Bab Mayi

 BAB MAYI: Gwo Bout Remèd. 


Kreyòl: Bab, Plim Mayi 

Panyòl: Barba De Elote 

Anglè: Corn Silk 


Sispann jete "bab mayi" yo lè n ap bouyi ou boukannen mayi. Retire yo sere yon kote, se yon gwo remèd. Moun ki konnen se achte yo achte sa. Vin aprann kèk ti koze sou mirak bab mayi a ka fè nan kò w espestalman pou cheve w. 


Jan nou wè bab mayi a sanble ak cheve a se konsa l bon pou cheve: repare domaj/chit, fè l parèt lis/swa etsetera. Men se pa yon vye pay li ye non. Se yon plant mirak. Se yon fib ki gen anpil avantaj, li chaje ak vitamin C, K, stigmastewòl ak sitostewòl, elatriye. Li genyen tou  beta-kawotèn, riboflavin, mantòl, timòl, selenyòm, nyasin, ak limonèn, ak kèk lòt bon nitriyan. 


Youn nan fason ki pi efikas pou itilize l se fè te ak li, sitou enfizyon (toufe/chode) oswa dekoksyon (bouyi pou 5-7 min). Pou ba l ti gou ou ka prije yon bò sitwon ladan l, ou ti siwomyèl òganik. Ou ka mete l nan yon bokal an vè, byen bouche l, epi pase l solèy pou yon bout jounen, apre sa mete l anndan kay la, ou ka sikre l ak siwomyèl, bwè 2-3 tas pa jou. Pinga nou abize te sa. Te bab mayi a ede w konbat depresyon, li bon pou sante kè w, li ede desann kolestewòl wo ak tansyon wo; li ede nan trètman maladi sik; melanje l ak dèyè do oswa fèy chòche pou elimine pyè nan ren. 


Se yon gwo anti-oksidan, anti-enflamatwa, li fasilite sikilasyon san atravè kò a, li bon pou enflamasyon pwostat, elatriye. Li amelyore dijesyon epi konbat obesite, moun ki vle kase vye grès yo. Se yon dyiretik, li ede flòch kò a byen sitou elimine vye sipli dlo nan kadav kò a. Sa k gen pou di sou plant sa nou p ap ka fini. 


Kont-endikasyon: pa konsome l ansanm ak medikaman kont sik ak tansyon; antikoragilan, si w ansent tou. Pinga bwè te sa two ta ou imedyatman anvan w kouche. 


Se youn nan te ki fasil pou fèt e nou ta dwe ajoute nan routin te n ap pran chak jou. Kò nou ap remèsye nou pou sa.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka