Vodou pa guin DOGM e li pa yon DOKTRIN , en bon kreyol li pa yon relijyon jan kek moun ki KWÈ ET RETÈ a loksidan konpran li yan. Relijyon vle di (marè tout moun ansamb )
Li soti nan mot Latin RELIGARE ki egal ak attacher et amarer, c moun ki KREYÉ relijyon et se moun ki KREYÉ Dye e objektif yo se te fè tout moun panse menm jan
E se pa San REZON ke Blan yo t asosye non relijyon yo ak yon peyi ::: sete ; eglise katolik apostolik romaine
Katolik vle di universel et Rome se t yon empire ki tap sousè , dominè et matirize tout peyi ke li t konki militèman
Oubyen ou t kretyen oubyen ou mouri ,
Depi tout moun panse menm jan sa vle di yo se mouton , tout mare ak menm kod ki pou rann yo enbesil e sòt , yo enkapab pans pa yo menm .
Vodou se spirityalite , li anndan ou , se yon apèl , yon vodouyizan se yon eli . Yon chwazi e yon moun espri zansèt yo.
Vodou pa la poul defini Kouman e kijan tout lakou , tout inisye et tout Bitasyon dwe sèvi e se pou sa yo di / tout Manbo , tout ougan e tout anperè granmoun nan gouvènman yo .
Men sa pa ta dwe empeche yo met tet ansamb pou bien peyi a et sitwayen yo
Nan vodou pa gen sen (saint) e lwa pap janm sen (saint)
Boukman t dil jete tout potrè Dye Blan
Vodou paka gen yon rituel inik, nan vodou nou pa chante mès ,objektif nou se pa pou domine
Anpil moun toujou ap mande poukisa nou pa gin liv sakre , nou respekte kosmos la , et nou paka ap ekri manti menm jan ak sa ki gen nan Koran nan bib ak nan tora , nan vodou nou envitew pou ka li tout sa ki andan ou , espri nan ou et ou se espri e ou se yon mosso nan kosmos la, e se pa San rezon gen lwa se nan zorey ou li pale , ou se li , li se ou
Vodou se chimen zansèt e chimen libète e se vodou ki pemèt ke nèg vin moun tout bon nan Je satan kretyen dyab Blan
Vodou pou tout tan gen tan
Eske gen sakrifis ak manje moun nan Vodou?
Nou pa fè sakrifis.
Lè nou ap fè fèt nou touye bèt ak plant pou nou bay tout moun manje.
• Avan nou menm nou manje nou retire
pa Lwa yo pou yo paske yo menm tou yo
manje. Sa yo manje nan manje a ou pa
wè li e yo pa deranje lè yo pran ladan l.
• Gen Lwa ki pa manje tout bagay, lè sa
ou dwe prepare manje a pa pou li jan li
renmen li an.
Nou pa manje moun non plis.
Menm lè te gen kèk tribi afriken ki te konn manje moun, bagay sa sispann lè yo rive Sendomeng. Sitou aprè seremoni Bwa kay Iman kote nou te mete baz Vodou nou gen la Jodi a, ki mete lavi devan.
Pouki yo di Vodou touye anpil moun?
Kòm Vodou se yon bagay anpil moun pa konprann e anpil moun pè aprann, yo lage anpil koze sou do li.
lapolis sispann fè ankèt depi li sispèk gen Vodou. Kifè depi yo bezwen la jistis bay vag, yo di se Vodou.
• Lè yo touye moun.
• Lè yo vole afè moun.
• Jou lapolis mete yon brigad « inisye
Vodou» andan li, bagay sa ap sispann.
Konsa tou, moun ki pa vle travay, ak moun ki fè erè nan lavi yo, chèche eskiz nan Vodou pou eksplike echèk yo. (Lwa toujou ap peze yo)
Genyen tou ki pran pòz se Lwa ki fè yo fè bagay dwòl, pran pòz yo ap sèvi Lwa pou yo fè mès yo.
Men tou lè ou se yon moun ki ap bay pwoblèm anpeche lavi mache, yo ka pote plent pou ou. Lè sa lavi ka chwazi kite w.
L'HISTOIRE du VODOUN*
Le vodoun est une religion animiste pratiquée principalement en Afrique de l'Ouest, notamment au Bénin, au Togo et en Haïti. Elle a des racines qui remontent à l'Afrique précoloniale et a été influencée par des croyances et des pratiques provenant d'autres cultures, en particulier la culture catholique et la culture afro-brésilienne.
Le vodoun repose sur la croyance en un grand nombre de divinités, appelées loa, qui sont vénérées par les fidèles. Chaque loa a ses propres attributs, domaines de compétence et rituels associés. Les fidèles croient que les loa peuvent être invoqués et honorés lors de cérémonies rituelles appelées fêtes vodoun.
Le vodoun a également été influencé par l'esclavage et la colonisation, et a été persécuté dans certains endroits en raison de ses pratiques et de ses croyances considérées comme étranges ou païennes par les colonisateurs. Cependant, malgré ces persécutions, le vodoun est toujours pratiqué de nos jours par de nombreuses personnes en Afrique de l'Ouest et en Haïti, où il est reconnu comme une religion officielle.
Kisa mo vodou a siyifi?
Mo vodou a siyifi " Espri, dye, Mistè, sa m pa wè yo.
Kisa k pral fè vodou a kite afrik pou vin ateri an amerik, espesyalman Ayiti?
Vodou a pral kite afrik pou vin an amerik se Akoz esklavaj, kote yon ekip ewopeyen debake an afrik yo pran yon pakèt nèg nwa ak fanm nwa, yo mete chenn nan pye yo, yo anbake yo nan yon bato ki te rele " Negriye" yo vin debake yo ayiti pou vin sèvi tankou esklav, men lè sa peyi a pa t rele Ayiti.
Kòm se pa listwa nou vin fè ann antre nan sijè prensipal la.
nan vodou a nou gen pwòp langaj pa nou m pral pataje kèk avèk nou epi fason nou salye frè nou yo kòm nou venere Yon lwa chak jou nan semèn nan pafwa nou itilize menm langaj lwa sa yo pou n salye youn ak lòt nan jou sa a lendi( jou lèmò ak marasa) ayibobo ou kwasenbo✝️ madi (jou mètrès èzili dantò) bilolo mèkredi (jou ogou yo) awochenago jedi (jou erzulie fréda Dahomey) ayibobo vandredi (jou kouzen zaka) alaso kouzen alaso kouzin alaso minis bon enèji zaka samdi (jou bawon yo ak dantò) bilolo pou dantò kwasenbo pou tout eskòt gede yo (bawon)si w ap mete yo nan Yon fòm kontrakte wap di (bilo -kwa)dimanch (jou damballah wèdo e ayida wèdo) ayibobo Nb nou di ayibobo tout tan paske avèk mo sa a nou di nou dakò ak Yon bagay epi nou bay lwa yo gwa avèk li epi pou tijan petwo jou l se menm jou a dantò nou di asawo pou li lot fason nou salye moun ankò se amwalaye savalouwe lizay hotep (se Yon mo ansyen ejip)li vle di sa w di a se sa mwen satisfè lapè avè w ale anpè (pou yon moun ki mouri)nou itilize l pou n salye moun tou tankou ayibobo afriken yo itilize mo hotep la anpil nan maten nou diw bon sole bon solèy nan midi nou diw bon solèy cho bon midi nan aswè nou diw bon mawou bon mawou lisa bon lanjelis sa se bagay katolik bon lalin sòti depi nan 21 novanb pou rive nan 21 janvye nou diw bon makaya jwaye makaya ( nou pa fete nwèl nou fete makaya) pou anivèsè nou di bon rekòt kafe bon konba paske lavi a se Yon konba li ye nou pa di batèm nou di andoye nou rele lot moun yo konpè kòmè bèl gason bèl nègès fanm vanyan gason vanyan nou rele timoun yo tyovi ti lèzany kòm nan vodou a yo plis pale de petro pou lwa cho yo tankou (dantò ogou bawon elatriye) epi rada pou lwa dlo yo oubyen lwa blan jan konn di a nan kèk zòn (ki se freda damballah agwe elatriye)jou nou venere lwa cho yo nou di bon enèji petwo jou lwa rada yo nou di Bon enèji rada nap travail sous koze vodou.
