Gede yo

 Lwa GUEDE yo bon anpil nan 4 bagay: 


1- Yo konn fè gerizon byen

4-Yo bay pwoteksyon

2-Yo renmen kreye konfli

3-Yo renmen gaye wonn

Gede an rele lèzòm "vèditè"...

"Gede" = nan lang gbè, vle di bagay ke ou mete nan tè an, sa w antere oubyen sa w plante an.

"Gidi" = se vèb "remuer", tankou lè peyizan ap itilize bèf chawa pou bwase tè an avan li plante.

"Gedevi" = Sifiks "Vi" an, se mo pou deziyen pitit, timoun tankou lè nou di (Djòvi). Se mo pou di boujon, sak soti nan tè an apre ou fin antere  you grenn.

Tè an se you platfòm enèjetik nou konekte ak li an toutan. Kidonk, toujou gen koneksyon ant noumenm ak sila yo ki depoze enèji yo nan tè an.

GEDE" 


1- Gede Nibo 

2- Gede fouille

3- Gede loray

4- Papa Gede 

5- Gede Ti Malice 

6- GEDE Plimay

7- GEDE MOYIS ANDEZO

8- BRAV GEDE 

9- GEDE ZARIYEN

10- KAPTÈN SENBO LA KWA

11- KAPTÈN ZONBI

12- BRAV GEDE NIBO 

13 GEDE LENSOU 

14- GEDE LENSOU KADYA

15- GEDE PIKAN

16- RANMASÈ LA KWA

17- GEDE WONSOU MAZAKA

18- GEDE NOU VA NOU

19- RATALON LA KWA

20- SENFÒ WEYE

21- TRASE FOUYE LA KWA

22- GEDE LENTO FÈ

23- GEDE MANMAN TRAVO

24- TI BRAV GEDE 

25- GEDE VILÈWO

26- GEDE TIPIS LA KWA

27- JIPITÈ LA KWA

28- GEDE 3 FAS LA KWA

29- KITA LA KWA

30- GEDE PIN NAN TCHYOU

31- ANRIYAN LA KWA

32- BWA LENDENG LA KWA

33- GEDE CHEF A KÈK 

34- GEDE PIKAN

35- GEDE JAN MENSOU

36- SEN FÒ YAWE

37- ZÈL LA KWA

38- MÈT LA KWA

39- TICHAL LA KWA.*


Eskot Gede yo 🖤🎩💜🎩🖤🎩💜🎩🖤 


Guede se fanmi loa ki enkòpore pouvwa mòtalite ak fètilite, nesans ak lanmò. Espri Guede tankou Guede-Double, Guede-Linto, Guede L'Orage, Guede Nibo, ak Guede Ti Malice... yo tout konnen pou ritm tanbou ak dans yo rele "banda". Nan posesyon yo, yo bwè ak fwote ko yo ak yon melanj de clairin (wonm anvan tout koreksyon) ak scotch bonnet oswa piman kabrit. Fête Guede selebre 2 Novanm, Jounen Tout nanm ("Festival moun ki mouri yo"). Yo ede Papa Guede pote nanm mò yo al nan Ginen, oswa nan monn aprelavi-a. Papa Guede se lespri kadav premye moun ki te mouri sou tè a, malgre neg ka gen plizyè non men se yon sèl lespri pou tout moun. Papa Guede ret ap tann nan kafou pou pran nanm ki te travèse yo ke guede mennen nan Ginen. Papa Guede gen yon kapasite diven pou li lespri moun, ak kapasite pou konnen tout sa k ap pase nan mond vivan yo ak pa mò yo. 


Kòm Gad Lanmò ak Fètilite, Simityè ak Kalfou, Papa Ghede manifeste tou kòm Baron, yon lot nan Loa (Lespri) ki pi enpòtan nan Vodou ayisyen an ak Nouvo Monn lan. Li pap kite yon moun mouri san lè'l pa ko rive ni'l pap kite yon moun viv apre tan'l. Pèsonn pa ka mouri si Papa guede refize otorize mennen lespri a lòt bò ni pesonn pap viv si Baron di tan'l expire sou te-a. Kòm papa tout Gede, madanm li, Grann Brijit rekonèt kòm manman an. Gen kèk nan manifestasyon li yo ke yo rekonèt kòm Baron Lacroix (Chèf Kafou); an koneksyon avèk kwa tonm. Baron Samedi (Chèf Samdi), Baron Kriminèl (Chèf Kriminèl), ak Baron Simityè (Chèf Simityè.) Li se Avoka Siprèm nan ki kominike ak Kreyatè Siprèm nan dirèk. Bay li tout plent ou, epi li pral fè yon jijman jis. Anplis de sa, li se loa rezirèksyon an, ak nan dènye kapasite a, yo souvan rele l pou gerizon ak antrans pa moun ki toupre oswa k'ap apwoche lanmò, paske se sèlman Baron an ki ka aksepte yon moun nan domèn pa mò yo. 


Anjeneral, Baron parèt ak yon chapo fon nwa, yon tailcoat nwa, linèt nwa, ak bouchon koton nan twou nen'l kòmsi'l sanble ak yon kadav abiye ki prepare pou antèman nan style ayisyen an. Li souvan reprezante kòm yon eskèlèt epi li pale ak yon vwa nan nen. Ansyen Prezidan-pou-Lavi Ayiti, François Duvalier, ke yo rele Papa Doc, te modelize kil pèsonalite li sou Baron; yo te souvan wè li pale nan yon ton nan nen, e souvan abiye menmjan ak baron. 

Premye gason ki te antere nan yon simityè ayisyen rele Baron Simityè e li vin chèf simityè sa a. Moun antere lèt ak non devan tonm sa yo, boule bouji, fè maji epi vide alkòl... Menm fè ti ofrann manje nan Kalbas (Calabash). Kòm chèf lanmò, li abitye ak tout kalite lanmò. Sa ki gen anpil san koule enkli; se poutèt sa, byenke yo konsidere li kòm Lespri lanmò a, ki anjeneral reprezante fènwa, li pa gen okenn pwoblèm pou itilize wouj, se pousa ou kab wè'l ak yon vès wouj anba Tailcoat li. 


Baron pase pi fò nan tan li nan (Ginen), domèn envizib ak diven nan lespri Vodou-a. Li renmen eksprime tèt li lib, fimen siga ak bwè rhum. Anjeneral, w'ap kab jwenn Baron nan kalfou ant monn lanmò ak monn vivan yo. Lè yon moun mouri, li aksepte kadav la nan kavo a epi li salye nanm nan nan Ginen apre'l fin travèse.

KWA SENGBO✝️ KWA SENGBO✝️ KWA SENGBO 🎩


Comentarios