò.
☆Lè bag la se pyè ble pal la li gen sou li, Moun sa gen rapò ak lasirèn, filomiz, agwe.
☆Lè bag la se pyè nwa li gen sou li, Moun sa fè alyans ak espri mò yo, Tankou brav gede.
☆Lè bag la se pyè blan li gen sou li, Moun sa fè alyans ak espÈzili Je wouj
Èzili Je wouj sòti anndan rit petwo a, li sou 3e dimansyon nan estòk lwa Ezili yo.
Li sou dimansyon gad.
Nou gen Èzili Dantò ki se Rèn, Mètrès nan estòk Èzili yo. Li menm li sou dimansyon lwa sèlman sa vle di pou travay avè l ou pap bezwen jouke l.
Èzili boran sou 2ème dimansyon estòk Èzili a, li menm li sou dimansyon lwa e gad, sa vle di pou travay avè l fòk ou jouke l.
Èzili je wouj se yon espri lè l desann ki brigan anpil, li tankou ogou paske depi l desann se ak kouto l li annafè, e nan jouk kote w jouke l ou sipoze mete yon kouto manch fè ak yon kouto manch bwa pou li.
Li manje diri kole ak pwa nwa ou pwa wouj, wonn kou kochon, li manje tchaka tou lè w ap jouke l ou sipoze fè tchaka pou li, men ou sipoze mete 4 pye kochon an, nen kochon an, zòrèy kochon an, san kochon gen yon travay w ap fè avè l nan jouk la sa ki dwe rete kòm sekrè, men tout moun k ap jouke l ap konn kisa pou yo fè ak san. Li bwè diven wouj, men si se sou rit bitasyon w ou ka ba li kola wouj.
Koulè li se wouj, men si w ap jouke l se wouj e nwa w ap ba l pote menm jan ak bosou, Sousou, Lenglensou, Towo kriminèl, Djab an dèy elatriyeri dlo yo.Nan eskòt lwa zili a, tankou Èzili dantò, èzili boran, èzili 7 kout kouto, ezili mapyang, balyang ezili je wouj se petwo.
-Grann ezili.
-Ezili freda.
-Manbo filomiz.
-Manbo lovana.
-Anayiz.
Yo se Rada.Èzili Boran
Èzili Boran se yon lwa ki soti Dawomen, w ap jwenn li plis Okap ayisyen nan zòn ba Lenbe. Li fè pati eskòt lwa Èzili yo. Li manifeste sou fòm yon gwo koulèv, koulèv sa rele boa.
Nan nò li komande prèske tout lakou.
Bohan siyifi pisans ak respè.
Li se yon lwa ki frajil e danje anpil, anpil.
Se yon espri w ap jwenn li sou dimansyon Gad sa vle di li pwoteje. Se yon lwa ou ka itilize l' pou batay, lagè, vanjans ak pwoteksyon. Li pwoteje fanm ak ti moun.
Koulè mouchwa li se ble wayal e wouj, li asosye l ak manzè Filomiz, Èzili Dantò ak ogou feray.
Li bay chans ak sèvitè l e li pwoteje yo.
Ou k'a itilize l pou retire giyon, malchans, move je, djòk, ou ka mete arèt avè l tou pou pa pran nan mal chans.
Li fè anpil gwo trètman sitou lè yo vann ou nan Sampwèl ak bizango.
Pou travay avè l fòk ou jouke l sou kondisyon w paske li frajil anpil. Lwa sa pa jwe ditou.
Yo venere l jou Mèkrèdi ak samdi.
Li bwè diven, li bwè boutèy tranpe tou.
Boutèy pou Boran:
w'ap fè boutèy li ak yon anana, wap achte anana ak yon divin rouj, ti piti yo, pou boran ak yon balèn ble wa, wap prezante li 4 fasad ak balèn nan, wap kite li fè 17 jou lap vin pouri nèt epi wap kale l mete nan yon gro boutèy epi wap vide divin an sou li. Balèn ble a ap fini, lè wap fè boutèy la wap limen yon balèn pou pa fè l nan fè nwa, epi w'ap mare mouchwa ble wa la dan ok pa kite moun manyen l si se pa ou ki voye moun an ok. Epi ba l' pafen.
Atansyon: Gen de fwa tou espri a ka vin di w' kòman li vle boutèy li.
Li sèvi ak Florida.
Li sou dimansyon dife.
Rit li se petwo.
Lè li dedouble li manje boutèy, li danse sou boutèy, li mache sou boutèy menm jan ak Lenglensou. Li bwè Florida tou lè li dedouble.
Li sèvi ak drag, drag la sanble ponya, lè li dedouble li sèvi ak manchèt tou.
Gen bitasyon yo konn ba l pote mouchwa nwa.
Bag boran se yon bag ajan pyè ble wayal.
Pa bliye chak bitasyon gen pwòp prensip pa yo.
Li manje menm jan ak dantò, lanp li fèt menm jan ak dantò, pa bliye se yon dimansyon li ye nan dantò, men li devlope pwòp karakteristik pa l ki fè li diferan.
Svp se pa li menm ki Èzili Dantò a
Comentarios
Publicar un comentario