4fòm vodou yo pratike an ayiti* èske,w te konnen gen 4 fòm vodou ki pratike an ayiti ann al gade 1 vodou lakou kote chak lakou gen fòm espirityalite pa,l prensip pa,l 2 vodou makousen se yon vodou ki pratike kay moun ki pa deside ou byen ki poko inisye nan vodou ki gen fason yo fè vodou yo e yo gen fòm espirityalite pa yo prensip pa yo 3 vodou iniyatik se vodou ki pratike kay moun ki chwazi ou resevwa apèl pou kanzo e resevwa ason ki se konesans ak pouvwa an menm tan yo gen fòm espirityalite pa yo prensip pa yo 4 vodou sosyete sekrè yo rele yo tou sèk wouj ki se koze tankou sosyete kòporèl chanpwèl bizango zobop (makaya)etc yo gen fòm espirityalite pa yo prensip pa yo.
Vodou ayisyen an malgre senkretis,pa pedi mak orijin/ rasin li ki se Lafrik.Vodou ayisyen an se bwasaj / melanj plizyè kil/ tradisyon ansestral pami yo tradisyon ansestral Wayom Dawomen ak Alada...Plizyè mo ke nou jwenn nan chan vodou ayisyen apiye sa : Lafrik Ginen, Alada, Dawomen, nèg Nago, Ibo, elatriye...
1) Lè yo di Lafrik Ginen ou Ginen se yon tèm kolektif pou pale de tout orijin kote zansèt yo te soti (Dawomen, Nago, Bantu/kongo, Ibo , Banbara,Mandeng elatriye).
2) Alada fonde pa Adjahountò se yon vil nan sid peyi Benen(ansyen Dawome). Selon istwa , rwa Adjahountò ak patizan l yo te anvayi zòn sa e pral fonde Wayom Alada nan peryòd 16 zyèm syèk. De (2) syèk apre , Alada pral anvayi pa Wayom Dawome an. Apati de la , Alada ak Dawome pral makonnen...
Alada konsidere kòm youn nan bèso enpòtan vodoun lan e youn nan zòn kote yo te pran zansèt yo pou vinn redwi yo nan esklavaj nan koloni Sendomeng lan.
Nan chan vodou ayisyen an, Alada vinn pran yon pòte de memwa istorik e senbolik. A chak fwa nou di Alada, se yon rapèl istorik de orijin ansestral nou e senbolikman de koneksyon metafizik avèk lespri zansèt yo...
"Sevele rele sevele 🎶
Alada nou tout sèvi lwa
Rele lwa yo
Lavi an nou bèl 🎶
Nan men Bondye li ye 🥁🥁
" Zanfan Lafrik yo nou soti lwen e
Depi nan Ginen nou tout kangoule"
Kredi 📸 : entènèt/ Google.
m pral fè yon ti pale nou de vodou a.
Kisa li ye?
Ki kote l sòti?
Kisa ki yon vèvè?
Konbyen lwa ki genyen?
Konbyen Nanchon vodou a genyen?
Kisa vodou a ye?
Nenpòt moun ki monte sou wikipedya depi w tape " Vodou"
Y ap di w vodou a se yon relijyon ki sòti nam wayòm Dawome ki se aktyèl peyi bénin.
Wi, Vrèman vodou a pran nesans nan tè afrik nan ansyen wayòm Dawome ki vin peyi bénin kounye a.
Pou vodou a tale pram nesans nan wayòm Dawome se plizyè gwoup moun ak plizyè pèp ki ta pral regwoupe yo ansanm pou te bay vodou a nesans, tankou nou jwenn: Yoruba, Fon, Gouns, Ewe ki fòme gwoup sa yo nan Pèp ki rele " Adja".
Gwoup moun sa yo te konn pratike sa yo rele " Animisme". Ki vle di nan chak sa ki egziste nan lanati gen espri ladan l, gen yon dye ladan l, tankou pye bwa yo, dlo, wòch, van, dife, se ansanm pratik sa yo ki pral melanje ki pral bay vodou a nesans nan tè afrik.
