Bouchon diven
Eskew te konen bouchon diven 🍷 gen yon gwo fòs espirityèl ladanl? Ak bwa yo fè bouchon sa rele Chêne-Liège, nom scientifique li Quercus Suber. Siw pat konen sa map fè’w konen lèw gen yon liège nan pòch ou ,Oubyen nan valiz ou ,devan machin ou ,devan motow ,gen kèk danje li ka epanye pou wou nenpot kotel ta soti a.
Li eficaz kont tout vye atak espirityèl ak danje .Li difisil pou yon malfektè ta fèw mal depi liège la sou wou.
Sitou siw se yon moun ki konn mache byen ta ak moun ki toujou dèyè yon volan.
Pa jete liège la ,konsèvel.
Comentarios
Publicar un comentario