Manman Jimo
Manman Jimo
Manman Jimo se Yon Lwa nou manke onore nan Vodou an se paske nou pa konn enpòtans li ase.
Lontan lè Yon Moun fè Yon Jimo oubyen Yon jimèl oubyen Marasa ou konn tande yo di w moun sa gen chay li pou l pote .
Se pa san rezon Manman nati an chwazi w pou w vin manman Jimo oubyen papa Jimo, dèske ou gen yon Jimo, jimèl ou Marasa nan fanmiy ou ebyen ou se yon moun apa ke nati an chwazi pou w egzekite yon misyon byen detèmine sou manman tè a .
Yon Jimo se 2 Gason , Yon jimèl se 2 fi , yon Marasa se yon fi ak yon gason, li konn jimo 2 Jimo 3 Jimo 4 , li konn jimèl 2 jimèl 3 a kontinye e menm fason pou Marasa yo tou, li konn Marasa 2 Marasa 3 Marasa 4 tou, Dosa se fi ki fèt aprè Jimo ou Marasa ou jimèl yo, Dosou se Gason ki fèt aprè yo.
Lè w anfante Marasa se Yon kontra ou aksepte siyen ak manman nati an depi nan envizib pou w vin bay yon maryaj de vi ak espwa nan kominote kote wap viv la.
Nan nenpòt peyi oubyen kominote wap viv depi genyen yon pòtre Marasa ki pran nesans ebyen se yon nouvèl ki anonse e si genyen konosò nan zòn nan yap esplike ou sa pi byen .
Manman Jimo nan Vodou Ayisyen an se yon Lwa yo onore avèk Jimo, Marasa e Dosou, Dosa yo, yo se yon seri de Lwa ki gen anpil enèji e se yo sèlman ki ka ba ou pi vrè koneksyon ak Mawu e Lissa .
Koulè Manman Jimo se Blan, nwa ak wouj grena selon bitasyon ou.
Ofrand a Manman Jimo se viv tankou manyòk, patat yanm elatriye, kafe anmè, kafe dou ak dlo kann, diri ak pwa melanje, poul nwa, kòk blan, poul frize, kokoye ole , labouyi lanmidon manyòk, pendou, veso pou w depoze yo se panye banbou oubyen jebichèt.
Jou ou ka plis onore li se Lendi ak Vandredi.
Tout sa nou di la yo depann de prensip bitasyon ou.
Comentarios
Publicar un comentario