E mo vodou a ki kote l sòti?
Mo vodou a sòti nan yon tèm ki se " Vodoun" Ki se yon mo nou jwenn nan lang youn nan gwoup moun sa yo m sot site la ki se "Fon" yo.
Ki donk vodoun nan sòti nan lang fon.
Lè ewopeyen yo te debake an afrik, espesyalman fransè yo li te difisil pou yo te kenbe mo "Vodoun" nan se vodou yo te plis kenbe.
Li pral chanje sivan rejyon an.
Tankou:
Nan peyi bénin yo kenbe Vodoun
Nan peyi Togo yo kenbe vodou
Nan peyi Ayiti yo kenbe Vaudou
Nan peyi etazini yo kenbe Voodoo.
Kisa mo vodou a siyifi?
Mo vodou a siyifi " Espri, dye, Mistè, sa m pa wè yo.
Kisa k pral fè vodou a kite afrik pou vin ateri an amerik, espesyalman Ayiti?
Vodou a pral kite afrik pou vin an amerik se Akoz esklavaj, kote yon ekip ewopeyen debake an afrik yo pran yon pakèt nèg nwa ak fanm nwa, yo mete chenn nan pye yo, yo anbake yo nan yon bato ki te rele " Negriye" yo vin debake yo ayiti pou vin sèvi tankou esklav, men lè sa peyi a pa t rele Ayiti.
Kòm se pa listwa nou vin fè ann antre nan sijè prensipal la.
4 avril 2003 sou gouvènans Jean Bertrand Aristide genyon arete ki te pibliye nan jounal Monitè peyi a, kote nan arete sa vodou a vin yon relijyon ofisyèl nan peyi a, nan atik 5 arete sa li bay prèt vodou yo dwa kote yo kapab fè maryaj, antèman, batèm san pwoblèm.
Nan peyi bénin tou yo rekonèt vodou a kòm yon relijyon animis, kote chak 10 janvye nan peyi bénin se fèt nasyonal vodou.
Pou anpil lòt moun yo pa konsidere vodou a kòm yon relijyon, moum sa yo plis wè vodou a kòm yon tradisyon, yon mòd de vi.
Genyon lòt gwoup moun ki konprann vodou a kòm yon "Syncrétisme" ki vle di li pran yon ti pati nan Plizyè relijyon.
Selon Marx Bauvoir ki se yon gran prèt vodou malerezman ki travèse nan peyi alada.
Li di: Vodou a se yon relijyon, paske li relye moun avèk bondye.
Selon Erold Josué
Li di: Vodou a se yon mòd de vi, vodou plis ke yon relijyon, anndan mòd de vi a gen relijye ladan l.
Kisa ki dye vodouyizan yo?
Pou Yoruba yo rele dye a " Olodumare ou olorun" se li ki mèt syèl la, men pa gen okenn moun ki kapab gen aksè ak li dirèk, si w bezwen pale ak dye sa wap oblije pase pa lòt antite, lòt espri ki an kontak ak lòm, yo rele lòt espri sa yo " ORISHA.
Pou pèp "EWE" a avèk "FON" dye pa yo a rele " Mawu" se li menm ki kreye mond lan.
Rive sou zile Dayiti a dye sa yo pral chanje non tankou "Olodumare ou Olorun" nan pral rele " Gran mèt, Bondye, gen kèk rejyon yo toujou kenbe "Olorun" nan.
Pou vodouyizan yo pa gen moun ki ka pale ak dye sa, e se la yo pral vini ak mo "Lwa", se yo ki reprezante dye sa, yo nan tout sa ki egziste nan lanati tankou pye bwa yo, sous dlo yo, van, dife, tè a.
Toujou pou vodouyizan yo chak lwa yo genyon misyon.
Legba se li menm kap ouvri baryè.
Kouzen zaka se lwa agrikilti
Ogou se lwa lagè
Ezili Freda se lwa lanmou.
Èzili Dantò se lwa ki la pou pwoteje fanm ak timoun.
Danmbala se lwa konesans ak sajès. Etc...
Comentarios
Publicar un comentario