Chanpwèl

 Kisa ki chanpwèl ?

Lè blan yo tap bwote esklav yo sòti an Afrik, se pa tout ki 

te nèg dousman. Genyen ladan yo ki te lwijanboje, nèg danje ki pat 

jwe. Lè nèg sa yo rive Ayiti, yo pat rete esklav twò lontan. Byen vit 

yo te jete yo nan mòn kote yo te jwenn ak yon ekip endyen endijèn 

ki yo menm tou pat nan rans. Listwa rele nèg sa yo « mawon ». De 

nan pi gwo chèf nou konnen, te rele Makandal ak Byasou.

Pou yo te ka goumen ak kolon blan yo, mawon yo te 

òganize tèt yo an gwoup nou vin rele sosyete. Pou sekirite sosyete 

yo ak moun ki te fè pati yo, yo te fonksyone anba anba, se pou tèt 

sa yo pote non « sosyete sekrèt », nou pito rele yo sosyete sakre. Yo 

pote plizyè non tankou « chanpwèl, Bizango, vlenbendeng, konvre, 

zobop» elatriye.

Sosyete sa yo te goumen tout vis tout kondisyon.

a. Taktik geriya yo aprann nan men 

endyen yo.

b. Fèy nan bwa pou yo fè pwazon ak 

gerizon.

c. Bèt sovaj yo te drese pou atake blan yo.

d. Taktik sikolojik pou yo fè blan yo pè epi 

kouri.

a. Krim ak asasina espektakilè. 

b. Egzaksyon, kadejak sou blan ak 

pitit yo.

c. Zak estraòdinè blan yo pat ka 

eksplike.

e. Tout kalite maji.

a. Yo te melanje maji endyen yo ak 

maji Afrik ki te fè yo vin fò anpil.

i. Yo te reyisi jwenn anpil 

sekrè, nou pa gen dwa 

eksplike la aNou ka konsidere sosyete sa yo tankou kòmando sekrè 

tout lame modèn genyen kounye a. Se domaj lame oubyen lapolis 

lakay pat rive jwenn yon jan pou itilize yo. Jis kounye a, menm lè 

lagè fini, sosyete sa yo la toujou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka